Konkou Kontni An Kreyòl
Konkou Kontni An Kreyòl

Konkou Kontni An Kreyòl

@konkoukontniankreyol

Mèsi pou Kontribisyon Ou! 🌟

Chapo ba pou tout Patnè ki te reponn prezan nan konkou kontni an Kreyòl Kwaaze a! Patisipasyon nou se yon kontribisyon enpòtan nan selebrasyon kilti nou

#magazinews #ea Digital
KanpayDigital TicSolution #cjjt710
@ChrismannJeanJaques

#kreyòlkwaaze #mèsi #kolaborasyon

image

Felisitasyon a Top 3 Chanpyon Konkou Kontni An Kreyòl Kwaaze a.

Aprè anpil tan sispens Nou fyè prezante 3 chanpyon ki make istwa nan premye Konkou Kontni an Kreyòl Kwaaze a ! Avèk kreyativite, devouman epi pasyon pou lang Kreyòl nou an:

🌟 1e plas: Guyvenson Mike Gustave
🌟 2èm plas: Westen Alexis
🌟 3èm plas: Wilson Ariste

Ann felisite yo pou gwo travay yo fè epi pou kontribisyon yo nan valorizasyon lang ak kilti Kreyòl la. Mèsi pou tout moun ki patisipe e ki sipòte mouvman an! An n kontinye Pote Kreyòl La Sou FWONTYÈ Dijital.

#konkou
#kontni
#kreyòl
#kwaazea
_______________________________________________
NB: Swivi administif yo ap kòmanse fèt depi aswaè ak chak Chanpyon Pou Rekonpans yo rive jwenn yo chak rapid rapid Nan mwens ke 24èdtan swa Sou Moncash osison Natcash!

- Tout detay sou prosedi vòt, Pwen Jiri yo ap Disponib Sou sit konkou a :www.konkoukontniankreyol.org ak achiv konkou a a Pati weekend sa .

Viktwa Pou Kreyòl la!

image

"Chanpyon, bat bravo pou tèt ou! Yon semèn deja depi w ap kreye bèl kontni nan lang kreyòl la. Èske w pare pou selebre jounen lang kreyòl la demen? Ann kontinye fè li briye! ✊🏾💙"

#konkou
#kreyòl
#kontni
#kwaazea

image

Kijan ou twouve 6èm tach Konkou Kontni an Kreyòl Kwaaze a ? Ban nou avi ou anba a ! 🌟


#konkou
#kontni
#kreyòl
#kwaazea

image

#konkoukontniankreyòl

"Bann Volim" Nou gen nouvèl Pou Nou edem pataje:

Siw rive Sou platfòm Kwaaze.com Nan kounya la sonje kèw paka yon patisipan konkou a ankò paske enskripsyon yo "KaBa" sonje sa .

Men gen 2 Bagay ou la fè:
1- Ou ka Identifye tèt ou kom "Votan"
Lèw poste Sou pwofil kwaaze'w pawòl sa: Mw vin vote #kreyòl .

2- Aprè piblikasyonw lan klike Sou #kreyòl li an Wouj Nan piblikasyon an epi wap wè tout lis piblikasyon ki fèt Nan kad pwomosyon lang Kreyòl Kwaaze a epi wap kap kòmanse vote Pou Kontni Kreyòl ou pi renmen an jis rive 28 oktòb 2024 ak komantè" Mw vote pou...." Chak ou vote yon patisipan ou ankouraje bèl kreyasyon Kontni ke yo kòman Nan pwomosyon an #ouvotepoukreyòl

Nb : Pa Bliye se kont ak "Pro" Wouj e Blan" ki patisipan Konkou Kontni An Kreyòl la

Viktwa Pou Kreyòl la!

Gen rekonpans minut Pou 3 "Votan" ki pi aktif yo.

#konkou
#kreyòl
#kwaazea

image