Nou dwe gen pwop teknoloji pa nou
#konkou #kreyòl #kwaaze
Kreyòl, Lang natif natal nou, gen potansyèl pou inove nan teknoloji. An nou pran egzanp yon sistèm edikasyon entèaktif an Kreyòl, tankou aplikasyon pou aprantisaj pwogramasyon, ta ede elimine baryè langaj la ki souvan kanpe wout anpil jèn talan nan peyi a. An n panse ak yon aplikasyon ki ede ti jèn ayisyen aprann kodaj nan yon lang yo konn byen. Se pa sèlman yo t ap konprann pi byen, men yo t ap vin pi motive lè yo wè lang natif natal yo ka sèvi nan yon domèn ki gen prestij tankou teknoloji.
Epitou, yon inisyativ konsa t'ap pèmèt kominote devlopè yo gen yon lyen solid kote yo t'ap kapab pataje konesans yo, kreye bibliyotèk pwogramasyon ki adapte ak pwoblèm espesifik peyi a, tankou agrikilti, sante, ak jesyon resous. Lè jèn kreyatè yo santi yo lib pou inove nan pwòp lang yo, yo gen plis chans patisipe epi kreye solisyon inik pou pwoblèm kominote yo.
Kreyòl ta kapab kreye yon mak inik nan inovasyon mondyal la. Platfòm dijital ak aplikasyon Kreyòl, ki reflete kilti ak valè ayisyen yo, ta ka atire enterè mondyal epi montre ke langaj lokal kapab yon fòs inovatè. Avèk yon kominote devlopè ak itilizatè k ap travay ansanm, nou ka reyimajine teknoloji, pa sèlman kòm yon zouti pou chanje lavi, men tou kòm yon mwayen pou pwoteje ak valorize lang ak kilti nou. Kreyòl pa ta ka jis yon lang tradisyonèl, men yon lang avni tou.
#dynamique_mag.com
Kominikasyon lang kreyol se yon fyete
Enpòtans lang kreyòl nan lavi toulèjou
Lang kreyòl la se plis pase yon senp mwayen kominikasyon; li se yon pati entegre nan lavi chak jou pèp Ayisyen an. Chak jou, kreyòl la sèvi kòm zouti pou konprann, pataje, ak kominike nan tout aspè nan sosyete a. Se li menm ki kreye koneksyon ant moun k ap viv ansanm, men li se tou yon poto mitan pou idantite ak kilti nou kòm Ayisyen.
Kreyòl nan Fanmi ak Kominote
Lè nou pale kreyòl lakay nou, se yon fason pou n kreye yon espas kote chak moun santi yo alèz, espesyalman nan fanmi yo. Se lang lan nou itilize lè nou ap bay konsèy, pale ak timoun yo, epi menm lè n ap selebre moman espesyal nan lavi a, tankou fèt ak lòt okazyon enpòtan. Lang kreyòl la se lanmou ak tradisyon ki pase soti nan jenerasyon an jenerasyon, se li menm ki kenbe fanmi ak kominote nou soude.
Kreyòl nan Lekòl ak Travay
Nan domèn edikasyon, itilize kreyòl pèmèt elèv yo aprann pi byen paske se lang yo konprann pi fasil. Lè timoun yo resevwa leson nan lang yo pale chak jou, yo angaje pi byen, yo poze plis kesyon, epi yo pi fasil pou yo reyisi. Kreyòl se lang ki ede yo aprann epi devlope konpetans ki nesesè pou yo grandi. Nan travay tou, kreyòl se lang prensipal ki pèmèt tout moun kominike klèman, soti nan ti biznis nan mache a rive nan gwo antrepriz nan vil la.
Kreyòl nan Kilti ak Tradisyon
Se atravè kreyòl la nou selebre richès kilti nou. Li se lang istwa nou, dans nou, mizik nou yo. Lè nou chante mizik rasin, lè n ap danse nan fèt lakou, oswa lè nou ap rakonte istwa zansèt nou yo, se kreyòl la ki pote emosyon ak vivans nan tout sa nou fè. Se li menm ki pèmèt kilti nou pwospere epi grandi, menm lè nou ap fè fas ak defi nan sosyete a.
Kreyòl se yon Lang pou Tout Moun
Kreyòl la bay tout moun yon vwa, li fè kominikasyon posib nan tout zòn, kit ou nan vil, kit ou nan riral, li kreye yon espas kote chak moun ka santi yo alèz pou yo eksprime tèt yo. Soti nan ti machann nan mache a, jiska pwofesè ak doktè, tout moun sèvi ak kreyòl pou regle zafè yo, fè kominikasyon klè epi senp.
Se responsablite chak moun pou kontinye sèvi ak kreyòl nan lavi chak jou, paske li se yon lang ki anrasinen nan istwa nou epi ki gen yon avni klere. Si nou vle asire ke idantite nou rete vivan, nou dwe pwoteje ak ankouraje itilizasyon kreyòl nan tout domèn nan sosyete a keseswa nan fanmi, lekòl, travay, ak menm nan gouvènman. Kreyòl se fòs nou, li se patrimwàn nou, epi li se kle pou bati yon Ayiti ki pi solid.
#konkou #kwaaze #kreyòl
#konkou #kreyòl #kwaaze
Anni se yon timoun ki toujou renmen salye Moun. Chak maten, lè l ap ale lekòl, li salye tout moun li rankontre nan katye a, epi lè l ap retounen, li salye yo ankò. Lè li al achte plizyè fwa nan yon jounen, li toujou salye moun yo ankò. Pami tout moun sa yo, te gen Madan Joz, yon vwazin ki pa t janm reponn salitasyon Anni. Men malgre sa, Anni pa janm sispann salye li.
Yon jou, kouzin Anni, Dalin, ki te vin pase jounen avè l, te remake kijan Anni toujou ap salye tout moun. Dalin di: Apa chak fwa ou pase ou salye moun yo ankò? Salitasyon ou genyen pou ou gaspiye? Sitou ak Madanm Joz ki pa janm reponn ou.
Anni, ak yon souri épi reponn li: Manman m toujou di m fòk mwen salye tout moun.
Yon maten byen bonè, pandan Anni te al pran dlo, pye l glise sou yon wòch epi li tonbe ansanm ak bokit dlo a ki te sou tèt li. Madan Joz, ki te fèk louvri pòt li, kouri vin ede Anni. Li leve l atè, ba li swen li bezwen, epi li mennen l lakay li. Madan Joz di paran Anni :M felisite nou pou jan nou leve pitit nou an. Se gras ak sajès li ke jodi a li toujou vivan. Chak fwa li wè m, li toujou salye m, menm si m pa janm reponn men mwen te toujou ap swiv li.
Respekte youn lòt se yon eritaj kiltirèl ki te fè pèp nou an jwenn valè nan je lòt nasyon. Se responsablite nou pou n kontinye kiltive sajès sa a lakay nou, paske respè se baz tout relasyon ki dire.
#pinterest

Dieuvela Aristhènes
Delete Comment
Are you sure that you want to delete this comment ?
Dieuvela Aristhènes
Delete Comment
Are you sure that you want to delete this comment ?