Ekip pwobab Real Madrid la soti ! ⚽ Ou pare pou Klasiko a ? Ann swiv sa ak pasyon epi pataje prediksyon ou !
#klasiko2024 #realmadrid #magazinews"
Ekip pwobab Real Madrid la soti ! ⚽ Ou pare pou Klasiko a ? Ann swiv sa ak pasyon epi pataje prediksyon ou !
#klasiko2024 #realmadrid #magazinews"
Aktivite #4 #jou6
#kwaaze
#konkou
#kontni
#kreyol
#pos
Kreyòl la se yon lang ki pa sèlman sèvi kòm yon mwayen kominikasyon, men li jwe yon wòl enpòtan nan bati yon kominote ki soudé. Premyerman, li kreye yon sans de idantik ak kilti pou moun ki pale li. Lè moun yo itilize kreyòl, yo pataje istwa, tradisyon, ak valè ki inifye yo, sa ki fè yo youn konprann lot, san diskriminasyon. Sak pi bèl la plis yap pale lang kreyol la lyen yo pi soude epi yo pataje ide sou rasin yo ak orijin yo.
Dezyèmman, kreyòl la fasilite kominikasyon ant moun ki soti nan diferan zòn ak nenpot nivo entèlektyel.Sa a pèmèt yon echanj ide ak eksperyans ki ka amelyore lavi chak jou. Nan yon kominote ki pale kreyòl, moun yo plis ouvè pou pataje resous, sipòte youn lòt san lobo, yo vin gen asirans pou youn konprann lot e travay ansanm sou pwoblèm ki afekte yo kotidyènman.
Finalman, kreyòl la ka sèvi kòm yon zouti pou edikasyon ak angajman sosyal, e pote chanjman pou jenerasyon kap vini .Lè moun yo aprann ak itilize lang lan nan lekòl, atelye, ak lòt aktivite sosyal , e relijye! Yo devlope konpetans ki ka ede yo nan lavi pwofesyonèl yo. Sa a kontribye nan yon kominote ki pa sèlman inifye, men ki tou dinamik ak pwoaktif.
An rezime, kreyòl la se yon sous fòs ki ede bati yon kominote ki soudé, ki pataje, ak ki angaje nan devlopman ansanm.
Westen ALEXIS (Weezy)MrWAW
#konkou #kreyòl #kwaaze
Lidèchip kominotè enpòtan pou pwomosyon lang kreyòl la. Lè nou ankouraje lidè nan kominote a pran pozisyon, nou bay lang nou yon vwa, yon platfòm pou elaji enfliyans li epi ranfòse l nan tout sektè. Lidè kominotè yo ka òganize aktivite edikatif, fòmasyon, ak konferans ki mete aksan sou valè ak itilite lang kreyòl nan kominikasyon, nan lekòl, nan legliz, ak nan espas travay. Avèk aksyon ak angajman lidè kominotè yo, lang kreyòl kapab jwenn pi plis respè e plis plas nan tout nivo sosyete a.
Sous foto: Rezo nodwès
#jou6 #hashtag
Aktivite3
Nou bezwen tout moun pou devlopman ekomik la, ak Hashtag sa n ap sansibilize tout moun ,yon peyi kote plis ke 11 milyon moun pale kreyòl #noutoutkaitil
#kwaaze #kreyòl
#jou6 #aktivite1
Pou nou rive ak yon rezilta ki pozitif e ki dirab nan pwomosyon n'ap fè pou lang kreyòl la,nou bezwen èd ak validasyon ministè ki fèt pou jere sa kidonk pou ministè sa a mache byen epi patisipe avèk konpetans,fòk li gen yon minis ki konnen e ki renmen sa l'ap fè a paske san yon lidè ageri ki konn jere domèn sa a,konba nou an sanse pèdi davans.
#konkou #kwaaze #kreyòl #konpetisyon