Aktivite #1 #jou8
#kwaaze
#konkou
#kontni
#kreyol
#pos
Jodi 28 Oktob jounen selebrasyon lang KREYOL,
Mwen pwofite pale de lang kreyol la.
Lang kreyòl la, espesyalman nan kontèks sosyete ayisyèn nan, se yon sijè ki merite anpil refleksyon. Depi li te vin tounen lang ofisyèl peyi a nan lane 1987!, kreyòl la te fè anpil pwogrè, men li toujou ap fè fas ak defi, sitou nan kèk enstisyon prive, nan bwat gwo zouzoun yo, yo souvan wè moun ki ap itilize lang kreyol, tankou moun ki pat janm al lekol.
Jodi refleksyonm ale lwen! Mwen vin remake ke lang kreyol ap fè anpil pwogrè!
Premyèman, pwogrè lang kreyòl la nan edikasyon se yon aspè enpòtan. Anpil lekòl k ap itilize kreyòl kòm lang ansèyman montre ke elèv yo aprann pi byen lè yo etidye nan lang yo konprann. Sa a se yon gwo chanjman, paske li te gen yon tan kote franse te konsidere kòm sèl lang ki valab nan sistèm edikatif la, men jodi an sa kreyol vin kle nan domèn ansènyeman.
De jou an jou !Nan medya, kreyòl la ap vin pi prezan tou. Jounal, radyo, ak televizyon k ap itilize kreyòl yo ap touche yon pi gwo odyans, sa ki ede ranfòse idantite kiltirèl ayisyen an. Anplis de sa, literati kreyòl la ap devlope ak nouvo otè ak powèt ki ap ekri, ak atis yo kap konpoze mizik sou divès sijè ki enpòtan pou sosyete a.
Malgre sa, toujou gen defi ki rete. Genyen yon stigmatizasyon ki asosye ak lang kreyòl la, kote kèk moun toujou konsidere li kòm yon lang "inferyè." Depi pa pale fransè ou pa fòme, ou se yon enbesil. Sa a ka afekte konfyans moun ki itilize li, espesyalman nan domèn pwofesyonèl! Lèw al chèche travay, se toujou yon baryè, koz lè entèvyou a se toujou lang fransè.
Mwen sa gen poul fini! Kreyol gen poul taye bandal! Sou tout teritwa a, nan tout enstisyon !
An rezime, lang kreyòl la ap fè pwogrè nan sosyete ayisyèn nan, men li bezwen plis sipò ak rekonesans pou li ka devlope plis. Pwogrè sa a se pa sèlman sou lang lan, men sou idantite ak kilti ayisyen an, ki merite pou l dwe onore ak valorize.
Westen ALEXIS(Weezy)MrWAW
Janelle Desire
Delete Comment
Are you sure that you want to delete this comment ?
Judeline Judeline Daniel
Delete Comment
Are you sure that you want to delete this comment ?
Macgonzales Guerrier
n alexis
Delete Comment
Are you sure that you want to delete this comment ?