kwaaze.com kwaaze.com
    اعلی درجے کی تلاش
  • لاگ ان کریں
  • رجسٹر کریں۔

  • دن کا موڈ
  • © {تاریخ} kwaaze.com
    کے بارے میں • ڈائرکٹری • ہم سے رابطہ کریں۔ • ڈویلپرز • رازداری کی پالیسی • استعمال کی شرائط • واپس کرنا • Submit a Deletion Request

    منتخب کریں۔ زبان

  • Arabic
  • Bengali
  • Chinese
  • Croatian
  • Danish
  • Dutch
  • English
  • Filipino
  • French
  • German
  • Haitian creole
  • Hebrew
  • Hindi
  • Indonesian
  • Italian
  • Japanese
  • Korean
  • Persian
  • Portuguese
  • Russian
  • Spanish
  • Swedish
  • Turkish
  • Urdu
  • Vietnamese

دیکھو

دیکھو ریلز فلمیں

تقریبات

ایونٹس کو براؤز کریں۔ میرے واقعات

مارکیٹ

تازہ ترین مصنوعات

صفحات

میرے صفحات پسند کردہ صفحات

مزید

فورم دریافت کریں۔ مقبول پوسٹس کھیل نوکریاں پیشکش کرتا ہے۔ فنڈز
ریلز دیکھو تقریبات مارکیٹ میرے صفحات تمام دیکھیں

دریافت پوسٹس

Posts

صارفین

صفحات

گروپ

مارکیٹ

تقریبات

کھیل

فورم

فلمیں

نوکریاں

فنڈز

StylKoD Always
StylKoD Always  مشترکہ a  پوسٹ
2 سال

Nou dwe gen pwop teknoloji pa nou

Giliana Bruno
Giliana Bruno  
2 سال

#konkou #kreyòl #kwaaze


Kreyòl, Lang natif natal nou, gen potansyèl pou inove nan teknoloji. An nou pran egzanp yon sistèm edikasyon entèaktif an Kreyòl, tankou aplikasyon pou aprantisaj pwogramasyon, ta ede elimine baryè langaj la ki souvan kanpe wout anpil jèn talan nan peyi a. An n panse ak yon aplikasyon ki ede ti jèn ayisyen aprann kodaj nan yon lang yo konn byen. Se pa sèlman yo t ap konprann pi byen, men yo t ap vin pi motive lè yo wè lang natif natal yo ka sèvi nan yon domèn ki gen prestij tankou teknoloji.

Epitou, yon inisyativ konsa t'ap pèmèt kominote devlopè yo gen yon lyen solid kote yo t'ap kapab pataje konesans yo, kreye bibliyotèk pwogramasyon ki adapte ak pwoblèm espesifik peyi a, tankou agrikilti, sante, ak jesyon resous. Lè jèn kreyatè yo santi yo lib pou inove nan pwòp lang yo, yo gen plis chans patisipe epi kreye solisyon inik pou pwoblèm kominote yo.

Kreyòl ta kapab kreye yon mak inik nan inovasyon mondyal la. Platfòm dijital ak aplikasyon Kreyòl, ki reflete kilti ak valè ayisyen yo, ta ka atire enterè mondyal epi montre ke langaj lokal kapab yon fòs inovatè. Avèk yon kominote devlopè ak itilizatè k ap travay ansanm, nou ka reyimajine teknoloji, pa sèlman kòm yon zouti pou chanje lavi, men tou kòm yon mwayen pou pwoteje ak valorize lang ak kilti nou. Kreyòl pa ta ka jis yon lang tradisyonèl, men yon lang avni tou.


#dynamique_mag.com

image
پسند
تبصرہ
StylKoD Always
StylKoD Always  مشترکہ a  پوسٹ
2 سال

Kominikasyon lang kreyol se yon fyete

Giliana Bruno
Giliana Bruno  
2 سال

Enpòtans lang kreyòl nan lavi toulèjou
Lang kreyòl la se plis pase yon senp mwayen kominikasyon; li se yon pati entegre nan lavi chak jou pèp Ayisyen an. Chak jou, kreyòl la sèvi kòm zouti pou konprann, pataje, ak kominike nan tout aspè nan sosyete a. Se li menm ki kreye koneksyon ant moun k ap viv ansanm, men li se tou yon poto mitan pou idantite ak kilti nou kòm Ayisyen.
Kreyòl nan Fanmi ak Kominote
Lè nou pale kreyòl lakay nou, se yon fason pou n kreye yon espas kote chak moun santi yo alèz, espesyalman nan fanmi yo. Se lang lan nou itilize lè nou ap bay konsèy, pale ak timoun yo, epi menm lè n ap selebre moman espesyal nan lavi a, tankou fèt ak lòt okazyon enpòtan. Lang kreyòl la se lanmou ak tradisyon ki pase soti nan jenerasyon an jenerasyon, se li menm ki kenbe fanmi ak kominote nou soude.
Kreyòl nan Lekòl ak Travay
Nan domèn edikasyon, itilize kreyòl pèmèt elèv yo aprann pi byen paske se lang yo konprann pi fasil. Lè timoun yo resevwa leson nan lang yo pale chak jou, yo angaje pi byen, yo poze plis kesyon, epi yo pi fasil pou yo reyisi. Kreyòl se lang ki ede yo aprann epi devlope konpetans ki nesesè pou yo grandi. Nan travay tou, kreyòl se lang prensipal ki pèmèt tout moun kominike klèman, soti nan ti biznis nan mache a rive nan gwo antrepriz nan vil la.
Kreyòl nan Kilti ak Tradisyon
Se atravè kreyòl la nou selebre richès kilti nou. Li se lang istwa nou, dans nou, mizik nou yo. Lè nou chante mizik rasin, lè n ap danse nan fèt lakou, oswa lè nou ap rakonte istwa zansèt nou yo, se kreyòl la ki pote emosyon ak vivans nan tout sa nou fè. Se li menm ki pèmèt kilti nou pwospere epi grandi, menm lè nou ap fè fas ak defi nan sosyete a.
Kreyòl se yon Lang pou Tout Moun
Kreyòl la bay tout moun yon vwa, li fè kominikasyon posib nan tout zòn, kit ou nan vil, kit ou nan riral, li kreye yon espas kote chak moun ka santi yo alèz pou yo eksprime tèt yo. Soti nan ti machann nan mache a, jiska pwofesè ak doktè, tout moun sèvi ak kreyòl pou regle zafè yo, fè kominikasyon klè epi senp.
Se responsablite chak moun pou kontinye sèvi ak kreyòl nan lavi chak jou, paske li se yon lang ki anrasinen nan istwa nou epi ki gen yon avni klere. Si nou vle asire ke idantite nou rete vivan, nou dwe pwoteje ak ankouraje itilizasyon kreyòl nan tout domèn nan sosyete a keseswa nan fanmi, lekòl, travay, ak menm nan gouvènman. Kreyòl se fòs nou, li se patrimwàn nou, epi li se kle pou bati yon Ayiti ki pi solid.
#konkou #kwaaze #kreyòl

image
پسند
تبصرہ
StylKoD Always
StylKoD Always  مشترکہ a  پوسٹ
2 سال

Giliana Bruno
Giliana Bruno  
2 سال

#konkou #kreyòl #kwaaze

Anni se yon timoun ki toujou renmen salye Moun. Chak maten, lè l ap ale lekòl, li salye tout moun li rankontre nan katye a, epi lè l ap retounen, li salye yo ankò. Lè li al achte plizyè fwa nan yon jounen, li toujou salye moun yo ankò. Pami tout moun sa yo, te gen Madan Joz, yon vwazin ki pa t janm reponn salitasyon Anni. Men malgre sa, Anni pa janm sispann salye li.

Yon jou, kouzin Anni, Dalin, ki te vin pase jounen avè l, te remake kijan Anni toujou ap salye tout moun. Dalin di: Apa chak fwa ou pase ou salye moun yo ankò? Salitasyon ou genyen pou ou gaspiye? Sitou ak Madanm Joz ki pa janm reponn ou.

Anni, ak yon souri épi reponn li: Manman m toujou di m fòk mwen salye tout moun.
Yon maten byen bonè, pandan Anni te al pran dlo, pye l glise sou yon wòch epi li tonbe ansanm ak bokit dlo a ki te sou tèt li. Madan Joz, ki te fèk louvri pòt li, kouri vin ede Anni. Li leve l atè, ba li swen li bezwen, epi li mennen l lakay li. Madan Joz di paran Anni :M felisite nou pou jan nou leve pitit nou an. Se gras ak sajès li ke jodi a li toujou vivan. Chak fwa li wè m, li toujou salye m, menm si m pa janm reponn men mwen te toujou ap swiv li.

Respekte youn lòt se yon eritaj kiltirèl ki te fè pèp nou an jwenn valè nan je lòt nasyon. Se responsablite nou pou n kontinye kiltive sajès sa a lakay nou, paske respè se baz tout relasyon ki dire.

#pinterest

image
پسند
تبصرہ
Habacuc Paul
Habacuc Paul  
2 سال

Jou3
Aktivite3

Mwen sonje premye fwa m te gen yon entèvyou enpòtan kòm jounalis. Moun mwen t ap entèvyouve a pa t alèz nan lang franse, epi m te santi yon distans ant nou. Lè m te deside pase nan Kreyòl, tout chanje. Entèvyou a vin pi natirèl, pi reyèl. Li te ouvè kè l, li te pale avèk fyète, e m te kapab kaptire tout esans ak emosyon mesaj li t ap eseye pase a.

Lang Kreyòl la te fè m rive pi pre verite a, li te ban mwen yon koneksyon dirèk ak istwa a. Se yon eksperyans ki fè m konprann fòs lang nou an nan travay jounalis la. Lè w kominike nan lang moun santi yo konfòtab ladan l, ou reyalize plis pase sa w te espere.

#kreyol #kwaaze #konkou

#kreyòlpouverite
#palekreyòlpoukonekte
#fòskreyòlnanjounalis

image
پسند
تبصرہ
بانٹیں
avatar

Makensley Exiliaire

Mwen vote Habacuc
پسند
· جواب دیں۔ · 1729719769

تبصرہ حذف کریں۔

کیا آپ واقعی اس تبصرہ کو حذف کرنا چاہتے ہیں؟

avatar

Dartilus Marie samantha

Mwen vote Habacuc
پسند
· جواب دیں۔ · 1729720570

تبصرہ حذف کریں۔

کیا آپ واقعی اس تبصرہ کو حذف کرنا چاہتے ہیں؟

avatar

Renaldo Loudensky Janvier Dodo

Mwen voteHabacuc
پسند
· جواب دیں۔ · 1729720661

تبصرہ حذف کریں۔

کیا آپ واقعی اس تبصرہ کو حذف کرنا چاہتے ہیں؟

Cajuste Carlos wildy
Cajuste Carlos wildy  
2 سال

Pa gen pwoblèm, sof se ki antrepriz? Fòk antrepriz la tou fè pwomosyon lang la byen tou oubyen pèmèt ou ede l oubyen w a'basadè l ou fini.

image
پسند
تبصرہ
بانٹیں
Cajuste Carlos wildy
Cajuste Carlos wildy  
2 سال

Lang kreyòl la edem reyalite yon pakèt bagay nan vim donk Mwen sonje premye eksperyans travay Mwen yo tr pasem Yon inntèvyou an kreyòl yo te poze kesyon sa poukisa Mwen fè chwa de konpayi sa poum travay e premye travay pwofesyonèl

Anplis Mwen t patisipe nan akademi lang kreyòl la kote yo mete pwen e baze sou lang kreyòl la

پسند
تبصرہ
بانٹیں
motoselo blog
motoselo blog  اپنی پروفائل تصویر تبدیل کر دی
2 سال

image
پسند
تبصرہ
بانٹیں
Cajuste Carlos wildy
Cajuste Carlos wildy  
2 سال

Lanse yon antrepriz menm jan anpil nou nou kapab panse l, pa sèl mwayen pou lanse w nan antreprenarya.

Antreprenarya se yon domèn ki laj anpil e gen diferan mwayen w kapab entregre l.

Nan atik sa, ann dekouvri 5 fòm antreprenarya ki egziste yo.

1- Repriz antrepriz ( Reprise d’entreprise)
Li baze sou repran yon aktivite oubyen yon antrepriz yon pwòch ou t ap jere e li kite l pou ou oswa akoz lanmò oubyen endisponibilite .

Nan ka sa ou vin pase pwopriyetè antrepriz la si se te yon antrepriz endividyèl , oubyen aksyonè majoritè (Actionnaires majoritaire) si se te yon sosyete (Sociéte).

2- Franchiz (Franchise)
Yon moun ki pa gen oken ide antrepriz kapab idantifye yon antrepriz ki ap vann yon pwodui ki gen potansyèl sou mache a epi deside peye antrepriz sa pou li vin sa yo rele yon franchize (Franchisée).

Franchize a ap komèsyalize pwodui antrepriz la pandan l ap benefisye de notoryete franchisè a ( antrepriz ki bay dwa franchiz la).

Moun sa kapab gen pwòp lokal li, pwòp anplwaye l e menm pwòp strateji kòmèsyal li.

3- Entraprenarya (Intrapreneuriat)
Anpil nan nou kapab te inyore l, men pandan yon moun anplwaye yon antrepriz, li kapab lanse l nan antreprenarya e sa posib menm anndan antrepriz la.

Yon anplwaye yon antrepriz kapab deside pwopoze pou mennen yon aktivite sou non antrepriz la ki kapab benefik pou tou 2 pati yo.

Entraprenè a ap benefisye sipò antrepriz la pou mennen aktivite a e antrepriz la ap tire pwofi nan revni aktivite a.

4- Esemaj (Essaimage)
Fòm antreprenarya sa trè sanble ak entreprenarya a men sèl diferans lan, se antrepriz lan ki pran dispozisyon pou ankouraje anplwaye l yo a devlope konpetans antreprenaryal yo.

Gen 3 fòm esemaj :

A- Esemaj fwa ( Essaimage à froid ou actif)

Se lè w se yon anplwaye yon antrepriz epi ou gen yon pwojè ou anvi lanse. Antrepriz lan kapab akonpanye w nan pwosesis devlopman pwojè sila a.

B- Esemaj cho ( Essaimage à chaud ou social )

Li ede antrepriz la rezoud yon pwoblèm ( kapab efektif) oubyen restriktirasyon.

C – Esemaj stratejik ( Essaimage stratégique)

Li vini de yon akò de antrepriz la ak yon anplwaye pou ekstènalize yon nouvo pwodui oubyen sèvis.

Antrepriz la kapab bay anplwaye a jere antrepriz la pandan yo toujou gen yon kontwòl sou li.

5- Ex- nihilo
Se fòm ki pi popilè a, se ak li plis moun nan mond lan an patikilye jèn yo enterese.

Ex-nihilo vle di “ Partir de rien”. Fòm sa fè referans ak kreyasyon antrepriz.

Nan fòm sa, antreprenè a vin tonbe sou yon ide kote souvan san li pa gen tout resous yo a dispozisyon l men kanmèm l ap travay pou reyini yo ak eksplwate opòtinite sa.

Lanse nan you n an fòm sa yo pa fòseman fè w yon moun yon antreprenè, poukisa daprè ou ?

image
پسند
تبصرہ
بانٹیں
Cajuste Carlos wildy
Cajuste Carlos wildy  
2 سال

Yon lang se avni e rasinn peyi a Swit

image
پسند
تبصرہ
بانٹیں
Cajuste Carlos wildy
Cajuste Carlos wildy  
2 سال

Lang kreyòl la se avni nou se li ki idantite nou Yon potorik lang zansèt nou yo te goumen pou lang kreyòl lang kreyòl se rasinn peyi Akademi Kreyòl Ayisyen an ki te gen ladan li reprezantan divès enstitisyon, prive kou piblik. Konsa, soti 27 pou rive 29 oktòb 2011, komite a òganize yon kòlòk entènasyonal ki mobilize divès espesyalis nan edikasyon, sosyoloji, antwopoloji, lengwistik, sikoloji, elatriye.

Twa (3) jou kòlòk la te dewoule sou tèm “Akademi Kreyòl Ayisyen: ki pwoblèm ? ki avantaj ? ki defi ? ki avni ?” Kòlòk sa a te rive mete tout moun dakò sou wòl, òganizasyon ak fonksyònman Akademi an ta dwe genyen. 10 desanm 2012, Sena Repiblik la vote lwa kreyasyon Akademi Kreyòl Ayisyen an. 23 avril 2013 Chanm Depite a vote l tou. Nan dat 7 avril 2014, lwa kreyasyon Akademi an pibliye nan jounal ofisyèl Repiblik Ayiti, Le Moniteur, nimewo 65.

Apre piblikasyon ofisyèl la, komite a pa te pran tan pou li mete kanpe yon lòt estrikti pou seleksyone premye manm Akademi Kreyòl Ayisyen an sou pwopozisyon yon latriye enstitisyon ki te toujou ap travay pou yo bay lang natifnatal la jarèt. Se konsa, nan dat 4 desanm 2014, nan yon seremoni ofisyèl ki rasanble yon latriye pèsonalite politik, literè, entèlèktyèl ak diplomatik, komite pou tabli Akademi an enstale 33 premye manm Akademi Kreyòl Ayisyen an.

MISYON AKA
Akademi Kreyòl Ayisyen se pi gwo otorite nan sa ki gen pou wè ak lang kreyòl ayisyen an, an Ayiti kou aletranje. Pami misyon lwa kreyasyon li ba li, nou kapab site:

Travay pou enstitisyon Leta yo aplike Konstitisyon an nan piblikasyon tout dokiman ofisyèl yo nan lang kreyòl;

Ankouraje travay sou devlopman zoutinkougramè,diksyonè, leksik nan tout domèn; Fè envantè epi ankouraje tout moun k ap travay sou lang kreyòl ak espesyalis nan tout domèn k ap pwodui nan lang kreyòl.


AKTYALITE
Ou ka Telechaje dokiman sa yo
Fichye premye Rezolisyon òtograf
Banè premye Rezolisyon òtograf
Banè dezyèm Rezolisyon òtograf
Fichye dezyèm Rezolisyon òtograf
Depliyan Akademi Kreyòl Ayisyen
Dwa lengwistik timoun lekòl
« Kreyòl Ayisyen ap prezante nou ‘100 Kesyon pou AKA’, yon liv kote n ap jwenn repons anpil kesyon nou abitye poze sou Akademi an ak sou lang Kreyòl ayisyen an. »

Fòme Pwofesè Kreyòl ak Jounalis

Estandadizasyon òtograf kreyòl ayisyen

Karavàn nan pwovens ak nan Dyaspora pou sansibilizasyon ak pledwari

Selebrasyon Lang Matènèl Kreyòl

Selebrasyon Lang ak Kilti Kreyòl

Atelye lekti ak ekriti Kreyòl

Validasyon pwodiksyon kreyòl

Preparasyon Revi syantifk

(Edikasyon - Sosyolengwistik)

Konferans

Kreyòl Ayisyen a prevwa pou Leta kreye yon akademi pou kore devlòpman lang kreyòl la, plis pase ven (2 lane apre adopsyon konstitisyon an, Inivèsite Leta Ayiti te pran inisyativ pou li mete kanpe komite pou tabli Akademi Kreyòl Ayisantan divès enstitisyon, prive kou piblik.komite a òganize yon kòlòk entènasyonal ki mobilize divès espesyalis nan edikasyon, sosyoloji, antwopoloji, lengwistik, sikolojik

پسند
تبصرہ
بانٹیں
Showing 210 out of 571
  • 206
  • 207
  • 208
  • 209
  • 210
  • 211
  • 212
  • 213
  • 214
  • 215
  • 216
  • 217
  • 218
  • 219
  • 220
  • 221
  • 222
  • 223
  • 224
  • 225

پیشکش میں ترمیم کریں۔

درجے شامل کریں۔








ایک تصویر منتخب کریں۔
اپنے درجے کو حذف کریں۔
کیا آپ واقعی اس درجے کو حذف کرنا چاہتے ہیں؟

جائزے

اپنے مواد اور پوسٹس کو بیچنے کے لیے، چند پیکجز بنا کر شروع کریں۔ منیٹائزیشن

بٹوے کے ذریعے ادائیگی کریں۔

ادائیگی کا انتباہ

آپ اشیاء خریدنے والے ہیں، کیا آپ آگے بڑھنا چاہتے ہیں؟

رقم کی واپسی کی درخواست کریں۔