Jou 6
Enpòtans lidèchip kominotè yo nan pwomosyon kreyòl la,
Lidè yo se premye moun ki dwe fè pwomosyon kreyòl la nan kominote yo ap dirije a, yon lidè se yon gid,yon moun ki respekte e yon moun tout moun tande, pawòl yo gen anpil valè, se sak fèl lidèchip yon lidè enpotan anpil nan pwomosyon lang kreyol la.
#fazfinalchanpyon
SOU KONBYEN VÒT OU DEJA YE #chanpyon
KISA WAP PARE DE SPESYAL POU GWO JOUNEN " 28 Oktòb La".
Viktwa Pou Kreyòl La!
#konkou
#kreyòl
#kwaaze a
Fè pwomosyon pou lang kreyòl la se yon obligasyon pou n vann patrimwàn istorik nou yo.
#lang kreyòl#pwomosyon #patrimwàn
Jou #6
Kijan kreyòl ka ede bati yon kominote ki fò anpil
Bati yon sosye ki fò se yon kesyon de kilti ak idantite k ap pèmèt nou gen yon kominote ki fò anpil.
Yon edikasyon k ap fèt an kreyòl ap kapab ede nou genyen yon kominote ki fò, fè pwomosyon pou lang kreyòl la tout kote nou pase epi itilize l nan tout aktivite n deja se yon gwo enpòtans nou ba l, kote nou p ap bliye tradisyon, mès , koutim nou yo ki se sèl mwayen k ap ka ede nou transmèt yon bon edikasyon ak timoun nou yo lè n ap anseye yo lekòl nan lang natif natal yo.
Li mande pou Akademi Kreyòl Ayisyen(AKA) respekte tèt li antanke yon enstitisyon ki la pou pote siveyans li sou lang kreyòl tankou : règ, gramè , elatriye.
Se sèl mwayen pou n gen yon kominote ki fò ak lang kreyòl la se aplike lang kreyòl nan tout domèn pou lang kreyòl la vin yon obligasyon pou tout moun nan kominote a.
#konkou #kreyòl #kwaaze
Bonjou tout moun!!! Jodi a nan plas meme a, mwen deside pale nou de Maurice Sixto, yon ikon nan literati ayisyen an.
Maurice Sixto fèt nan Gonayiv an 1919 e li okipe yon plas enpòtan nan literati ayisyen an kòm yon pyonye nan atizay kont ki defann kilti, lang, ak kondisyon lavi pèp ayisyen an. Li se pi gwo rakontè ak powèt lang Kreyòl la. Travay li yo te kontribye anpil nan valorizasyon Kreyòl ayisyen an, kote li te itilize kont pou atire atansyon sou inegalite sosyal ak ekonomik nan sosyete a, tout pandan li detaye lavi pèp la nan lang Kreyòl.
Nan travay Sixto yo, tankou "Ti Sentaniz," li te abòde pwoblèm tankou eksplwatasyon timoun domestik (restavèk), kòripsyon, vyolans, ak diskriminasyon. Li te sèvi kòm yon vwa pou sa yo ki pa ka pale, e konsa, li vin tounen yon referans enpòtan nan literati angaje ayisyen. Kontribisyon li nan lang ak kilti ayisyen an fè l vin yon ikon nan pwoteje ak valorize lang Kreyòl nan domèn literati ak atizay. Li mouri Etazini an 1984.
Sous foto : Google
#fazfinalchanpyon
SOU KONBYEN VÒT OU DEJA YE #chanpyon
KISA WAP PARE DE SPESYAL POU GWO JOUNEN " 28 Oktòb La".
Viktwa Pou Kreyòl La!
#konkou
#kreyòl
#kwaaze a
Beauzil Hermann
supprimer les commentaires
Etes-vous sûr que vous voulez supprimer ce commentaire ?
David sam
supprimer les commentaires
Etes-vous sûr que vous voulez supprimer ce commentaire ?
Jeune Christina
supprimer les commentaires
Etes-vous sûr que vous voulez supprimer ce commentaire ?