#jou3 #tach1 #kreyòl #kwaaze #konkou
📌Kreyòl , lang tout Ayisyen pale, ap pran plis valè ak rekonesans, malgre diskriminasyon li te konn fè fas pandan lontan. Sistèm edikatif la kòmanse itilize kreyòl pou anseye, paske timoun yo aprann pi byen nan lang manman yo. Gouvènman ak enstitisyon ap entegre kreyòl nan dokiman ofisyèl, bay tout moun aksè a enfòmasyon klè.
Teknoloji ak medya dijital kontribye anpil nan devlopman lang lan. Plizyè aplikasyon, rezo sosyal, podcast, ak emisyon radyo pibliye kontni an kreyòl, ranfòse prezans li nan sosyete a ak sou sèn entènasyonal la. Ekriven, powèt, ak atis k ap kreye an kreyòl fè pwomosyon pou kilti ak idantite ayisyen an.
Malgre pwogrè yo, gen defi ki rete. Kreyòl bezwen jwenn menm prestij ak lòt lang, sitou nan espas akademik ak pwofesyonèl. Fòmasyon pwofesè ak devlopman resous nan lang kreyòl enpòtan pou soutni evolisyon lang lan.
Nan konklizyon, avni kreyòl depann de kapasite tout Ayisyen pou kontinye pwoteje, valorize, epi itilize li chak jou. Se konsa nou ka garanti kreyòl va kontinye grandi pou jenerasyon kap vini yo.
#jou4
1.Lang kreyòl, premye senbòl idantite nou, Ayisyen, kòm pèp, se yon zouti
kominikasyon plizyè milyon moun nan peyi Ayiti itilize. Li toujou jwe yon wòl enpòtan nan lavi depi nan batay pou endepandans nou jiska jounen jodi a. Lang kreyòl la pale pa plis ke onz milyon moun Ayiti ak anviwon de milyon nan rès mond la. Yo rekonèt lang kreyòl la kòm lang ofisyèl Ayiti depi nan lane 1987, Lang kreyòl
la, se tankou yon rezèvwa fòs ak enèji ki toujou akonpanye pèp la nan tout mouvman
chanjman ki anbrase byennèt ak diyite moun an jeneral. Nan peyi Ayiti nou jwenn twa fason moun yo pale Kreyòl la ( Krèyol pòtoprens , Kreyòl nan nò a, Kreyòl nan sid la) tankou tout lang kreyòl la gen gramè li ak fason pouw pale li. Lang kreyòl: yon zouti devlòpman dirab” .
#konkou #kreyòl #kwaaze #wilson
J4-AKTIVITE PWOMOSYON LANG KREYÒL
KOUT JYE SOU ORIJIN KREYÒL
Konn kote w soti, kote w ye, kote w vle ale !
LANG KREYÒL TANMEN JOU APARISYON LI DEPI NAN KOMÈS ESKLAV NAN PLIZYÈ REJYON KONTINANTAL KI TE KONN FÈT. DEPI NAN KENZYÈM AL DIZNEVYÈM SYÈK, DAPRÈ SA BLOG ASSIMIL EKRI NAN MOTÈ RECHÈCH LI .
CHAK GRENN NANM KI TE FÈ ROUT POU RIVE SOU ZILE EROPEYEN BLAN YO TE KONN EKSPLWATE NAN AGRIKILTI TE RIVE KONEKTE AK YON LANGAJ KI MELANJE NAN DYALÈK AFRIK, ERÒP AK DYALÈK PANYÒL KI RIVE FÒME **LANG KREYÒL** DAPRÈ SA (LAROUSSE) EKRI
KREYÒL SE NON PÈP ABORIJÈN TOU, KREYÒL SE KALIFIKATIF KILTI YO, ZÈV AK MANNYÈ YO VIV.
KREYÒL SE KALIFIKATIF PRODUI TRAVAY YO.
1804, SE TE LANE ENDEPANDANS AYITI POUTAN LANG KREYÒL LA TE DWE TANN JOUK 1987 POU OFISYALITE FÒMÈL LI. SE YON RICHÈS SAN PARÈY POU CHAK SITWAYEN NAN KOMINOTE KREYÒL LA, GOUMEN, LITE POU KENBE L PI WO !
#kwaazwe#kreyòl
J4- AKTIVITE PWOMOSYON LANG KREYÒL
FANM DAYITI SE MOTÈ DEVLOPMAN !
TOUT FANM SE FANM MEN TOUT FANM PA MENM, SE SA PARÒL LA DI NAN BOUCH LÈZÒT YO.
SI W VLE KONN KIYÈS KI FANM DAYITI YO, MESYE DAM LA SOSYETE, MWEN REFERE W VIZITE KOMÈS ENFÒMÈL MACHE AYISYEN AN. LISTWA RAPÒTE KE SE YON FANM KI TE DEPOZE KOUTI DRAPO PEYI DAYITI A
NAN SANS LAJ, EKONOMI PEYI DAYITI POTE SOU ZEPÒL AN PAKÈT FANM VWAYAJÈ YO RELE MADAN SARA, KÈLKESWA KONJONKTI POLITIK, EKONOMIK AYITI AP VIV, FANM YO LA, Y AP BRASE AKTIVITE
--YO SE KAFE LE MATEN
--YO SE ALEKEN NAN MIDI
---YO SE MANMAN AK PAPA
--YO SE PROFESÈ, KIZINYÈ, MEDSEN, PSIKOLÒG, FINANSYE, JIJ, SOUS LESPWA AK JWISANS NAN FWAYE !
--YO SE MILITAN
--YO SE KONBATAN,
FANM DAYITI SE PLILYE DEVLOPMAN
SE FANM VANYAN , FANM LAVI YO YE
#sofa#refhaiti#ministèfanmakdwafanm#kwaaze#rasanblemanmadansara#kreyòl#fanmeklere
Jou3
Aktivite 1
#pòs
#kwaaze #kreyòl #konkou
Lang Kreyòl se kle pou avni nou!
Jodi a, li se yon zouti pou kominike, men demen, li ka vin yon mwayen pou inove, kreye, ak avanse nan tout domèn tankou ledikasyon, teknoloji, syans, ak biznis.
Si nou kontinye valorize li, pwoteje li, epi itilize li avèk fyète, Kreyòl kapab pote nou pi lwen pase limit imajinasyon nou! Se lang pwogrè nou.
#avenikreyòl
#langfòsnou
#kreyòlPouLavi
#mwalangkreyòl
Mackenzie Laguerre
מחק תגובה
האם אתה בטוח שברצונך למחוק את התגובה הזו?
Delva Réjouis
מחק תגובה
האם אתה בטוח שברצונך למחוק את התגובה הזו?
Peter Jefferson Lamotte
מחק תגובה
האם אתה בטוח שברצונך למחוק את התגובה הזו?