🔵🔴Yè se te komemorasyon lanmò papa nasyon an Jan Jak Desalin , mwen te kontan wè anpil moun tap mete bèl foto anperè a sou paj yo pou onore li, men an reyalite ,pi bon fason nou menm ayisyen nou ka onore papa nasyo an pou mwen , se nan lanmou nan la jwa ,tèt ansanm epi renmen kilti nou , bay tout sa k nan peyi nou valè, si ayisyen te gen lanmou youn pou lòt si nou te deside reyini nou ,fè wout dyalòg ,lè konsa peyi tap gentan soti kote l ye a ,e lè sa lòt peyi patap ka imilye nou jan yap fèl la
#kwaaze #langkreyòl #kreyativite # konkoukontniankreyòl #konsèy #pwomosyon
Ou se yon Etidyan, ou se yon pwofesyonèl? Oubyen ou fenk rive Etazini , ou poko kapab deplase pou kòmanse yon kou Anglè?
Men kèk aplikasyon ki kapab ede w aprann oswa amelyore anglè ou.
Memrise :
Se yon aplikasyon kap vrèman ede w memorize vokabilè anglè ou. Si w fenk ap kòmanse aprann anglè, lap vrèman ede ou.
Babbel:
Se yon aplikasyon ki mete aksan sou plis pratik, e nenpòt nivo ou genyen nan anglè a,lap ede w nan vokabilè a ak tout gramè.
Duolingo :
se yon aplikasyon ki popilè anpil, li edew nan pwononsyasyon mo yo, epi li gen anpil ezèsis nan li kap ede w amelyore vokabilè ou ak gramè ou.
Hello Talk :
Se yon aplikasyon ki pèmèt ou fè pratik avèk kèk speakers ki tou disponib sou app la, konsa ou ka fè pratik ak lòt manb yo tou swa pa apèl oswa pa videyo. Ou gen posiblite pou rankontre yo si ou vle.
Cake :
se yon aplikayon ki ede w nan pwononsyasyon mo yo. Li pwopoze videyo leson yo ak tout soutit yo.
Rosseta Stone:
Se yon aplikasyon ki itilize imaj, jwèt ak son pou w ka aprann ou anglè a pi fasil. Pou 2023, apps sa klase #1 kòm app ki pi bon pou aprann anglè dapre google.
Ted Talks:
Se yon aplikasyon ou ka tande pakèt konferans sou li de kèk espè nan diferan domènn. Li ede w anrichi vokabilè ou e amelyore pwononsyasyon ou.
BBC Learning english:
se yon aplikasyon ki pwopoze pakèt odyo ak videyo nan diferan domènn ki edew amelyore pwononsyasyon w lè w ap pale. Ou gen aksè a kèk atik e ezèsis tou kap ede w nan vokabilè ou.
Oxford Dictionnary :
se yon aplikasyon ki prezante sou fòm diksyonè, li baw posiblite pou w aprann òtograf mo yo. (Li gen liv ladanl tou)
Nb: Kèk nan Aplikasyon sa yo klase selon google pou ane 2023 a kòm meyè aplikasyon pou aprann anglè.
Ou pa oblige telechage tout ansanm, ou ka chwazi pa rapò a objektif ou e nivo anglè ou genyen oswa pa rapò a sa ki priyoritew pou konya.
Pa bliye ou gen yon telefònn entelijan nan men w, ou ka fè l tounen yon zouti pou fòme tèt ou.
Pataje l bay yon moun ou konnen ki kapab entèrese.
Claudemay PIERRE
supprimer les commentaires
Etes-vous sûr que vous voulez supprimer ce commentaire ?