Bonjou tout moun! Jodi a, se jou final konkou kwaaze a, e m deside pataje ak nou refleksyon sou enpak sosyal lang kreyòl nan katye kote m rete.
Katye pa m
Sa m pi renmen nan katye pam, se lè m kanpe sou balkon lakay mwen nan apremidi, m ap gade anba pou m wè ti mesye yo bò lakay ki reyini swa pou jwe domino pandan y ap diskite sou tout kalite sijè politik, sosyal sitou pou foubòl. Depi foubòl ap dewoule, tout moun rasanble nan yon sèl kote pou mete plis anbyans. Apre match la fini, yo retounen nan menm ti espas la pou fè echanj sou jan jwèt la te pase. E se pa yo sèl non. Depi solèy koumanse desann, granmoun kou timoun desann bò lari a, pou bay blag epi rakonte istwa
Kreyòl la ap fè anpil pwogrè nan sosyete nou an, li kòmanse jwenn plas li nan lekòl, nan medya, ak nan biznis. Nou wè plis moun komanse ekri, li, epi defann kreyòl kòm yon zouti pou kominikasyon ak edikasyon, sa ki ranfòse solidarite sosyal nou. Gouvènman an tou ap fè gwo efò, sitou avèk liv an kreyòl li mete disponib pou elèv yo. Sa montre kijan nou kòmanse konprann enpòtans lang lan kòm yon baz solid pou bati yon sosyete ki pi ini, ki pi fyè de rasin li yo. Avèk angajman chak moun nan sosyete a, espesyalman atis nou yo, m kwè ke lang kreyòl la ap kontinye jwenn valè li merite.
#konkou #kreyòl #kwaaze
Sous foto :Google
Bronson BRUNO
Delete Comment
Are you sure that you want to delete this comment ?
Sylvy Helène
Delete Comment
Are you sure that you want to delete this comment ?
Rosie St. Louis
Delete Comment
Are you sure that you want to delete this comment ?