Jou 2
Se te yon fwa mwen antre nan yon biwo, epi moun ki anndan yo, yon jan minimize moun ki pale kreyòl yo,sa te deranje'm anpil,lèm vin tonbe sou kwaaze mwen rann mwen kont li enpotan pou lang kreyòl la propagje pou' ka genyen plis valè devan pwòp nou menm ankò.
Sa se istwa pa'm
Lèw valorize lang ou se bèl bagay pou plizè rezon; w ale plis rapid, ou reyalize plis travay nan yon tikal tan tou piti epi w alèz devan tout moun pou eksprime w .
Men lè se lang etranjè l ale nan sans kontrè ak lang natif natal ou
Jou#2
Nan mache yo vandè ak achtè yo yonn konprann lòt nan kominote a se sa menm ki pral bay lang kreyòl la enpòtans , yo yonn ap pale ak lòt sak enpòtan an se jagon pri yo , yo pa bezwen entèprèt se yo menm ki fè tout afè yo.
Jou#2
Lè m te piti mwen te toujou konn ale nan jaden ak papa chak maten epi nou kite jaden an a midi. Men m toujou sekle plis pase papa m , manman m toujou pote manje pou nou men gen yon jou manman m di li pa konprann pou papa m kite ti pitit gason sa a ap sekle plis pasel.
Manman m di m lèw gran papaw pa bezwen vin sekle ankò epi mwen ri manmanm byen ri.se konsa manman m mande m sa w genyen w ap ri konsa ? Nou konn sa m reponn : manman m ap sekle plis pase papa m pou kabanm plis manje pasel.
Jou# 2
Yon pwofesyon se yon metye enpòtan nan vi a.
Aprann yon pwofesyon nan lang ou l ap pèmèt ou ale pli rapid epi pli vit. Aprann pwofesyon nan lang ou ap pèmèt ou pote yon pakèt chanjman ak inovasyon. Granmoun yo transmèt kouti a ak pitit yo san yo pat ale lekòl gras ak lang yo, yonn konprann lòt.
Jou2
Aktivite4
#konkou #kwaaze #kreyòl
Baton an nan men w
Gen yon jèn gason nan yon ti bouk ki te toujou gen gwo rèv, men li toujou t ap plenyen paske li te kwè li pa t gen ase resous pou reyisi. Yon jou, pandan l ap mache nan zòn nan, li rankontre yon granmoun ki t ap penyen cheve blan li. Granmoun nan gade l epi li di: “Poukisa ou tèlman tris konsa?” Jèn gason an reponn: “Mwen gen rèv men mwen pa gen mwayen pou mwen fè yo reyalite.”
Gran moun nan souri epi li pran yon baton nan men l, li lonje li bay jèn gason an epi li di: “Baton sa a se mwayen ou bezwen an. Kounye a, ki sa ou pral fè avè l?” Jèn gason an gade baton an, li reponn: “Men li pa ka fè anyen pou mwen!” Granmoun nan ri epi li reponn: “Li pa baton an ki enpòtan, men se kijan ou deside itilize sa ki nan men w ki fè diferans.”
Jèn gason an te konprann mesaj la: tout moun gen yon kapasite, yon resous, oswa yon talan nan men yo. Se pa kantite sa ou genyen ki konte, men kijan ou itilize sa ou genyen pou avanse. Depi jou sa a, jèn gason an sispann plenyen epi li kòmanse fè tout sa li kapab ak mwayen li te genyen, epi ti pa ti pa li rive reyalize rèv li yo.
Moral: Chak moun gen yon bagay nan men yo, menm si li sanble piti. Si nou itilize sa nou genyen avèk detèminasyon, pa gen anyen ki ka anpeche nou reyalize rèv nou. Nou tout gen baton an nan men nou!
Wesnerline Aulin
Kommentar löschen
Diesen Kommentar wirklich löschen ?
Makensley Exiliaire
Kommentar löschen
Diesen Kommentar wirklich löschen ?
Dartilus Marie samantha
Kommentar löschen
Diesen Kommentar wirklich löschen ?