"Dispozisyon òtograf chif ak nonb":
Anpil moun fè diskisyon sou fason Chif 8 ekri an kreyòl la, anpil zanmi fè gwo lojik pou montre li pa ka ekri uit. Yo di l pa bon, map di nou se yon rezolisyon ki pran pou li ekri konsa, se yon gwoup Akademisyen, Akademisyèn ak Syantifik kap travay sou lang nan ki rive jwenn yon akò ke chif 8 dwe ekri "UIT"
Sòti 0 rive 19, sistèm òtograf la ekri nonb yo avèk yon sèl mo.
Egzanp:
0 / Zewo
1 / En
2 / De
3 / Twa
4 / Kat
5 / Senk
6 / Sis
7 / Sèt
8 / Uit
9 / Nèf
10 / Dis
11 / Onz
12 / Douz
13 / Trèz
14 / Katòz
15 / Kenz
16 / Sèz
17 / Disèt
18 / Dizuit
19 / Diznèf
Pou nonb ki soti nan 20 pou rive nan 99 yo, sistèm òtograf la separe eleman ki konpoze nonb yo nan respè prensip òtograf 0 rive nan 19 la;
Sof 5 nonb sa yo:
Venteyen (21)
Tranteyen (31)
Karanteyen (41)
Senkateyen (51)
Swasanteyen (61)
Aprèsa tout lòt nonb yo ap respekte prensip separeman eleman yo.
Egzanp:
Senkant senk (55)
Swasann dis (7
Katreven onz (91)
Katreven dizuit (98)
Sistèm òtograf la ekri nonb venteyen, tranteyen, karateyen, senkateyen, swasanteyen; tou kole menm jan avèk Venteyinyèm, tranteyinyèm, karanteyinyèm, senkanteyinyèm, swasanteyinyèm tout ekri nan yon sèl mo.
Epi lòt ka ki pa gen eksepsyon yo ekri konsa:
Swasant nevyèm, katreven uityèm.
■Òtograf nonb apati de 100:
Sistèm òtograf la separe mo yo epi li swiv prensip ki deja fikse kouman pou yo ekri nonb ki pi piti yo, nan respè prensip òtograf 0 rive 19 la.
Egzanp:
Mil nèf san katreven kenz (1995)
Trèz milyon kat san sèt mil sèt san katreven diznèf (13 407 799)
Pou òtograf:
Trant / Trann
Karant / karann
Sistèm òtograf la rekonèt tou de fòm yo, men li fè diferant ant ven, trant, karant, senkant ak swasant li konsidere yo kòm fòm jenerik. Epi Venn / Vent, trann, karann, senkann, swasann li trete yo kòm varyant;
Men sistèm nan ekri " Sant an" pou 100 an.

Mir Loo
Delete Comment
Are you sure that you want to delete this comment ?