Ki lòt mizik ki nan playlist ou ankò?
#kotenou
#konkou #kreyòl #kwaaze
Kreyòl, Lang natif natal nou, gen potansyèl pou inove nan teknoloji. An nou pran egzanp yon sistèm edikasyon entèaktif an Kreyòl, tankou aplikasyon pou aprantisaj pwogramasyon, ta ede elimine baryè langaj la ki souvan kanpe wout anpil jèn talan nan peyi a. An n panse ak yon aplikasyon ki ede ti jèn ayisyen aprann kodaj nan yon lang yo konn byen. Se pa sèlman yo t ap konprann pi byen, men yo t ap vin pi motive lè yo wè lang natif natal yo ka sèvi nan yon domèn ki gen prestij tankou teknoloji.
Epitou, yon inisyativ konsa t'ap pèmèt kominote devlopè yo gen yon lyen solid kote yo t'ap kapab pataje konesans yo, kreye bibliyotèk pwogramasyon ki adapte ak pwoblèm espesifik peyi a, tankou agrikilti, sante, ak jesyon resous. Lè jèn kreyatè yo santi yo lib pou inove nan pwòp lang yo, yo gen plis chans patisipe epi kreye solisyon inik pou pwoblèm kominote yo.
Kreyòl ta kapab kreye yon mak inik nan inovasyon mondyal la. Platfòm dijital ak aplikasyon Kreyòl, ki reflete kilti ak valè ayisyen yo, ta ka atire enterè mondyal epi montre ke langaj lokal kapab yon fòs inovatè. Avèk yon kominote devlopè ak itilizatè k ap travay ansanm, nou ka reyimajine teknoloji, pa sèlman kòm yon zouti pou chanje lavi, men tou kòm yon mwayen pou pwoteje ak valorize lang ak kilti nou. Kreyòl pa ta ka jis yon lang tradisyonèl, men yon lang avni tou.
#dynamique_mag.com
#jou2
1.inove lang kreyòl la nan teknolij a...
Jodia nou nan yon epòk kote teknoloji a avanse anpil , si nou vle lang nou kreyòl la inove nan teknoloji a nou dwe kòmanse depi anba, nan fòmasyon timoun yo aprann yo an kreyòl, nan tout nivo liv yap etidye yo an kreyòl, aprann timoun yo fyète ki genyen nan itilize lang kreyòl la ,deja nan lane 2008 nou fè yon gran pa nan kreyasyon AKA (Akademi Kreyòl Ayisyen). enpòtans ki genyen lè w fè pèp ou konprann valè lang li, nou pap pè palel nenpòt kote nou rive ,nap vin gen plis kontni an kreyòl nan mond dijital la , e lè sa lòt nasyon ki pa pale lang kreyòl la ,pral chache konprann li plis pou kapab kominike ak nou,menm jan nou wè yo kòmanse fèl sou TikTok,Facebook ak lòt platfòm yo , e se nan moman sa nou pral bezwen plis sèvo entèlektyèl, edikasyon, sosyoloji, antwopoloji, lengwistik, sikoloji ,elatriye ki pral kreye plis atik ,plis dokiman sètifye ,pou kreye fasilite pou moun jwenn tout enfòmasyon sou lang kreyòl la.
Se konsa lang nou ap inove nan mond dijital la
●Fyè de lang nou
●Kreye plis kontni nan mond dijital la sou lang kreyòl nou
●Kreye atik ak dokiman kap fasilite lòt moun aprann e konprann lang kreyòl la
epi lang kreyòl la ap jwenn plas li tout kote tankou tout lang nan mond lan.
#konkou #kreyòl #wilson #inove #kwaaze #konkoukontniankreyòl