Jou6
Aktivite4
#refleksyon
Kijan Kreyòl ka Ede Bati yon Kominote Ki Fò
Kreyòl se idantite kòm pèp, li bay kominote a yon sans ki pwòp ak li. Lè nou pale Kreyòl, tout moun konprann pi byen, sa ki fè kominikasyon vin pi klè epi onèt. Kreyòl ouvri pòt pou edikasyon ak patisipasyon pou tout moun, san okenn baryè. Li ankouraje yon kominote kote moun santi yo rasanble, ede youn lòt, epi pwoteje tradisyon ak kilti nou. Lè lidè kominotè yo pale Kreyòl, sa ede yo pi byen konekte ak pèp la epi mennen l nan bon direksyon. Moun konprann enfòmasyon sante, konsèy ekonomik, ak pwogram devlopman nan lang yo pale chak jou, sa ki fè yo angaje plis.
Antrepriz ki sèvi ak Kreyòl atire plis kliyan lokal, paske moun santi yo byen lè yo ka fè biznis nan lang yo. Jèn yo tou santi yo plis respekte ak konsidere. Kreyòl ba yo konfyans pou eksprime tèt yo epi patisipe nan devlopman kominote yo. Li bay yon kominote egal pou tout moun, kote chak moun ka patisipe san diskriminasyon, kote yo ka fè eksperyans, pataje istwa yo, ak ranfòse youn lòt.
Kreyòl se avni kominote nou an. Li se fondasyon ki ka fè kominote a grandi, fè l vin pi fò, epi mennen tout moun ansanm sou wout pwogrè ak solidarite.
#kreyòl #kwaaze #konkou
Dartilus Marie samantha
Delete Comment
Are you sure that you want to delete this comment ?