Èske w konnen non jèn Imoris sa a? 🤔 Si w rekonèt li, ekri non li anba a epi fè lòt moun dekouvri talan sa!
#magazinews
Èske w konnen non jèn Imoris sa a? 🤔 Si w rekonèt li, ekri non li anba a epi fè lòt moun dekouvri talan sa!
#magazinews
Ativite#4 jou 2
#kwaaze
#konkou
#kontni
#kreyol
#istwa
Nan yon ti Bouk ki rele Reyobòt te gen yon jèn gason ki te rele Hudson. Hudson te toujou gen yon rèv, se poul fè lang kreyol ale pi lwen, e de anpil moun a byen kominike nan kominote a.
Hudson te gen 3(toua) Zanmi( Anderson, Luckenley e Michelène. Yo te lekol menm kote! Yon jou, Hudson te deside òganize yon gwo fèt lakay li,kote tout zanmil yo te reyini ak kek lot manm fanmi an. Zanmi yo te pote manje,bwason, se konsa yo tap manje ansanm e tande bèl mizik toubadou. Avan li te pase semèn ap travay di sou yon pwojè, li te pwofite pataje ak zanmil yo ide pwojè a, epi fè yo konprann enpòtans inite ak kolaborasyon. Apre anpil pale sou pwojè a, tout moun te dakò pou patisipe.. Malgre kondisyon ekonomik yo te difisil, li te kwè ke ansanm, yo ka chanje bagay yo. Yo arive vin kreye pwojè a! Se te yon platfòm kominikasyon pou inovasyon lang kreyol la.
Ansanm yo diside pou platfòm nan gen yon non ki pwop ak li. Se la yo vini jwenn non pou platfòm nan ki se KWAAZE.
Konsa !Kwaaze te tounen yon platfòm kote. Tout Moun te frekante yo e te vin kapap pataje (foto,istwa e kominike ansanm)Sa te kreye yon atmosfè ki te ranfòse lyen yo. Hudson te wè ki jan inite ka pote chanjman, ki jan kè kontan ka simaye espwa.
Hudson te aprann ke, menm si li te sèlman yon jèn gason, li te kapab enspire lòt moun. Kwaaze te vin pi fò, e tout moun te reyalize ke ansanm, yo kapab atenn tout rèv yo.
Se konsa, istwa Hudson nan montre nou ke inite ak kolaborasyon ka fè yon diferans. Lè nou mete tèt ansanm, pa gen anyen ki enposib.
Kreyol okipe yon plas enpòtan nan mond lan nan teknoloji, e gen plizyè rezon konvenkan pou sa. Premye a tout, kreyol se lang referans , dokiman teknik ak rapò ki ponctue jaden teknolojik la. Pou jwenn aksè nan resous esansyèl sa yo, li esansyèl pou w gen yon konesans solid nan kreyol Anplis de sa, anpil konpayi teknoloji itilize kreyol kòm lang ofisyèl travay yo. Entèaksyon chak jou, reyinyon, konferans ak prezantasyon yo anjeneral fèt an kreyol AK angle, paske li se yon langaj pou kominikasyon ant kòlèg ak patnè biznis atravè mond lan.
Revolisyon dijital ak teknolojik la ap pote pati nan chanjman pwofon nan ekonomi global nou an. Teknoloji ap transfòme travay ak konpetans. Plis an jeneral, li reòganize ekonomi an ak anpil endistri: lavant, piblikasyon, transpò, e menm bank. Nan UK a, tranzaksyon sou entènèt deja reprezante prèske yon senkyèm nan lavant Yo Vann an Detay. Yon evolisyon miltipliye pa 5 konpare ak 2008, kidonk nan 10 ane evolisyon ekonomi an ak transfòmasyon li yo pwofon. Gran komès elektwonik yo kapab ranvèse plizyè zòn ki te deja pa aksesib, tankou Alibaba, ki posede yon bank e kounye a, ofri sèvis prè bay kliyan li yo sou tè Chinwa.
Teknoloji ap gen yon enpak k ap grandi sou aprantisaj lang kreyol atravè mond lan. Peyizaj ansèyman ak aprantisaj lang sa te transfòme tèlman rapid ke sal klas fòmèl la pa se kote prensipal pou aprann lang sa ankò. Amelyore aprantisaj lang ak aplikasyon pou aprantisaj sou entènèt ak teknoloji pa gen anyen nouvo depi sistèm edikasyon fòmèl nou an ap itilize diferan zouti teknoloji edikasyonèl ak kontni aprantisaj miltimedya pandan plizyè dizèn ane.
Jou2
Aktivite 3
#kreyòlsefòsnou
Li senbolize kijan lang kreyòl la se yon poto mitan pou inite, idantite, ak pwogrè nan kominote a.
#konkou #kwaaze #kreyòl
Enpotans Lang kreyol la nan lavi'm?
Lang kreyol la vrèman enpotan paske li jwe yon kominikasyon Ak komèsyal. Kreyol se lang ofisyèl peyi Dayiti e li se lang manman nou AK zansèt nou yo , Gen plizyè rezone yo paka jistifye pou kisa yo abandone yon lang ki si rich ke sa kreyol se yon lang pwolifik ki gen pwòp gramè li AK vokabikè li, malerezman anpil moun pa gen konsyans de sa yo prefere gen prejije sou lot lang tankou anglè AK fransè nan lide yap itil yo.
Anpil inyore ke kreyol Ayisyen gen yon enpak pozitif nan devlopman pèsonèl timoun yo,sou plan entèlektyèl, sosyal,edikatif e menm ekonomik.
Kreyol se dènye kòdon onbikal ki relye nou AK patri nous. Pale kreyol se yon fason pou valorize kilti AK patrimwàn se pa pou anyen yo rele'l lang vivant.
Kreyol représente anpil bagay nan lavi'm li fè'm sonje rasin Mwen orijin Mwen AK ki kote'm soti. Se sak fè Mwen antanke kreyol dwe kenbe tet Mwen e ranje kò'm pou pitit Mwen ka Fyè ke yo se kreyol.
Sa map konseye yon paran Toujou fè timoun yo sonje kibo yo soti e rasin yo menmm si yo fèt aletranje @
#jou2
#aktivite1
#kreyòl #kwaaze #konkou
Kreyòl: Lang Inovasyon Teknolojik la
Nan yon mond kote teknoloji ap evolye chak segonn, Kreyòl pa dwe rete dèyè. Lang lan gen kapasite pou l inove ak pou l jwe yon wòl kle nan devlopman teknoloji modèn. Imajine aplikasyon entèlijan ki pale Kreyòl, zouti dijital ki fasilite aprantisaj atravè mond lan, oswa asistan vityèl ki ka reponn ak konprann bezwen moun k ap pale kreyòl chak jou.
Kreyòl ka sèvi kòm fondasyon pou kreye platfòm, tankou KWAAZE, ki pèmèt itilizatè yo kominike pi fasil. Aplikasyon mobil pou antreprenè lokal ki bay aksè a teknoloji finans, sistèm agrikòl entelijan ki ede peyizan amelyore pwodiksyon yo, oswa menm pwogram edikatif ki aksesib pou tout elèv nan lang matènèl yo. Sa a se lavni nou ka bati lè nou mete Kreyòl nan kè inovasyon teknolojik la.
Nou ka itilize Kreyòl pou devlope algoritm entèlijans atifisyèl ki konprann epi reponn a bezwen kominote lokal yo. Kreyòl nan teknoloji pa sèlman ap fè moun plis konekte ak zouti modèn yo, men li ap anrichi pwosesis devlopman teknolojik mondyal la avèk yon lang ki chaje istwa ak eksperyans.
Se tan pou Kreyòl antre nan domèn teknoloji avèk fòs. Kreyòl ka simante yon nouvo chapit nan istwa dijital la, kote inovasyon rive jwenn chak kwen nan sosyete nou an, san baryè lengwistik, epi ak yon avni kote tout moun ka patisipe epi kreye.
Nou dwe ankouraje kreyatè kontni an kreyòl yo!!
Kreyòl: Teknoloji ap pale li!