Enpòtans kreyòl la nan devlopman sosyal
Lang kreyòl la enpòtan anpil nan sosyete a li pèmèt ou etabli relasyon AK Yon pakèt endividi li rann fyè de ou e li edew jere katyew e vini AK dè pwojè pwofitab sou katye a pabliye kreyòl la se idantite nou e nou pral jwenn plizye typ sosyal Ki donk fòk nou repete sa byen fò : Li enposib, li enposib pou n tabli lapè ak sekirite si nou pa respekte dwa ak libète fondamantal chak moun nan sosyete a. E youn nan dwa fondamantal sa yo se libète pou chak moun itilize lang matènèl yo nan tout aktivite yo nan tout sektè sosyete a.Istwa rapòte menm zansèt liberatè yo te gentan konsyan sou enpòtans kreyòl genyen nan liberasyon mantal pèp ayisyen an. Mete sou sa a, plizyè ...Plan Operasyonèl ki posib la se yon plan ki dwe sèvi ak youn nan pi gwo resous peyi a genyen : lang kreyòl la ki se yon lang tout popilasyon an pale.
Ki sa jistis sosyal ye ?
jistis sosyal chita sou egalite dwa pou tout moun. Sa mande pou tout moun rive benefisye pwogrè ekonomik ak sosyal nan monn lan san fòs kote. Nasyon Zini pote presizyon sa a : jistis sosyal pa sèlman gen pou wè ak kòb yon moun ap touche ; ni l pa gen pou l wè sèlman ak kreyasyon djòb. Se avan tou yon kesyon dwa, diyite, libète espresyon ak otonomi ekonomik, sosyal ak politik. La tou, respè dwa lengwistik se yon engredyan ki endispansab nan dosye jistis sosyal pou tout nasyon.
Jistis sosyal (egal : respè dwa ak libète fondamantal chak moun) jwe yon wòl fondal natal nan devlopman sosyal e nan kreye kondisyon pou tabli lapè ak sekirite anndan yon sosyete e nan rapò ant divès sosyete. Pledwaye sa a merite atansyon nou tout nan jefò n ap fè pou n rezoud kriz ensekirite ki bay gwo tèt fè mal depi kèk tan nan peyi d Ayiti paske.
Ki donk fòk nou repete sa byen fò : Li enposib, li enposib pou n tabli lapè ak sekirite si nou pa respekte dwa ak libète fondamantal chak moun nan sosyete a. E youn nan dwa fondamantal sa yo se libète pou chak moun itilize lang matènèl yo nan tout aktivite yo nan tout sektè sosyete a.
Jou4
Aktivite3
#devlopmandirabankreyòl
Hashtag sa a mete aksan sou itilizasyon lang Kreyòl kòm yon zouti pou kominike ak edike sou devlopman dirab, asire ke mesaj enpòtan yo rive jwenn tout moun nan kominote a.
#kreyòl #kwaaze #konkou
#jou4 #tach3 #konkou #kreyòl #kwaaze
#nouselatè se yon hashtag ki vize pou mobilize ak ankouraje moun sou pratik agrikilti dirab nan kominote yo. Li envite tout moun, kit se ti peyizan, kit se moun ki enterese nan agrikilti, pou pataje eksperyans yo, metòd yo, ak siksè yo nan fè agrikilti ki respekte anviwònman an. Avèk #nouselatè, nou ka ansanm kreye yon mouvman ki valorize agrikilti ki pwodui manje bon kalite, san pwodwi chimik, pou nou ka viv nan yon anviwònman ki an sante. Se yon apèl pou tout moun angaje yo nan devlopman dirab atravè pratik agrikòl ki bon pou tè a ak pou jenerasyon ki vini yo.