Kreye Yon hashtag ki reprezante enpòtans kreyòl la nan kominote nou an .


Yon mwayen zansèt nou yo konstwi kolektivman, nan sitiyasyon babelizasyon ki te karakterize lavi yo nan koloni Sendomeng nan. Se sa ki te pèmèt yo rive kominike antre yo. Se yon trezò yo kite pou nou e ki reprezante prensipal eritaj nou jwenn nan men yo. Kreyòl la se yon zouti kominikasyon ki ini 100% pèp ayisyen an. Men, li plis pase sa. Se yon mwayen ki pèmèt nou chak lokitè (re)prezante tèt nou, (re)prezante lemonn. Se yon mwayen espresyon idantitè ki patisipe nan emèjans ontoloji chak manm kominote a.

Sa toujou kòche zòrèy mwen lè mwen tande moun ap fè lwanj pou lang nan kote yo ap parade nan diskou : "Kreyòl la bèl ! Kreyòl la chèlbè !" Malerezman, se sa mwen tande chak 28 oktòb, chak 21 fevriye, pafwa chak 8 septanm. Lang nan pa bezwen sa. Yon lang pa ka ni bèl ni lèd. Li se yon zouti idantitè, yon enstriman kominikasyon ki granmoun tèt li. Yon lang se yon antite otonòm ki kenbe rezon grandèt li nan pla men li. Bèlte li ak rezon grandèt li se marasa. Yo pa lwanje bèlte yon lang ; se viv yo viv sa. Mwen renmen al achte sèl. Mwen pa ko janm tande yon machann ap fè piblisite pou di kliyan li yo se sèl pa li a ki pi sale. Kout pous lang nan bezwen nan men chak lokitè, chak sitwayen, chak gwoup òganize, chak enstitisyon se pa ni lwanj, ni dyòlè, men se sèvi ak li nan tout kalte sitiyasyon pandan yo ap respekte mekanis fonksyònman li (prensip fonolojik, sentaksik, leksiko-semantik…) san melanje li ak okenn lòt lang nou aprann apre nou fin trape li natirèlman, nan fanmi nou, nan kominote a.


Sa nou dwe fè kòm lengwis, akademisyen, an plis responsablite mwen sot endike la a, se pwodui refleksyon e fè piblikasyon pou ede lòt lokitè, lòt sitwayen konprann mekanis fonksyònman lang nan e rezon ki fè li nesesè pou nou respekte mekanis fonksyònman sa a. Lè yon lengwis oswa yon akademisyen lang kreyòl ayisyen an ap fè dyòlè pou lang nan nan chante li bèl, li chèlbè, mwen konprann li pran lang nan pou yon jwèt, oswa li pa konprann ki sa yon lang ye. Paske fonksyon yon lang twò enpòtan pou li ta kite nou pran li pou yon jwèt. Yon lang pa yon jwèt. Menm jan an tou, lengwistik pa yon jwèt. Yon akademi pa yon jwèt non plis!

Si se yon powèt oswa yon literè ki di li, sa pa rezone nan menm degre foste, tankou lè se yon inivèsitè ki di li, menm si powèt la oswa literè a kapab yon inivèsitè tou. Pi gwo dyòlè oswa lwanj yon lengwis ayisyen, yon akademisyen ka fè pou kreyòl la se yon pledwaye eklere pou lang nan pran plas li merite nan kominote a kòm lang matènèl san pou san Ayisyen, pou li tounen lang ansèyman tout bon nan eskolarizasyon fondamantal timoun yo jiskaske yo fin antre nan esperyans literasi a, sa ki vle di lè yo fin metrize sistèm lekti ak ekriti san gade dèyè. Kon sa, lè pou yo pase nan yon lòt lang, sa ap vin pi fasil.


Kreyòl se premye mwayen Ayisyen genyen pou li viv, prezante e reprezante tèt li. Se sa nou ta kapab rele kreyolitid li. Konstitisyon an gen rezon presize li se siman ki ini pèp ayisyen an. Men reyalite sosyal yo ta vle montre kreyòl la sèvi kòm yon zouti divizyon paske nou pa fè li jwe wòl li dwe jwe nan lavi idantitè e sosyo-edikatif chak grenn Ayisyen.

Anatomis la pa lwanje mèvèy sistèm kò moun. Li travay sou li pou konprann li e fè lòt moun konprann li tou pou pwoteje li. Pilòt la kapab emèveye devan rezo eleman ki devan li nan kokpit avyon an, men li pa chita ap fè dyòlè pou sa. Li manevre sistèm ki devan li a pou li navige nan sans pou li kondi aparèy la nan bon direksyon. Meteyowolojis la pa kontante li fè dyòlè pou mouvman lanati ki tèlman bèl ki ta sanble inesplikab. Men, li chèche konprann li, fòme esplikasyon, kreye konsèp si yo pa deja egziste pou esplike mèvèy natirèl k ap defile devan nou epi fè nou konprann yo, pou nou chèche amoni ki dwe ini nou ak manman lanati.