Si on a un minimum de caractère, on ne sera pas aimé de tout le monde !
#cjjt710
#magazinews
#eaphotography
BANG BANG BANG !
Pik kou mawon, zannana kou pigwen, Kwaaze pote konkou nou t ap tann nan nan 2 pla men nou pandan tout mwa oktòb la. Yon konpetisyon ki vize fè pwomosyon lang Kreyòl la, voye kilti nou monte epi ankouraje kreyatè ak kreyatèz yo pwodui kontni nan lang papa Desalin nan.
Nan konkou sila w ap gen pou w pwodui an Kreyòl, reponn kesyon an Kreyòl, mete refleksyon chita an Kreyòl pandan tout dewoulman aktivite a.
Enskripsyon an ap tanmen sòti 1e oktòb pou rive 15 oktòb. Konpetisyon an menm ap fèt sòti 20 pou bout 28 oktòb ki se jounen entènasyonal lang ak kilti Kreyòl la.
Enkripsyon an gratis ti cheri epi 3 premye gayan an ap sòti avèk bon ti kou lajan. Premye gayan an 25 000 goud, dezyèm nan 7 500 goud epi twazyèm nan 5 000 goud.
Kisa w ap tann pou w rejwenn Kwaaze nan gwo konbit sila pou voye kilti ak lang Kreyòl la monte ?
*Kreyòl la pa m, se pa w, se pa nou, n ap pale l jous nan zo !*
Pou enskri nan konkou sa, klike sou lyen sa : https://docs.google.com/forms/....d/e/1FAIpQLSeLsXZeF8
#kwaaze
#ticsolution
#kreyòl
#konkou
#kilti
#28oktòb
#lajwa