###lang kreyòl, yon zouti pou devlopman dirab
“ Lang kreyòl ayisyen: yon zouti pou devlopman dirab”, se sou tèm sa y ap selebre lang ak kilti kreyòl ane a an Ayiti.« Edikasyon miltileng se pilye pou aprantisaj nan fanmi ak kominote. » Sa se tematik « Jounen Entènasyonal Lang Matènèl » nan Òganizasyon Nasyon Zini pou Edikasyon, Syans ak Kilti (UNESCO) nan dat 21 fevriye 2024. Youn nan objektif jounen sa a se ankouraje pwomosyon lang matènèl pou reyalizasyon Objektif Devlopman Dirab (ODD) yo. Tematik pou ane sa a mete aksan sou edikasyon miltileng k ap chache kreye pi plis opòtinite pou tout ti moun nan monn lan — sitou pou sila yo ki nan kouch pi defavorize yo.



