Mwen vle remèsye ak tout kè m ekip platfòm Kwaaze a pou travay ekstraòdinè yo te fè pou mete sou pye premye edisyon konkou kreyatè an Kreyòl la. Se pat sèlman yon konkou, men yo rive kreye yon espas ki bay valè kreyativite nou ak kilti nou, pandan yo te akonpanye chak nan nou avèk detèminasyon ak sipò.
Mwen remèsye tout estaf la pou devouman, angajman, ak pasyans yo nan sipòte kreyatè yo, menm lè difikilte yo te konn parèt, kit se sou rezo, enèji, oswa lòt kontrent.
Gras a yo, mwen santi m enspire epi plis motive pou kontinye fè Kreyòl briye.
Mèsi ak tout moun ki te li epi vote pou kontni mwen yo, pou dènye.jou sa, vot yo ap kontinye.
Chapo ba pou nou !
Menm si m pa ta rive nan tèt klasman an, mwen pran eksperyans sa kòm yon gwo viktwa. Avèk kè kontan, mwen di nou mèsi ankò, e nap kontinye vanse ansanm!
Viktwa pou lang kreyòl la !!
#kwaaze #kreyòl #konkou
Jou8
Aktivite3
#kwazepoukreyòlfò
Se dènye ashtag nou chazi nan konkou a😊
Li esprime volonte pou n pale kreyòl nan sosyete nou an chak fwa nou kwaze isit kou lòt bò dlo ap rann kominote ayisyen an vinn pi fò.
#kwaaze #konkou #kreyòl
Jou8
Aktivite1
#refleksyon
Lang Kreyòl, ki te souvan konsidere kòm yon dyalèk limite, tounen yon fòs ki simaye fyète ak idantite nan sosyete nou. Jodi a, nou wè li nan lekòl yo, nan òganizasyon yo, ak sou rezo dijital yo. Kreyòl pèmèt nou kominike pi klè, li kreye lyen ant jenerasyon yo, epi li ofri chak Ayisyen yon mwayen pou eksprime tèt li san baryè.
Lang lan ap grandi e li montre nou ke idantite pa yon chay, men yon richès. Kreyòl ranfòse konesans nou epi l ankouraje nou rete konekte ak rasin nou pandan nou ap avanse nan pwogrè.
Pwogrè sa se yon pati nan batay pou yon sosyete kote tout moun gen vwa.
Nenpòt kote nou kwaze, ann kontinye fè Kreyòl briye!
#fòskreyòl #idantitenou
#konkou #kreyòl #kwaaze