#jou1 #aktivite3
#edikasyonankreyòl
Même #jou1 #aktivite2
Mèm sa a montre yon selebrasyon nan fèt Gede, ki se yon gwo fèt tradisyonèl nan kilti ayisyen an. Nan imaj la, ou wè fanmi ak zanmi rasanble bò yon tab ki dekore ak manje, chandèl, ak senbòl zansèt yo. Li montre moun ki rad sou yo an blan ak koulè tradisyonèl yo, ki reflete yon respè ak koneksyon avèk lespri zansèt yo. Drapo ayisyen an prezan, ak yon senbòl kilti ayisyen nan mitan imaj la.
Tèks anwo a di:"Nap selebre Eritaj nou ki se fèt Gede", ki mete aksan sou jan Gede a se yon pati enpòtan nan eritaj kiltirèl Ayisyen. Se yon moman kote moun selebre lespri yo, fanmi yo, ak koneksyon yo ak zansèt yo.
Tèks anba a di: "Paske li se idantite nou", ki vle di ke selebrasyon fèt Gede fè pati nan idantite ayisyen an. Li fè yon rapèl ke kilti nou, eritaj nou, ak zansèt nou yo jwe yon wòl esansyèl nan sa ki fè nou Ayisyen.
Fèt Gede an Ayiti se yon okazyon kote moun onore moun ki mouri yo, epi li gen ladan rityèl, dans, chan, ak ofrann.
#même #kwazee #kreyòl #konkou
4. Jodi a nou ka wè nan mond lan son fyète pou anpil atis tankou Wyclef jean, Rihanna, Jason derulo ak anpil lòt lè yo parèt devan foul fanatik yo , pou yo itilize fraz kreyòl sa "Sak pase" e mwen kwè son fyète pou chak grenn ayisyen lè yo wè lang nou an rive lwen konsa ,ebyen jodia mwen ankouraje kontinye fyè pou nou itilize lang nou nenpòt kote nou rive, kreyòl la gen bèl mo , tankou : lanmou ,pataje , mèsi , renmen, ak anpil lòt , batay pou nou kenbe idantite nou kòm pèp , paske si lang nou pèdi valè ,mès nou,drapo nou,kilti nou ebyen se kòmsi nou te pèdi tout valè kòm yon pèp ....🇭🇹 ann voye lang kreyòl la moute.
#palekreyòl #aprannkreyòl #konkoukontniankreyòl #kwaze #pwomosyon #langkreyòl #jou1 #kreyòl
Atik #jou1 #aktivite1
ATIK SOU
ENPÒTANS LANG KREYÒL NAN LAVI MWEN CHAK JOU
Lang kreyòl pi plis pase yon mwayen kominikasyon pou mwen ; se nan lang sa a mwen reyisi pi byen pale de tèt mwen chak jou. An reyalite, kreyòl se zouti prensipal mwen itilize pou mwen kominike avèk zanmi , fanmi, ak kòlèg mwen yo. Epi tou li pèmèt mwen konprann pi byen , espesyalman nan sitiyasyon kote m bezwen jwenn yon bon solisyon pi rapid .
Pa egzanp, lè mwen ap aprann yon nouvo bagay , mwen toujou eseye mete li an kreyòl paske sa ede m konprann pi byen. Yon bagay ki parèt konplike nan yon lòt lang vin pi senp lè m mete l nan lang manman m. Sa fè m sonje pwovèb nou genyen ki di "Kreyòl pale, kreyòl konprann." Li toujou fè sans pou mwen, paske kreyòl gen yon fòm ak estrikti ki pwòch kwayans ak kilti m. Lang sa a pote nan chak mo li yon moso nan istwa ak esperyans pèsonèl mwen.
Mwen pa sèlman sèvi ak kreyòl nan lavi pèsonèl mwen, men nan travay tou. Pi fò moun mwen kominike avèk yo pale kreyòl, donk li vin pi fasil pou travay mwen avanse. Kreyòl pèmèt mwen gen yon pi bon relasyon ak kliyan mwen epi ak kòlèg travay mwen yo. Mwen santi m pi efikas ak plis konfyan lè m ap pale an kreyòl paske se yon lang mwen metrize pi byen.
Gen moun ki souvan diminye valè kreyòl nan sosyete a, men pou mwen, li gen menm enpòtans ak nenpòt lòt lang. Lang sa a se idantite mwen, se yon pati nan kilti m, e chak jou li raple m kote m soti. Anpil nan bèl moman mwen viv ak moun ki enpòtan pou mwen pase atravè lang kreyòl la. Se poutèt sa mwen ap toujou defann li ak fyete .
Lang kreyòl se sous fòs mwen, nan lavi pèsonèl kou pwofesyonèl. Lang Kreyòl se plis pase yon mwayen kominikasyon pou mwen; li se yon poto mitan nan idantite chak Ayisyen . Se nan lang sa mwen pale nan kay, nan mache, ak nan lari, e li pèmèt mwen konprann ak pataje eksperyans mwen ak lòt moun pi byen . Malgre ke gen lòt lang ki konsidere kòm pi prestijye, tankou franse, Kreyòl la toujou se lang ki reyini tout moun nan peyi a, kèlkeswa nivo ran sosyal yo. Mwen kwè ke yon moun ki pale lang manman li byen, genyen yon idantite solid, e li pi pare pou l adrese defi sosyal ak kiltirèl yo. Kreyòl la se sous fòs mwen, e li ede m konekte ak rasin mwen ak kilti mwen, ki se fondasyon pou avansman pèsonèl ak pwofesyonèl mwen. #kwaaze #konkou #kreyòl
Jou#1
Enpòtans lang kreyòl la pou mwen.
Nan tout peyi ki nan mond lan lang se yon zouti pou tout moun kominike yonn ak lòt.
Nan peyi Ayiti lang kreyòl la se sèl lang tout ayisyen pale konprann , kominike epi revandike yonn ak lòt.
Mwen depi m fèt se sèl lang kreyòl la mwen jwenn tout fanmiy mwen ap pale se li menm yo itilize kòm zouti pou yo dyaloge, kominike, fè mesaj yo pase epi pase revandikasyon yo yonn ak lòt. Se sak fé lang kreyòl vin yonn nan pigwo sakrifis esklav kite sòti nan diferant tribi nan kontinan Afriken an te kite pou nou . Lang kreyòl la se zouti mwen itlize nan nenpòt kote Mwen rive nan peyi a pou m eksprime m epi fè mesaj mwen pase san difikilte, se yon lang mwen fèt ladann epi ki rete kòm yon eritaj esklav yo te ki te pou mwen , se yon lang ki pèmèt mwen aprann plis byen , li epi ekri depi m piti jiskaprezan.
Se sak fè valorize lang kreyòl la se yon obligasyon pou tout ayisyen se sa k ap pèmèt nou gen yon rekonesans ak gwo eritaj sa a ki rantre nan kilti nou kòm zouti pou n konn yonn ak lòt san difikilte.
#kreyòlpouedikasyon
Li senp, fasil pou sonje, e li mete aksan sou nesesite pou entegre kreyòl nan edikasyon. Sa ka ede n fè pwomosyon sou itilizasyon lang kreyòl la kòm yon zouti aprantisaj.
#jou1
#kreyòl #kwaaze #konkou
Janelle Desire
Yorum Sil
Bu yorumu silmek istediğinizden emin misiniz?
Christierootchelle Garçon
Yorum Sil
Bu yorumu silmek istediğinizden emin misiniz?
Krisna Adonis
Yorum Sil
Bu yorumu silmek istediğinizden emin misiniz?