#jou6 #aktivite2
M panse sa ka pran tan pou remake men pou mwen nan kesyon jwèt mo nan rap,rap kreyòl la pi alèz ke nenpòt lòt lang
#konkou #kwaaze #kreyòl #konpetisyon
#jou6 #aktivite2
M panse sa ka pran tan pou remake men pou mwen nan kesyon jwèt mo nan rap,rap kreyòl la pi alèz ke nenpòt lòt lang
#konkou #kwaaze #kreyòl #konpetisyon
Ekip pwobab Real Madrid la soti ! ⚽ Ou pare pou Klasiko a ? Ann swiv sa ak pasyon epi pataje prediksyon ou !
#klasiko2024 #realmadrid #magazinews"

Aktivite #4 #jou6
#kwaaze
#konkou
#kontni
#kreyol
#pos
Kreyòl la se yon lang ki pa sèlman sèvi kòm yon mwayen kominikasyon, men li jwe yon wòl enpòtan nan bati yon kominote ki soudé. Premyerman, li kreye yon sans de idantik ak kilti pou moun ki pale li. Lè moun yo itilize kreyòl, yo pataje istwa, tradisyon, ak valè ki inifye yo, sa ki fè yo youn konprann lot, san diskriminasyon. Sak pi bèl la plis yap pale lang kreyol la lyen yo pi soude epi yo pataje ide sou rasin yo ak orijin yo.
Dezyèmman, kreyòl la fasilite kominikasyon ant moun ki soti nan diferan zòn ak nenpot nivo entèlektyel.Sa a pèmèt yon echanj ide ak eksperyans ki ka amelyore lavi chak jou. Nan yon kominote ki pale kreyòl, moun yo plis ouvè pou pataje resous, sipòte youn lòt san lobo, yo vin gen asirans pou youn konprann lot e travay ansanm sou pwoblèm ki afekte yo kotidyènman.
Finalman, kreyòl la ka sèvi kòm yon zouti pou edikasyon ak angajman sosyal, e pote chanjman pou jenerasyon kap vini .Lè moun yo aprann ak itilize lang lan nan lekòl, atelye, ak lòt aktivite sosyal , e relijye! Yo devlope konpetans ki ka ede yo nan lavi pwofesyonèl yo. Sa a kontribye nan yon kominote ki pa sèlman inifye, men ki tou dinamik ak pwoaktif.
An rezime, kreyòl la se yon sous fòs ki ede bati yon kominote ki soudé, ki pataje, ak ki angaje nan devlopman ansanm.
Westen ALEXIS (Weezy)MrWAW