Kreyòl la se fòs nou!Nou fyè pou nou se Ayisyen, fyè de lang kreyòl nou an, fyè de kilti nou! Se ak lang sa a nou te pale, te konbat, e te libere tèt nou.
Ann kontinye sèvi ak kreyòl nan tout domèn lavi nou: nan lekòl, nan travay, nan atizay, ak nan kominote nou yo. Chak fwa ou pale kreyòl, ou ede boujonnen rasin nasyon nou, epi ou fè pwomosyon kilti nou. #konkou #kwaaze #kreyòl
4. Jodi a nou ka wè nan mond lan son fyète pou anpil atis tankou Wyclef jean, Rihanna, Jason derulo ak anpil lòt lè yo parèt devan foul fanatik yo , pou yo itilize fraz kreyòl sa "Sak pase" e mwen kwè son fyète pou chak grenn ayisyen lè yo wè lang nou an rive lwen konsa ,ebyen jodia mwen ankouraje kontinye fyè pou nou itilize lang nou nenpòt kote nou rive, kreyòl la gen bèl mo , tankou : lanmou ,pataje , mèsi , renmen, ak anpil lòt , batay pou nou kenbe idantite nou kòm pèp , paske si lang nou pèdi valè ,mès nou,drapo nou,kilti nou ebyen se kòmsi nou te pèdi tout valè kòm yon pèp ....🇭🇹 ann voye lang kreyòl la moute.
#palekreyòl #aprannkreyòl #konkoukontniankreyòl #kwaze #pwomosyon #langkreyòl #jou1 #kreyòl