kwaaze.com kwaaze.com
    Advanced Search
  • Login
  • Register

  • Night mode
  • © 2026 kwaaze.com
    About • Directory • Contact Us • Developers • Privacy Policy • Terms of Use • Refund • Submit a Deletion Request

    Select Language

  • Arabic
  • Bengali
  • Chinese
  • Croatian
  • Danish
  • Dutch
  • English
  • Filipino
  • French
  • German
  • Haitian creole
  • Hebrew
  • Hindi
  • Indonesian
  • Italian
  • Japanese
  • Korean
  • Persian
  • Portuguese
  • Russian
  • Spanish
  • Swedish
  • Turkish
  • Urdu
  • Vietnamese

Watch

Watch Reels Movies

Events

Browse Events My events

Market

Latest Products

Pages

My Pages Liked Pages

More

Forum Explore Popular Posts Games Jobs Offers Fundings
Reels Watch Events Market My Pages See all

Discover posts

Posts

Users

Pages

Group

Market

Events

Games

Forum

Movies

Jobs

Fundings

Cyndia Vilgrain
Cyndia Vilgrain  changed his profile picture
2 yrs

image
Like
Comment
Share
Guyvenson Mike Gustave
Guyvenson Mike Gustave  
2 yrs

#jou4 #aktivite1
Lang kreyòl se yon pwodwi melanj istorik ak kiltirèl ki sòti nan peryòd esklavaj la, e li gen rasin nan lang Afriken ak Ewopeyen, sitou franse. Li te pran nesans li nan koloni tankou Ayiti nan fen 17yèm syèk la, kote plizyè gwoup etnik Afriken te vin kontre ak kolon franse yo. Pandan tan sa a, esklav Afriken yo te oblije aprann kominike ak mèt kolon yo, men tou ak lòt esklav ki te soti nan divès peyi ak tradisyon lang diferan. Kòm rezilta, yon lang melanje te devlope, ki te baze sou lang franse men ki te pran anpil mo ak eleman gramatikal nan lang Afriken yo, espesyalman sa ki soti nan Gwoup Bantou ak Niger-Congo.
 
Kreyòl Ayisyen te vin devlope kòm yon lang endepandan lè esklav yo te libere pandan Revolisyon Ayisyèn lan (1791-1804). Pandan peryòd sa a, lang lan te vin sèvi kòm zouti prensipal pou kominikasyon nan mitan popilasyon an. Li te devlope sitou nan kontèks kote franse te lang administrasyon ak edikasyon, men kreyòl te vin tounen lang pifò moun yo itilize nan lavi chak jou.
 
Avan kreyòl te vin tounen sa nou konnen jodi a, li te gen plizyè non diferan, tankou "Lang Neg" oswa "Lang Manman" nan peryòd kolonizasyon an, ki te itil pou idantifye lang moun nwa yo pale nan mitan kolon yo.
 
Pèp k ap viv sou zile yo te fè pati nan pwosesis sa a; se yo ki te pote lang natif natal yo ak eritaj Afriken an. Sa vin rann kreyòl pi rich, paske li kontinye evolye an fonksyon de bezwen kominote Ayisyèn nan. Jodi a, kreyòl se youn nan senbòl endepandans Ayiti ak rezistans li, e li jwe yon wòl enpòtan nan idantite nasyonal pèp Ayisyen.
 
Lang kreyòl jodi a genyen yon gwo anplè, e gen plis ke 10 milyon moun ki pale li . Li rekonèt kòm youn nan de lang ofisyèl Ayiti (ansanm ak franse), epi li sèvi kòm mwayen prensipal kominikasyon pou moun ki abite nan zòn riral ak nan vil. Kreyòl se pa sèlman yon lang, men li se yon pon ant jenerasyon, kilti, ak yon fòs ki fè nasyon Ayiti kenbe rasin li byen fò.
Men kèk sous :
1. Sylvain, Suzanne Comhaire (1936) - (Haitian Creole: Grammar, Texts, Vocabulary). Yon liv referans sou lang kreyòl ki dekri orijin, devlopman, ak estrikti gramatikal lang lan.
2. Fattier, Dominique (1998) - (Contribution à l'étude du créole haïtien: Description et analyse d'un parler de référence, le créole de Port-au-Prince). Yon rechèch sou lang kreyòl Port-au-Prince, ki analize orijin li ak relasyon li ak franse.
3. Lefebvre, Claire (1998) - (Creole Genesis and the Acquisition of Grammar: The Case of Haitian Creole). Liv sa a etidye kijan kreyòl devlope kòm yon lang plen an konparezon ak lòt lang kreyòl nan Karayib la.
4. Hall, Robert A. (1953) - (Haitian Creole: Grammar and Vocabulary). Yon liv ki bay yon deskripsyon detaye sou gramè ak vokabilè kreyòl Ayisyen.
5. DeGraff, Michel (2005) - (Linguists’ most dangerous myth: The fallacy of Creole Exceptionalism." Language in Society). Atik sa a diskite sou fason kreyòl yo pa diferan fondamantalman de lòt lang natirèl epi kritike mit sou "eksepsyonalis kreyòl la."
6. Valdman, Albert (1988) - (Haitian Creole: Structure, Variation, Status). Yon liv ki trete diferan aspè sosyal ak estriktirèl lang kreyòl Ayisyen.
Kèk nan sous sa yo disponib nan bibliyotèk, ak inivèsite ki gen pwogram lengwistik ki espesyalize nan lang kreyòl
#konkou #kreyòl #kwaaze

image
Like
Comment
Share
avatar

Daphtaline Belizaire

Mwen vote pou Mike
Love
1
Like
· 1729797846
1 Reply

Delete Comment

Are you sure that you want to delete this comment ?

avatar

Wilkin Lafrance

Mwen vote pou Mike
Like
1
Like
· Reply · 1729799734

Delete Comment

Are you sure that you want to delete this comment ?

avatar

Winchelo France

Mwen vote pou Mike.
Like
1
Like
· 1729800287
1 Reply

Delete Comment

Are you sure that you want to delete this comment ?

Cajuste Carlos wildy
Cajuste Carlos wildy  
2 yrs

###lang kreyòl, yon zouti pou devlopman dirab
“ Lang kreyòl ayisyen: yon zouti pou devlopman dirab”, se sou tèm sa y ap selebre lang ak kilti kreyòl ane a an Ayiti.« Edikasyon miltileng se pilye pou aprantisaj nan fanmi ak kominote. » Sa se tematik « Jounen Entènasyonal Lang Matènèl » nan Òganizasyon Nasyon Zini pou Edikasyon, Syans ak Kilti (UNESCO) nan dat 21 fevriye 2024. Youn nan objektif jounen sa a se ankouraje pwomosyon lang matènèl pou reyalizasyon Objektif Devlopman Dirab (ODD) yo. Tematik pou ane sa a mete aksan sou edikasyon miltileng k ap chache kreye pi plis opòtinite pou tout ti moun nan monn lan — sitou pou sila yo ki nan kouch pi defavorize yo.

image
Like
Comment
Share
Cajuste Carlos wildy
Cajuste Carlos wildy  
2 yrs

Kontibisyon atis ayisyen yo nan devlopman lang kreyòl

# yon ede lang anpil sou planèt la paske yo pataje kilti yo mès yo sou echèl entènasyonal la yo fyè dèske yo se ayisyen yo leve drapo yo byn wi e chante nan lang manman yo AK papa yo lang zansèt nou yo te goumen pou li a yo prè pou yo sakrifye vi yo pou lang lan yo pataje idantite yo AK lòt nasyon Lang kreyol la, se lang tout ayisyen natif natal. Se lang nasyonal nou.Lang kreyol la se you kòfrefò kote nou konsève memwa kolektif, savwa ak valè, tradisyon ak ...

image
Like
Comment
Share
Giliana Bruno
Giliana Bruno  
2 yrs

#konkou #kreyò #kwaaze
#jou4

Istwa AK rasin Lang kreyòl

Lang kreyòl ayisyen pran nesans li pandan epòk kolonyal, lè Afriken ki te an esklavaj te melanje lang manman yo ak lang kolonyalis franse. Gras ak rezistans ak adaptasyon, esklav yo te kreye yon nouvo lang pou kominike ant yo. Prensipal esklav Afriken ki te pote lang yo se Wolof, Mandeng, Arada, Nago, Kongolè, Monomotapa, elatriye. Yo te sitou bay kreyòl la tèm ki gen rapò ak relijyon vodou, tankou "wanga" ki vle di "fetich."
Kreyòl la vin yon sentèz rich nan kilti ak eksperyans diferan pèp. Li pa senpleman yon mwayen pou kominike, li pote istwa ak kouraj yon pèp ki te lite pou libète li. Li se yon senbòl rezistans, idantite, ak inite.

Sous rechèch: page créole-site culturel de la communauté haïtienne de Suisse
- les langues creolisés ou pidginisés

Sous foto: Google

image
Like
Comment
Share
avatar

VICTOR Lourdes

Mmmmmmmm
Like
· Reply · 1729803052

Delete Comment

Are you sure that you want to delete this comment ?

avatar

Alexis Jacky

Zansèt nou yo te travay pou peyi a
Like
· Reply · 1729813787

Delete Comment

Are you sure that you want to delete this comment ?

avatar

StylKoD Always

Imaj zansét ki te goumen pou nou
Like
· Reply · 1729816442

Delete Comment

Are you sure that you want to delete this comment ?

Anabelle Elusca
Anabelle Elusca  shared a  post
2 yrs

Duval Olritch
Duval Olritch  
2 yrs

#jou3 #aktivite3
Byen ke li poko fin poko reyalize nèt men m panse #konkoukontniankreyòlkwaazea se youn nan pi bèl eksperyans ke mwen fè avèk lang kreyòl la
#konkou #kwaaze #kreyòl #konpetisyon #livyoankreyòl

image
Like
Comment
Westen Alexis
Westen Alexis  
2 yrs

Aktivite #1 jou4
#kwaaze
#konkou
#kontni
#kreyol
#pos

#kreyollabel

Kreyòl la se yon lang ki gen yon istwa rich ak konplesite, ki reflete melanj kiltirèl ak sosyal Ayiti. Kreyòl la, an patikilye Ayisyen, gen rasin nan lang franse, men li te devlope atravè plizyè enfliyans, ki gen ladan lang afriken, lang endyen, ak lòt lang ewopeyen.

Istwa kreyòl la kòmanse nan peryòd kolonyal la, lè franse yo te etabli plantasyon nan Ayiti ak travayè esklav ki te soti nan Afrik. Pou kominike avèk mèt yo, esklav yo te devlope yon nouvo lang, ki te pi fasil pou yo itilize pase franse tradisyonèl la. Lang sa a te melanje eleman gramatikal ak vokabilè soti nan lang afriken yo, ansanm ak franse.

Pandan revolisyon Ayisyen an nan fen 18yèm syèk la, lang kreyòl la te vin tounen yon senbòl de rezistans ak idantite nasyonal. Apre endepandans peyi a an 1804, kreyòl la te kontinye evolye, li te vin pi plis akseptab nan sosyete a, malgre ke franse te rete lang ofisyèl la pou yon tan long.

Nan 20yèm syèk la, kreyòl la te jwenn plis rekonesans, espesyalman avèk mouvman ki te pouse pou lang sa a vin lang ofisyèl. Nan ane 1987, yon nouvo konstitisyon te fè kreyòl ak franse lang ofisyèl Ayiti. Sa a te make yon pwen tournan nan istwa kreyòl la, ki te kòmanse jwenn plis valè nan edikasyon, literati, ak medya.

Jodi a, kreyòl la se pa sèlman yon lang kominikasyon, men li se yon repons kiltirèl ki pote istwa, tradisyon, ak esperyans pèp Ayisyen an. Li se yon lang vivan ki kontinye evolye, ak nouvo vokabilè ak ekspresyon ki sòti nan mond modèn nan, pandan l ap kenbe rasin li nan istwa ak tradisyon. #westen #mrkastel

image
Like
Comment
Share
avatar

Faderley Denis

Mwen vote Westen
Like
· 1729813571
1 Reply

Delete Comment

Are you sure that you want to delete this comment ?

avatar

Ruth Shama Predelus

Mw vote Westen
Like
· Reply · 1729814449

Delete Comment

Are you sure that you want to delete this comment ?

avatar

Judeline Judeline Daniel

Mw vote pou Westen
Like
· Reply · 1729821878

Delete Comment

Are you sure that you want to delete this comment ?

Wil son
Wil son  
2 yrs

#jou4 #meme

4. Fòs Fanm nan kominote nou an




#kreyòl #konkou #kwaaze #wilson #aniealerte

image
Like
Comment
Share
avatar

junior jean

mwen vote wilson
Like
· Reply · 1729819919

Delete Comment

Are you sure that you want to delete this comment ?

avatar

Wisline Derilus

mw vote pou wilson
Like
· Reply · 1729874154

Delete Comment

Are you sure that you want to delete this comment ?

avatar

Katiana Antoine

Mwen vote Wilson
Love
1
Like
· Reply · 1730032795

Delete Comment

Are you sure that you want to delete this comment ?

Raynold ANTOINE
Raynold ANTOINE  
2 yrs

Jou#4
Istwa ak rasin lang kreyòl la

Selon kèk otè, lang se yon zouti kominikasyon. Lang se yon zouti ideyolojik.

Lang se yon eleman kiltirèl ki reprezante idantite w, walè w antanke moun selon Fanon(ouvraj peau Noire masques Blancs, 1971) poutèt sa li fè konnen pale yon lang se asime yon monn, yon kilti.
Lang kreyòl la pran nesans nan plizyè zile nan karayib la ak nan Oseyan Endyen nan peryòd 17e ak 18e syèk la , sitou nan sosyete kolonyal plantasyon yo.

Te genyen yon divizyon pa zòn lè yo te vini ak esklav yo pou yo anpeche yo konekte se nan menm epòk sa a esklav yo kòmanse mawon epi pran mòn pou yo epi yo kòmanse kominike yo yonn ak lòt se nan menm epòk sa a lang kreyòl la kòmanse pran jarèt oubyen envante.

Lang kreyòl la soti nan Laten kreyòl, espanyòl: criado, nan pòtigè: crio, criado ki vle di moun ki rete ak moun, domestik osnon restavèk. Lang kreyòl la senbolize rezistans paske li fòme nan soufrans pou bay solisyon ak koupe fache nan sistèm esklavajis ki t ap demounize moun nan epòk sila a .

Lang kreyòl la genyen yon fonksyon kiltirèl, li genyen estrikti ki soti nan Lafrik, bò kote Amerendyen yo, Espanyòl (Pòtigè). Ayiti pa sèl grenn peyi ki pale kreyòl men chak peyi ki pale kreyòl devlope l nan fason pa yo. Majorite peyi ki pale lang sa a , yo selebre jounen entènasyonal lang kreyòl chak dènye dimanch nan mwa oktòb - 28 oktòb. Kèk peyi tankou Ayiti, Gwadloup, Matinik, Jamayik, zile Moris, Giyàn Seychèl , elatriye. Chak peyi sa yo pale Yon fòm kreyòl, kote chak lang kreyòl sa yo genyen yon baz leksikal ki depaman youn ak lòt.

image
Like
Comment
Share
Roger Pierre
Roger Pierre  
2 yrs

Jou 4

Lang kreyòl la pran nesans li nan koloni sentomeng kote te gen diferan nwa ki te soti nan kontinan afriken an ki te pale divès lang, pou esklav yo te kreye yon lyen de kominikasyon ant yo,yo te oblig vini ak lang kreyòl la ki vin yon lan prensibal ke yo tout pale, yo te kreye kreyòl la a pati de lòt lang ke yo te konn tabde mèt yo pale.
Gen yon egzanp de yo mo kreyol ki soti nan fransè: gen yon esklav ki tap mache ak mèt li yo rive bò yon pyebwa, mèt la di: cet arbre est veritable.
Esklav la tou di pye bwa sa rele lam veritab.

Like
Comment
Share
Showing 205 out of 569
  • 201
  • 202
  • 203
  • 204
  • 205
  • 206
  • 207
  • 208
  • 209
  • 210
  • 211
  • 212
  • 213
  • 214
  • 215
  • 216
  • 217
  • 218
  • 219
  • 220

Edit Offer

Add tier








Select an image
Delete your tier
Are you sure you want to delete this tier?

Reviews

In order to sell your content and posts, start by creating a few packages. Monetization

Pay By Wallet

Payment Alert

You are about to purchase the items, do you want to proceed?

Request a Refund