Jou5
Aktivite 4
#istwa
Pote Chay Youn Pou Lòt
Apre siklòn Matye te fin pase nan sid peyi a, mwen tap fè yon repòtaj nan yon ti kominote ki te fè fas ak anpil difikilte apre yon gwo siklòn sa. Tèren yo te detwi, kay anpil moun te kraze, epi wout prensipal yo te bloke. Men, nan mitan tout pwoblèm sa yo, m te sezi wè fòs ak solidarite nan kominote a.
Mwen rankontre yon dam ki rele Rosali, ki t ap mache ak yon galon dlo sou tèt li pou pote bay vwazen li yo. Pandan l ap mache, yon lòt jèn gason vini, li pran galon an sou tèt li pou ede l. Rosali souri epi li di: “Se konsa nou toujou fè, lè youn pa ka, lòt la ede.” Kote youn echwe, yon lòt pran kontwòl epi kontinye.
Jou sa a, kominote a te reyini pou netwaye ansanm, menm moun ki te fin pèdi prèske tout bagay t ap ede. Yo di m: Menm lè lavi difisil, se ansanm nou pi fò. Se nan fè youn pou lòt, nan sipòte ak konprann youn lòt, nou jwenn fòs pou rebati.
Moral:
Motivasyon, lanmou pou lòt, ak solidarite fè yon kominote vinn solid menm nan moman ki pi difisil yo. Fòk nou pa janm bliye ke chak aksyon, menm yon ti aksyon senp, ka fè yon gwo diferans nan lavi yon lòt moun.
#kreyòl #kwaaze #konkou