#konkou #kreyòl #kwaaze
hashtag ki montre kijan devlopman
ekonomik ka lye ak itilizasyon Kreyòl nan sosyete nou a
#ekonomiaanrichiavèkkreyòl
#konkou #kreyòl #kwaaze
hashtag ki montre kijan devlopman
ekonomik ka lye ak itilizasyon Kreyòl nan sosyete nou a
#ekonomiaanrichiavèkkreyòl
#konkou #kreyòl #kwaaze
kreyòl la ka kontribye nan bati yon kominote ki fò nan kapasite li pou pèmèt yon pi bon kominikasyon. Nan moman kriz, kote mesaj klè ak aksesib yo enpòtan anpil, kreyòl la sèvi kòm yon lang kout epi aksesib pou tout moun. Tout moun ka konprann yon mesaj epi reponn avèk yon sèl lang, sa ki ranfòse solidarite e ki evite konfizyon.
Epitou, efò gouvènman an pou devlope kreyòl la nan lekòl kreye yon baz solid kote tout jenerasyon ka aprann e grandi ansanm nan yon lang ki konsolide idantite nasyonal la. Ak liv edikatif an kreyòl, elèv yo ap santi yo plis konekte ak konesans yo, paske se nan lang yo grandi avè l yo y'ap aprann.
Akademi Kreyòl Ayisyen an (AKA) jwe yon wòl fondamantal nan devlopman sa a. Gras ak travay li pou estandadize kreyòl, pibliye resous tankou diksyonè ak gramè, AKA AP ede fè lang lan vin pi aksesib, pi konplè, epi plis itil pou tout Ayisyen. Angajman sa fè lang lan vin yon pati entegre nan lavi chak Ayisyen, kidonk, li pèmèt yo bati yon kominote solid kote tout moun ka mete tèt ansanm pou ranfòse peyi a.
Se konsa, atravè kreyòl, nou ka bati yon kominote ki gen yon identite fò ki pèmèt tout Ayisyen reyalize potansyèl yo nan tout nivo sosyete a.
Sous foto :Ayibopost
#jou6 #aktivite4
Jodi a lang kreyòl la kòmanse pran yon nivo ki wo, teknoloji a avanse anpil se moman pou nou pwofite bèl okazyon sa a, pou nou bati yon kominote ki fò, jodi a nou kapab reyini legliz , atis yo , pwofèsè , ak manb nan medya yo, fè pwomosyon lang kreyòl la ,kreye fasilite pou aprann lang kreyòl , kreye kontni nan lang kreyòl la, itilize lang kreyòl tout kote, Atis yo mizik n ap chante , elèv yo liv n ap li ,medya yo emisyon n ap fè, blogè ak enfliyansè yo tout kontni n ap pibliye dwe an kreyòl, epi swiv n ap sezi wè kòman chak grenn ayisyen ap kontan itilize lang li ak fyète nenpòt kote li rive sou planèt la ....
#konkou #kwaaze #kreyòl
Jou#6
enpòtans lidèchip kominotè nan pwomosyon lang kreyòl la
Lidèchip kominotè yo jwe yon wòl enpòtan nan pwomosyon lang kreyòl la , se yo k ap mennen kominote a, yo toujou gengen plis valè nan kominote a , tout moun toujou bezwen tande yo , lè se yo ki pase yon mesaj li genyen plis fòs pou l rive sou moun yo epi yo toujou genyen yon volonte ak detèminasyon .
Kominote a toujou ap tann ki desizyon y ap pran paske se yon gwo bwa yo ye nan kominote a . Se sak fè pwopaje lang kreyòl la vin plis fasil pou lidè yo fèl rive plis lwen epi plis vit nan zòrèy moun yo depi yo pase yon lòd majorite moun ap aplikel.
Tout sa k ap fèt nan kominote a se mo pa yo y ap tann , depi yo di tout fòmasyon, edikasyon kèlkeswa pou jèn , pou granmoun dwe fèt nan lang kreyòl la yo fini.
Yo se sèl moun ki genyen yon popilasyon k ap swiv epi kwè nan tout desizyon y ap pran , vwa yo rive lwen paske tout moun tout ap mande si lidè yo pat di anyen.
Yo gen yon gwo enfliyans sou kilti ak idantite kominote a depi yo vle yo kapab.
Jou6
Aktivite3
#hashtag
#ekonomiankreyòlavanse
Hashtag sa a montre kijan itilizasyon Kreyòl nan biznis ak pwogram devlopman ekonomik ka fasilite aksè ak enklizyon, ede kominike pi byen, epi ankouraje kwasans pou tout moun nan sosyete a.
#kreyòl #kwaaze #konkou
Jou6
Aktivite1
# Pòs
Lidèchip kominotè jwe yon wòl esansyèl nan pwomosyon lang Kreyòl la! Lè lidè kominotè yo chwazi pale, ekri, epi reprezante nan Kreyòl, yo fè yon jès ki ankouraje tout moun nan kominote a valorize lang lan. Sa ranfòse konesans, enklizyon, epi louvri opòtinite pou tout moun patisipe nan devlopman kominote a.
Kreyòl se plis pase yon mwayen kominikasyon, se yon zouti lidèchip ki pèmèt nou soti pi solid. Nou bezwen lidè ki angaje pou sèvi ak lang nou chak jou, pou n ka grandi ansanm ak idantite nou.
#lidèchipankreyòl
#kreyòlsefòsnou
#ankourajepwomosyonkreyòl
#kreyòl #kwaaze #konkou
#jou6 #aktivite2
M panse sa ka pran tan pou remake men pou mwen nan kesyon jwèt mo nan rap,rap kreyòl la pi alèz ke nenpòt lòt lang
#konkou #kwaaze #kreyòl #konpetisyon
Ekip pwobab Real Madrid la soti ! ⚽ Ou pare pou Klasiko a ? Ann swiv sa ak pasyon epi pataje prediksyon ou !
#klasiko2024 #realmadrid #magazinews"
Ekip pwobab Real Madrid la soti ! ⚽ Ou pare pou Klasiko a ? Ann swiv sa ak pasyon epi pataje prediksyon ou !
#klasiko2024 #realmadrid #magazinews"
Alexis Jacky
تبصرہ حذف کریں۔
کیا آپ واقعی اس تبصرہ کو حذف کرنا چاہتے ہیں؟
Dieuvela Aristhènes
تبصرہ حذف کریں۔
کیا آپ واقعی اس تبصرہ کو حذف کرنا چاہتے ہیں؟
Sylvy Helène
تبصرہ حذف کریں۔
کیا آپ واقعی اس تبصرہ کو حذف کرنا چاہتے ہیں؟