kwaaze.com kwaaze.com
    Avanceret søgning
  • Log på
  • Tilmeld

  • Nattilstand
  • © 2025 kwaaze.com
    Om • Vejviser • Kontakt os • Udviklere • Fortrolighedspolitik • Vilkår for brug • Tilbagebetale • Submit a Deletion Request

    Vælg Sprog

  • Arabic
  • Bengali
  • Chinese
  • Croatian
  • Danish
  • Dutch
  • English
  • Filipino
  • French
  • German
  • Haitian creole
  • Hebrew
  • Hindi
  • Indonesian
  • Italian
  • Japanese
  • Korean
  • Persian
  • Portuguese
  • Russian
  • Spanish
  • Swedish
  • Turkish
  • Urdu
  • Vietnamese

Holde øje

Holde øje Hjul Film

Begivenheder

Gennemse begivenheder Mine begivenheder

Marked

Seneste produkter

sider

Mine sider Synes godt om sider

Mere

Forum Udforske Populære opslag Spil Jobs Tilbud Finansiering
Hjul Holde øje Begivenheder Marked Mine sider Se alt

Opdage indlæg

Posts

Brugere

sider

Gruppe

Marked

Begivenheder

Spil

Forum

Film

Jobs

Finansiering

Guyvenson Mike Gustave
Guyvenson Mike Gustave  
1 Y

#jou2 #aktivite2
Même

image
Synes godt om
Kommentar
Del
Steve Charles
Steve Charles  
1 Y

AKTIVITE J-2 PWOMOSYON LANG KREYÒL
" ISTWA ENSPIRAN NAN KOMINOTE AYISYEN AN"
FÈT GINEN PEYI DAYITI
Chak 1,2 Novanm, si ou soti nan lari peyi DAYITI, w ap jwenn moun ki ap danse ak piman, k ap di gro tèt betiz.
Se pa fèt moun fou non men se pito fèt GEDE.

Se yon fèt tradisyonèl ke prèt vodou ak manbo yo rele fèt lavi, paske daprè sa yo eksplike se yon defoulman mantal an kreyòl san yo pa fransize kreyòl yo a.
Selebre lavi paske an betiz konsa, moun ki posede lespri gede a nan tèt li a, ap rakonte provnans moun, enpòtans pati entim yo ak sa ki fèt ladann, pou demontre sa y ap di a, yo mete piman nan kò yo, yo danse, yo gouye, yo di betiz, yo festwaye ak sa yo pa wè yo ( mò yo)
Tout seyans sa yo pase nan lakou simityè !
#lepointradiometropole#ayibopost#kwaaze

image
Synes godt om
Kommentar
Del
avatar

Claudemay PIERRE

Tradisyon Lakay🔥🔥🔥
Synes godt om
· Svar · 1730045690

Slet kommentar

Er du sikker på, at du vil slette denne kommentar?

Cajuste Carlos wildy
Cajuste Carlos wildy  
1 Y

Lang kreyòl la enpòtan anpil nan travay pwofesyonèl yo

image
Synes godt om
Kommentar
Del
Guyvenson Mike Gustave
Guyvenson Mike Gustave  
1 Y

#jou2 #aktivite1
TÈKS SOU KIJAN KREYÒL KA SÈVI POU INOVE NAN TEKNOLOJI
Lè n ap pale de teknoloji, nou souvan wè dokiman yo ekri nan lòt lang tankou (anglè , fransè...) Men, èske nou janm reflechi sou pwisans pwòp lang manman nou, kreyòl la, nan mond teknoloji ya? Kreyòl, se yon lang ki rich nan imaj ak kreyativite, ki kapab bay yon lòt fason pou nou inove . Li ka kreye yon pon ki mennen nou nan yon epòk kote nou pa senpleman konsome teknoloji, men n ap kreye l.
Itilizasyon kreyòl nan teknoloji ka ofri lòt imaj nan inovasyon. Kreyòl la, ak tout richès li yo, ka sèvi kòm yon zouti pou devlope pwogramasyon, aplikasyon, epi tou fè fas ak solisyon inovatè ki ap reponn ak bezwen nou kòm yon kominote. Lè nou sèvi ak kreyòl pou devlope teknoloji, li kapab retire baryè ki te deja ekziste ant teknoloji ak pi fò popilasyon an, paske lang kreyòl se sa ki pi aksesib pou pi fò moun yo. Anplis, kreyòl ka ede fè teknoloji pi lokalize, sa vle di aplikasyon yo ka adapte ak bezwen ak kilti nou. Gen anpil bagay ou ka fè nan domèn teknoloji lè ou entegre lang kreyòl la. Men kèk egzanp:
1.Yon aplikasyon sou agrkilti
ki bay enfòmasyon sou kisa ki sezon kiltivasyon an, kijan pou jere tè a, ak kilè ki pi bon moman pou rekòlte tout nan kreyòl. Sa a se yon zouti ki kapab revolisyone agrikilti peyi a, paske li ekri nan lang pèp la konprann pi byen an, e konsa agrikiltè yo kapab aplike konsèy yo pi fasil.
2. Aplikasyon Edikatif:
Ou ka devlope aplikasyon mobil oswa platfòm entènèt ki sèvi ak kreyòl pou ansèyman matematik, syans, lang, ak lòt matyè. Konsa yon etranje kapab konsilte aplikasyon an poul kapab aprann pale lang lan . Konsa tou Sa ka amelyore aksè ak nivo konpreyansyon pou elèv ayisyen Yo tou.
Imajine yon Wobo ki pale kreyòl, oubyen yon entèfas ki itilize pwovèb kreyòl pou edike timoun. Teknoloji sa a t ap vin yon pati anndan kilti nou, li t ap valorize lang nou pandan l ap ede nou pwogrese ekonomikman.
3. Sistèm Entèlijans Atifisyèl (IA) an Kreyòl : Kreye motè rechèch , asistan vityèl, ak entèlijans atifisyèl ki pale ak konprann kreyòl. Sa a ka ede nan sèvis kliyan, sante, ak lòt sèvis piblik.
4. Pwogramasyon Lokal : Kreye lang pwogramasyon oswa zouti devlopman lojisyèl ki itilize kreyòl, sa ap fè devlopè lokal yo pi fasil pou aprann epi kreye.
5. Sistèm Kominikasyon Ijans: Kreye aplikasyon oswa sèvis kominikasyon nan kreyòl pou fè moun konnen ijans natirèl (tankou siklòn ak tranblemanntè) ak bay enstriksyon klè sou kijan pou nou aji.
6. Zouti Dijital pou Biznis: Devlope platfòm pou ti biznis, kote resous pou antreprenè yo ta aksesib nan lang kreyòl. Aplikasyon jesyon kontablite, pèman, ak sistèm jesyon relasyon ak kliyan nan lang kreyòl ta ka ede antreprenè lokal yo pi byen jere biznis yo.
7. Jwèt Videyo Kiltirèl: Nou ka kreye jwèt videyo ki prezante istwa, mitoloji, ak kilti ayisyen, ak tout dyalòg ak narasyon an kreyòl. Sa ta pèmèt moun konekte ak idantite nou pandan y ap amize.
8. Aplikasyon Sante: Kreye yon aplikasyon sante nan kreyòl ki bay konsèy sou fason pou nou manje , sante mantal, ak sèvis medikal. Moun nan zòn riral yo ka pi byen konprann ak itilize enfòmasyon sa yo.
9. Platfòm Fòmasyon Teknolojik:
Devlope platfòm fòmasyon kote moun ka aprann kòd, devlopman aplikasyon, oswa lòt konpetans teknolojik nan kreyòl.
10. Kreyòl nan Rechèch Syantifik: Kreye yon bazdone ki tradwi tèks syantifik ak rechèch nan kreyòl, fè syans vinn pi aksesib pou kominote ki pale kreyòl yo.
Se pa paske nou pa gen talan oswa resous ki fè teknoloji ya ale kite nou. Se paske nou pa fin konprann tout potansyèl nou genyen nan pwòp kilti ak lang nou yo. Kreyòl la, si li ta rantre nan inovasyon teknolojik yo, ka vin tounen yon pilye nan devlopman peyi a. Li ka pote plis valè nan fason nou kreye ak konsome teknoloji. Sa ki pwòp a nou, tankou imaj kreyatif ak sans pratik nan rezoud pwoblèm chak jou.
Menm jan tou, devlope yon sistèm edikatif dijital ki sèvi ak kreyòl ka ofri yon gwo avansman. Imajine yon platfòm kote tout resous yo ak materyèl yo disponib nan kreyòl, ki fè elèv yo konprann pi byen. Sa ap ede amelyore nivo edikasyon an, epi kontribye nan kreyasyon pwofesyonèl teknoloji ki gen yon baz solid epi ki ka kreye nan lang natif natal nou. Nou ta ka wè yon jenerasyon ki anbrase kreyòl nan inovasyon teknolojik ak syantifik, ki devlope aplikasyon pou rezoud pwòp pwoblèm yo, tankou amelyore sèvis sante, amelyore kominikasyon nan zòn riral yo, ak kreye zouti pou ti biznis yo.
Nou gen kapasite pou pran yon plas nan pwogrè teknolojik mondyal la, si sèlman nou chwazi devlope li nan fason ki reflete kilti nou ak lang nou paske inovasyon se pa sèlman nan zouti yo, men nan fason nou panse epi komanse. #konkou #kreyòl #kwaaze

image
Synes godt om
Kommentar
Del
avatar

Me I

Mwen vote pou mike
Synes godt om
1
Synes godt om
· 1729619509
1 Svar

Slet kommentar

Er du sikker på, at du vil slette denne kommentar?

avatar

Smeralda Tanis

Mw vote pou Mike
Synes godt om
1
Synes godt om
· 1729619525
1 Svar

Slet kommentar

Er du sikker på, at du vil slette denne kommentar?

avatar

Cephora Phelice

Mwen vote pou Mike
Synes godt om
1
Synes godt om
· 1729620492
1 Svar

Slet kommentar

Er du sikker på, at du vil slette denne kommentar?

Steve Charles
Steve Charles  
1 Y

AKTIVITE J-2 PWOMOSYON LANG KREYÒL
" HASHTAG KI REPREZANTE ENPÒTANS KREYÒL NAN KOMINOTE NOU AN "

LANG KREYÒL AYISYEN AN PÈMÈT NOU LYE ANSANM, KIT MOUN LAVIL, KIT MOUN ANDEYÒ, KIT AKSAN OKAP, OKAY ELATRIYE... KIT SE ENSTITISYON LEGAL OSWA ENFÒMÈL, KIT SE NÒT LETA NAN TOUT CHAPANT ENSTITISYON YO, KIT SE NAN BWAT PRIVE PRATIK KREYÒL LA FÈ NOU KONPRANN KIYÈS PÈP NOU YE, POUKISA NOU LA, KOTE NOU DWE ALE !!
KREYÒL LA BÈL !!

image
Synes godt om
Kommentar
Del
avatar

Claudemay PIERRE

Yon lang, 🔥 Yon pèp🔥
Synes godt om
· Svar · 1730045725

Slet kommentar

Er du sikker på, at du vil slette denne kommentar?

Anderson ELusca
Anderson ELusca    delte en  stolpe
1 Y

Ajoute Achtag ou

#kreyòl
#konkou
#kwaazea

KWAAZE
KWAAZE  
1 Y

#gèachtag

Deja gen 68 pòs ki fèt ak #kreyòl la sou kwaaze lèw ajoute #kreyòl la Nan pòs ou , ou patisipan Nan yon mouvman Pou met #kreyòl la pi popilè Sou kwaaze Youn , yon lòt bò ou pèmèt "Votan" jwenn kontniw pi fasil #yonsèladrès.

Ann ale Viktwa dwe Pou Kreyòl la.

#konkou
#kreyòl
#kwaazea

image
Synes godt om
Kommentar
Anderson ELusca
Anderson ELusca    delte en  stolpe
1 Y

KWAAZE
KWAAZE  
1 Y

Ou renmen Kreyòl ew deja prezan Sou kwaaze pa vre men kijanw ka aji Pou sipòte bèl kreyasyon patisipan Nou yo deja kòmanse pibliye

Klike la Sou #kreyòl #kreyòl #kreyòl

Wap jwenn anpil Kontni , Vote , Sipòte!

Viktwa Pou Kreyòl la!

#konkou
#kreyòl
#kwaazea

image
Synes godt om
Kommentar
Cajuste Carlos wildy
Cajuste Carlos wildy  
1 Y

Kreye Yon hashtag ki reprezante enpòtans kreyòl la nan kominote nou an .


Yon mwayen zansèt nou yo konstwi kolektivman, nan sitiyasyon babelizasyon ki te karakterize lavi yo nan koloni Sendomeng nan. Se sa ki te pèmèt yo rive kominike antre yo. Se yon trezò yo kite pou nou e ki reprezante prensipal eritaj nou jwenn nan men yo. Kreyòl la se yon zouti kominikasyon ki ini 100% pèp ayisyen an. Men, li plis pase sa. Se yon mwayen ki pèmèt nou chak lokitè (re)prezante tèt nou, (re)prezante lemonn. Se yon mwayen espresyon idantitè ki patisipe nan emèjans ontoloji chak manm kominote a.

Sa toujou kòche zòrèy mwen lè mwen tande moun ap fè lwanj pou lang nan kote yo ap parade nan diskou : "Kreyòl la bèl ! Kreyòl la chèlbè !" Malerezman, se sa mwen tande chak 28 oktòb, chak 21 fevriye, pafwa chak 8 septanm. Lang nan pa bezwen sa. Yon lang pa ka ni bèl ni lèd. Li se yon zouti idantitè, yon enstriman kominikasyon ki granmoun tèt li. Yon lang se yon antite otonòm ki kenbe rezon grandèt li nan pla men li. Bèlte li ak rezon grandèt li se marasa. Yo pa lwanje bèlte yon lang ; se viv yo viv sa. Mwen renmen al achte sèl. Mwen pa ko janm tande yon machann ap fè piblisite pou di kliyan li yo se sèl pa li a ki pi sale. Kout pous lang nan bezwen nan men chak lokitè, chak sitwayen, chak gwoup òganize, chak enstitisyon se pa ni lwanj, ni dyòlè, men se sèvi ak li nan tout kalte sitiyasyon pandan yo ap respekte mekanis fonksyònman li (prensip fonolojik, sentaksik, leksiko-semantik…) san melanje li ak okenn lòt lang nou aprann apre nou fin trape li natirèlman, nan fanmi nou, nan kominote a.


Sa nou dwe fè kòm lengwis, akademisyen, an plis responsablite mwen sot endike la a, se pwodui refleksyon e fè piblikasyon pou ede lòt lokitè, lòt sitwayen konprann mekanis fonksyònman lang nan e rezon ki fè li nesesè pou nou respekte mekanis fonksyònman sa a. Lè yon lengwis oswa yon akademisyen lang kreyòl ayisyen an ap fè dyòlè pou lang nan nan chante li bèl, li chèlbè, mwen konprann li pran lang nan pou yon jwèt, oswa li pa konprann ki sa yon lang ye. Paske fonksyon yon lang twò enpòtan pou li ta kite nou pran li pou yon jwèt. Yon lang pa yon jwèt. Menm jan an tou, lengwistik pa yon jwèt. Yon akademi pa yon jwèt non plis!

Si se yon powèt oswa yon literè ki di li, sa pa rezone nan menm degre foste, tankou lè se yon inivèsitè ki di li, menm si powèt la oswa literè a kapab yon inivèsitè tou. Pi gwo dyòlè oswa lwanj yon lengwis ayisyen, yon akademisyen ka fè pou kreyòl la se yon pledwaye eklere pou lang nan pran plas li merite nan kominote a kòm lang matènèl san pou san Ayisyen, pou li tounen lang ansèyman tout bon nan eskolarizasyon fondamantal timoun yo jiskaske yo fin antre nan esperyans literasi a, sa ki vle di lè yo fin metrize sistèm lekti ak ekriti san gade dèyè. Kon sa, lè pou yo pase nan yon lòt lang, sa ap vin pi fasil.


Kreyòl se premye mwayen Ayisyen genyen pou li viv, prezante e reprezante tèt li. Se sa nou ta kapab rele kreyolitid li. Konstitisyon an gen rezon presize li se siman ki ini pèp ayisyen an. Men reyalite sosyal yo ta vle montre kreyòl la sèvi kòm yon zouti divizyon paske nou pa fè li jwe wòl li dwe jwe nan lavi idantitè e sosyo-edikatif chak grenn Ayisyen.

Anatomis la pa lwanje mèvèy sistèm kò moun. Li travay sou li pou konprann li e fè lòt moun konprann li tou pou pwoteje li. Pilòt la kapab emèveye devan rezo eleman ki devan li nan kokpit avyon an, men li pa chita ap fè dyòlè pou sa. Li manevre sistèm ki devan li a pou li navige nan sans pou li kondi aparèy la nan bon direksyon. Meteyowolojis la pa kontante li fè dyòlè pou mouvman lanati ki tèlman bèl ki ta sanble inesplikab. Men, li chèche konprann li, fòme esplikasyon, kreye konsèp si yo pa deja egziste pou esplike mèvèy natirèl k ap defile devan nou epi fè nou konprann yo, pou nou chèche amoni ki dwe ini nou ak manman lanati.

Synes godt om
Kommentar
Del
KWAAZE
KWAAZE  
1 Y

#gèachtag

Deja gen 68 pòs ki fèt ak #kreyòl la sou kwaaze lèw ajoute #kreyòl la Nan pòs ou , ou patisipan Nan yon mouvman Pou met #kreyòl la pi popilè Sou kwaaze Youn , yon lòt bò ou pèmèt "Votan" jwenn kontniw pi fasil #yonsèladrès.

Ann ale Viktwa dwe Pou Kreyòl la.

#konkou
#kreyòl
#kwaazea

image
Synes godt om
Kommentar
Del
avatar

Katiana Antoine

Mwen vote pou Wilson
Synes godt om
· Svar · 1730033403

Slet kommentar

Er du sikker på, at du vil slette denne kommentar?

avatar

Kaymie Kaymillie

Mw vote pou Mike
Synes godt om
· Svar · 1730059586

Slet kommentar

Er du sikker på, at du vil slette denne kommentar?

Cajuste Carlos wildy
Cajuste Carlos wildy  
1 Y

Kijan lang kreyòl la sèvi pou inove nan teknoloji?

Lang kreyòl inove nan teknoloji a pa sèl nan òdinatè non medya aksyolojik sikolojik plis pase vendredi âne òdinatè fòme fason nou kominike avèk mond lan sa yo entèraksyon AK òdinatè a m'en plis entèraksyon AK òdinatè sosyal atravè òdinatè a jan yo montre nou itilizasyon yo AK anlyze yo
Si kounye a nou konsantre sou entèraksyon ki genyen ant enstrimantasyon AK inovasyon ansèyman lang lan AK teknoloji se Yon bon egzanp Yon disiplin ki te enstriman depi lontan ki montre si sa nesesè ke inovasyon teknik pa ase pou enstale itilizasyon inovatè nou wè kijan AK nan ki kondisyon pwosesis enstrimantasyon an ap dewoule nou konstate tou ke se refòm sa yo ki te adopte nan etablisman yo pa pwosesis aparisyon nan nivo kontèks lokal yo tankou sa yo ke nou pral egzamine aprè metòd odyo-oral épi metòd ofyovizèl medya te koute anpil sou teknoloji ki te prèske esansyèl nan aplikasyon yo metòd sa yo baze sou twa poto sa yo ki se ( aksyolojik, sikolojik, praxeolojik) 'an nenpòt modèl edikasyon nap ajoute Yon santé lengwistik kiltirèl. Santé prakseolojik la se ki fòme AK Yon zouti didaktik AK enstriman saksyon ki garanti efikasite nan modèl li gen la d'annuler zafè teknik nan ka laboratwa lang lan apwòch kominikatif apwòch entèrasyonèl oswa aksyon teyori sosyokonstriksyon oswa sosyokiltirèl ki postule devlopman lang lan tankou devlopman kognitif sòti nan pratik sosyal kot entèraksyon gen Yon wòl konstititif yo pa baze sou Yon teknoloji presi ankò m'en yo sèvi AK tout enstriman sksesib pou anrichi sitiyasyon edikasyon pandan òdinatè konsidere kòm pi gwo inovasyon nan mitan tout chanjman ki fèt nan aprann lang lan

Synes godt om
Kommentar
Del
Showing 81 out of 433
  • 77
  • 78
  • 79
  • 80
  • 81
  • 82
  • 83
  • 84
  • 85
  • 86
  • 87
  • 88
  • 89
  • 90
  • 91
  • 92
  • 93
  • 94
  • 95
  • 96

Rediger tilbud

Tilføj niveau








Vælg et billede
Slet dit niveau
Er du sikker på, at du vil slette dette niveau?

Anmeldelser

For at sælge dit indhold og dine indlæg, start med at oprette et par pakker. Indtægtsgenerering

Betal med tegnebog

Betalingsadvarsel

Du er ved at købe varerne, vil du fortsætte?

Anmod om tilbagebetaling