Jou3
Aktivite3

Mwen sonje premye fwa m te gen yon entèvyou enpòtan kòm jounalis. Moun mwen t ap entèvyouve a pa t alèz nan lang franse, epi m te santi yon distans ant nou. Lè m te deside pase nan Kreyòl, tout chanje. Entèvyou a vin pi natirèl, pi reyèl. Li te ouvè kè l, li te pale avèk fyète, e m te kapab kaptire tout esans ak emosyon mesaj li t ap eseye pase a.

Lang Kreyòl la te fè m rive pi pre verite a, li te ban mwen yon koneksyon dirèk ak istwa a. Se yon eksperyans ki fè m konprann fòs lang nou an nan travay jounalis la. Lè w kominike nan lang moun santi yo konfòtab ladan l, ou reyalize plis pase sa w te espere.

#kreyol #kwaaze #konkou

#kreyòlpouverite
#palekreyòlpoukonekte
#fòskreyòlnanjounalis

image