Fè pwomosyon pou lang kreyòl la se yon obligasyon pou n vann patrimwàn istorik nou yo.
#lang kreyòl#pwomosyon #patrimwàn
Jou #6
Kijan kreyòl ka ede bati yon kominote ki fò anpil
Bati yon sosye ki fò se yon kesyon de kilti ak idantite k ap pèmèt nou gen yon kominote ki fò anpil.
Yon edikasyon k ap fèt an kreyòl ap kapab ede nou genyen yon kominote ki fò, fè pwomosyon pou lang kreyòl la tout kote nou pase epi itilize l nan tout aktivite n deja se yon gwo enpòtans nou ba l, kote nou p ap bliye tradisyon, mès , koutim nou yo ki se sèl mwayen k ap ka ede nou transmèt yon bon edikasyon ak timoun nou yo lè n ap anseye yo lekòl nan lang natif natal yo.
Li mande pou Akademi Kreyòl Ayisyen(AKA) respekte tèt li antanke yon enstitisyon ki la pou pote siveyans li sou lang kreyòl tankou : règ, gramè , elatriye.
Se sèl mwayen pou n gen yon kominote ki fò ak lang kreyòl la se aplike lang kreyòl nan tout domèn pou lang kreyòl la vin yon obligasyon pou tout moun nan kominote a.
#konkou #kreyòl #kwaaze
Bonjou tout moun!!! Jodi a nan plas meme a, mwen deside pale nou de Maurice Sixto, yon ikon nan literati ayisyen an.
Maurice Sixto fèt nan Gonayiv an 1919 e li okipe yon plas enpòtan nan literati ayisyen an kòm yon pyonye nan atizay kont ki defann kilti, lang, ak kondisyon lavi pèp ayisyen an. Li se pi gwo rakontè ak powèt lang Kreyòl la. Travay li yo te kontribye anpil nan valorizasyon Kreyòl ayisyen an, kote li te itilize kont pou atire atansyon sou inegalite sosyal ak ekonomik nan sosyete a, tout pandan li detaye lavi pèp la nan lang Kreyòl.
Nan travay Sixto yo, tankou "Ti Sentaniz," li te abòde pwoblèm tankou eksplwatasyon timoun domestik (restavèk), kòripsyon, vyolans, ak diskriminasyon. Li te sèvi kòm yon vwa pou sa yo ki pa ka pale, e konsa, li vin tounen yon referans enpòtan nan literati angaje ayisyen. Kontribisyon li nan lang ak kilti ayisyen an fè l vin yon ikon nan pwoteje ak valorize lang Kreyòl nan domèn literati ak atizay. Li mouri Etazini an 1984.
Sous foto : Google
#fazfinalchanpyon
SOU KONBYEN VÒT OU DEJA YE #chanpyon
KISA WAP PARE DE SPESYAL POU GWO JOUNEN " 28 Oktòb La".
Viktwa Pou Kreyòl La!
#konkou
#kreyòl
#kwaaze a
#fazfinalchanpyon
SOU KONBYEN VÒT OU DEJA YE #chanpyon
KISA WAP PARE DE SPESYAL POU GWO JOUNEN " 28 Oktòb La".
Viktwa Pou Kreyòl La!
#konkou
#kreyòl
#kwaaze a
Jou6
Aktivite4
#refleksyon
Kijan Kreyòl ka Ede Bati yon Kominote Ki Fò
Kreyòl se idantite kòm pèp, li bay kominote a yon sans ki pwòp ak li. Lè nou pale Kreyòl, tout moun konprann pi byen, sa ki fè kominikasyon vin pi klè epi onèt. Kreyòl ouvri pòt pou edikasyon ak patisipasyon pou tout moun, san okenn baryè. Li ankouraje yon kominote kote moun santi yo rasanble, ede youn lòt, epi pwoteje tradisyon ak kilti nou. Lè lidè kominotè yo pale Kreyòl, sa ede yo pi byen konekte ak pèp la epi mennen l nan bon direksyon. Moun konprann enfòmasyon sante, konsèy ekonomik, ak pwogram devlopman nan lang yo pale chak jou, sa ki fè yo angaje plis.
Antrepriz ki sèvi ak Kreyòl atire plis kliyan lokal, paske moun santi yo byen lè yo ka fè biznis nan lang yo. Jèn yo tou santi yo plis respekte ak konsidere. Kreyòl ba yo konfyans pou eksprime tèt yo epi patisipe nan devlopman kominote yo. Li bay yon kominote egal pou tout moun, kote chak moun ka patisipe san diskriminasyon, kote yo ka fè eksperyans, pataje istwa yo, ak ranfòse youn lòt.
Kreyòl se avni kominote nou an. Li se fondasyon ki ka fè kominote a grandi, fè l vin pi fò, epi mennen tout moun ansanm sou wout pwogrè ak solidarite.
#kreyòl #kwaaze #konkou
#konkoukontniankreyòl kwaazea
#pagendomi
Nouvèl la sèke ekip ki responsab dekont vòt yo kòmanse Vizite kont chak grenn patisipan konkou a jodia depi Midi Boul ! Travay la ap vanse san Bon sans lan.
6 Jou Sou 8! Nou pi pre objektif e ansanm nap rive Felisitasyon Chanpyon!
Remak : Gen anpil "pòs"ki a zewo vòt Chanpyon!
Konsèy: Pa ret Jou Chanpyon, chache grenn vòt ou , mande antouraj vote Pou ou konsa " Mw Vote Pou ..."
#pagendomi
Viktwa Pou Kreyòl la
#konkou
#kreyòl
#kwaaze a

