#jou7 #aktivite3
#kominikasyonpourandman
Hashtag sa a met aksan sou relasyon potansyèl ki ta dwe egziste ant antreprenè a ak kliyan li yo e pou sa posib,fòk yo pale menm lang pou youn konprann lòt pi byen.
#konkou #kwaaze #kreyòl #konpetisyon
#jou7 #aktivite3
#kominikasyonpourandman
Hashtag sa a met aksan sou relasyon potansyèl ki ta dwe egziste ant antreprenè a ak kliyan li yo e pou sa posib,fòk yo pale menm lang pou youn konprann lòt pi byen.
#konkou #kwaaze #kreyòl #konpetisyon
#jou7 #aktivite2
Liv yo ase pratik vrèman men m panse nan kesyon efikasite,zouti teknoloji pi pèfòman ke yo e yo plis reprezante inovasyon nan domèn edikasyon an
#kwaaze #kreyòl #konkou #konpetisyon
#jou7 #aktivite1
Malgre tout difikilte li ap rankontre chak jou nan milye a,mizik tradisyonèl kreyòl ayisyen an toujou fè plezi ak tout meloman ki apresye li yo,avèk kèk atis ki devwe e ki gen talan,li melanje bote ak senfoni pou yon mizik alafwa otantik e rasin.
#konkou #kwaaze #kreyòl #konpetisyon
#jou6 #aktivite2
M panse sa ka pran tan pou remake men pou mwen nan kesyon jwèt mo nan rap,rap kreyòl la pi alèz ke nenpòt lòt lang
#konkou #kwaaze #kreyòl #konpetisyon
#jou6 #aktivite1
Pou nou rive ak yon rezilta ki pozitif e ki dirab nan pwomosyon n'ap fè pou lang kreyòl la,nou bezwen èd ak validasyon ministè ki fèt pou jere sa kidonk pou ministè sa a mache byen epi patisipe avèk konpetans,fòk li gen yon minis ki konnen e ki renmen sa l'ap fè a paske san yon lidè ageri ki konn jere domèn sa a,konba nou an sanse pèdi davans.
#konkou #kwaaze #kreyòl #konpetisyon