#jou8 #aktivite3
#konkou #kreyòl #kwaaze
#potekreyòlsoufwontyèdigital
#jou8 #aktivite3
#konkou #kreyòl #kwaaze
#potekreyòlsoufwontyèdigital
#jou8 #meme
mèsi #kwaaze ! mèsi #konkoukontniankreyòl ! mèsi ak chak grenn moun ki te pran tan pou vote mwen, #viktwapoukreyòlla , nou tout se Chanpyon !
#konkou #kreyòl #kwaaze #biltenvòt #kreyativite
# # # @ @ # # Enpak sosyal lang kreyòl la nan kominote kote Map viv la. Kreyòl se lang majorite Ayisyen pale epi konprann pi byen. Se pou sa yo toujou di : « Kreyòl pale, kreyòl konprann ».Objektif rechèch sa a, kote pifò rezilta yo baze sou esperimantasyon, se analize enpak lang kreyòl ak lang franse nan aprantisaj epi ansèyman syans ak matematik.mete anpil aksan sou enpòtans lang nan ansèyman ak aprantisaj. Se poutèt sa rechèch nou an gen lang kòm prensipal varyab li. Alòs ipotèz nou an chita sou enpak lang matènèl la nan amelyore konpreyansyon ak tretman enfòmasyon nan kad aprantisaj. Ki enpak sa ap genyen sou siksè akademik elèv yo nan matematik lè ansèyman an fèt an kreyòl?Anseye elèv ayisyen yo nan lang matènèl yo, kreyòl, ap gen yon enpak pozitif sou siksè akademik yo nan matematik.
Anseye elèv ayisyen yo nan lang matènèl yo, kreyòl, p ap gen ankenn enpak sou siksè akademik yo nan matematik.
Ki enpak sa ap genyen sou siksè akademik elèv yo nan syans lè ansèyman an fèt an kreyòl?
Anseye elèv ayisyen nan lang matènèl yo, kreyòl, ap gen yon enpak pozitif sou siksè akademik yo nan syans.
Anseye elèv ayisyen nan lang matènèl yo, kreyòl, p ap gen ankenn enpak sou siksè akademik yo nan syans.
Kòman itilizasyon kreyòl ap chanje fason elèv yo wè lang nan itilizasyon lang nan edikasyon yo? Kòman itilizasyon kreyòl ap chanje fason elèv yo wè pwòp tèt yo kòm Ayisyen?
Men ki sa nou te jwenn lè nou rasanble done kantitatif ki te rasanble nan entèvansyon sa a. Enpak sosyal Objektif rechèch sa a, kote pifò rezilta yo baze sou esperimantasyon, se analize enpak lang kreyòlKi enpak sa ap genyen sou siksè akademik elèv yo nan matematik lè ansèyman an fèt an kreyòl?Anseye elèv ayisyen yo nan lang matènèl yo, kreyòl, ap gen yon enpak pozitif sou siksè akademik yo nan matematik.Anseye elèv ayisyen yo nan lang matènèl yo, kreyòl, p ap gen ankenn enpak sou siksè akademik yo nan matematik. Ki enpak sa ap genyen sou siksè akademik elèv yo nan syans lè ansèyman an fèt an kreyòl?
Anseye elèv ayisyen nan lang matènèl yo, kreyòl, ap gen yon enpak pozitif sou siksè akademik yo nan syans.
Anseye elèv ayisyen nan lang matènèl yo, kreyòl, p ap gen ankenn enpak sou siksè akademik yo nan syans.
Kòman itilizasyon kreyòl ap chanje fason elèv yo wè lang nan itilizasyon lang nan edikasyon yo?
Kòman itilizasyon kreyòl ap chanje fason elèv yo wè pwòp tèt yo kòm Ayisyen?kreyòl la nan kominote lakay Mwen tout Moun ap Jere aktivite yo yo gen Yon bagay yo rantre prann paske kreyòl la fè Yon gwo Enpak sosyal nan kominote paske Moun yo antann yo anpil chak fèt anbyans kelkonk yo aranje yo pou yo kenbe kominote yo prop pa kite fatra deranje yo @
#jou8 #aktivite1
#konkou #kreyòl #kwaaze
Pwogrè lang Kreyòl la nan sosyete nou an se yon reyalite ki merite aplodisman. Anpil tan pase kote Kreyòl te konsidere kòm yon lang sèlman pou pale lakay oswa nan kominote lokal yo. Men, jodi a, nou wè jan lang sa a pran plas li nan diferan domèn nan lavi chak jou. Gen yon ogmantasyon nan kantite lekòl ki itilize Kreyòl pou anseye, ki fè elèv yo pi byen konprann e aprann.
Nan nivo nasyonal la, nou jwenn Kreyòl kounye a nan dokiman ofisyèl, diskou gouvènman, ak menm nan tribinal. Sa montre ke lang lan pa sèlman yon mwayen kominikasyon men yon zouti pou bay plis aksè ak jistis. Kreyòl la tounen yon senbòl inite ak fyète pou nou tout kòm pèp ayisyen.
Anplis, ak devlopman teknoloji ak platfòm dijital yo, lang Kreyòl la rive sou fwontyè dijital la. Gen anpil kontni edikatif ak enfòmasyon ki disponib an Kreyòl sou entènèt, sa ki pèmèt plis moun jwenn aksè nan konesans ak resous nan lang natif natal yo.
Sa fè nou wè ke pwogrè lang Kreyòl la pa sèlman chanje fason nou kominike, men li ranfòse sosyete nou an nan zafè idantite ak solidarite. Kreyòl la, se pa sèlman yon lang; se yon pati fondamantal nan kilti nou, nan istwa nou, ak nan avni nou kòm yon pèp.
Jou#8
Pwogrè Kreyòl la nan sosyete nou an
Lang nan sosyete nou an se yon fenomèn lengwistik ki vrèman konplèks. Lang Ayisyen an te Marande ak yon kokenn chenn migrasyon ki t ap fèt nan Florid, yucatan pou tabli nan Sendomeng. Te genyen sou bout tè sa a Siboney yo ki te egziste depi pase mil ane avan konkèt kretyen yo. Kolòn kretyen yo ta pral pwofite dechèpiye yo, fè vyolans sou yo. Sa ta pral lakòz etni sa a disparèt se arawak yo ak karayib yo ki te ranplase yo, ki se desandan kalibi yo ki sòti nan zòn amerik sid, espesyalman nan rejyon amazòn.
Sosyete nou an genyen yon literati ki genyen pwezi popilè men kalte pwezi sa a prezan lakay tout pèp ki genyen yon egzistans nasyonal, yon lang ak anpil tradisyon . Menm literati sa pèmèt Price- mars konseye nou: " pa janm jete eritaj ansestral nou paske eritaj sa yo se yon fason pou n konsève, konsole nanm zansèt Endyen yo".
Lang kreyòl genyen enfliyans Tayino yo. Malgre zile sa a te konnen de(2) kategori moun tankou: Tayino yo ki se yon popilasyon ki vrèman pasifik ak pèzib, epi tou karayib yo ki se yon kategori moun ki vrèman vyolan ki te toujou ap batay ak Tayino yo nan lide pou yo soumèt yo eleman kiltirèl yo: parekzanp, lang LUCAYOS la . Lang Sila a t ap twoke kòn li ak lang majorite popilasyon an te pale, lang MARCORIX ki se lang popilè Tayino yo.
Lang kreyòl la ta eritye bon kèk richès nan lang Tayino yo. Vodou ak lang kreyòl la jwenn jèvrin nan kil Tayino yo. Lang Tayino a genyen yon enpòtans kapital sitou nan konprann siyifikasyon : Ayiti, Hayti, Hayhiti ou ayhiti. Nan yon lòt bò Kiskeya ou keskeia; nan lang fenisyen ki vle di zile ki plen richès. Si n ap byen konprann òtograf HAITI a pa vin lontan , se nan ankouraje ipokrizi dirijan yo ki makònen ak istwa peyi sa a rive pran fòm òtagraf sa nan men Lafrans men nan lang Tayino a Ayiti vle di: Ay ou Hay( tè, zile) , Iti(fanm) konsa nou dwe konprann li se zile epi tè fanm yo.
Se te nan dat 18 Sektanm 1979 yon dekrè prezidansyèl t ap ofisyalize lang kreyòl la ki pral vin rantre nan lansèyman avèk refòm Bèna nan dat 31 Janvye 1980. Konstisyon 29 mas 1987 la ki vin ratifye l nan palman Ayisyen an nan atik 5 ki di lang kreyòl la se lang tout Ayisyen pale.
Nou vin gen plizyè moun ki fè anpil pwomosyon pou lang kreyòl la tankou :Robert Berrouët-Oriol , Oswald Durand ki ekri pwezi an kreyòl nan literati ayisyèn nan, Choukoun se yon ekzanp , Georges Sylvain ki pibliye liv an kreyòl an 1901 ki te rele Cric Crac. Ekriven ayisyen tankou :Milo Rigaud ki fè yon rekèy ki rele Taso an 1933 epi lòt tankou : Dieudonné Fardin, Rassoul Labuchin , elatriye.
Avèk gwo kout men Ministè Edikasyon Nasyonal vin fè lè li parèt avèk yon grafi ofisyèl pou moun ekri an kreyòl, kreyòl la vin ap taye banda epil vin pran yon lòt ekstansyon, w ap vin jwenn moun tankou: Enock Trouillot, Ulysse Pierre-Louis, Pradel Pompilus ak lòt otè ki vin bay lang kreyòl la plis jarèt toujou tankou : Franketienne ki pibliye woman an kreyòl egzanp Dezafi nan lane 1975 epi li ekri anpil pyès teyat an kreyòl kote anpil moun antèrese ak yo epi renmen yo tankou: Pèlen tèt, Bobomasouri, Kaselezo.
Nou p ap bliye tou travay anpil entèlektyèl nan lang kreyòl la tankou: memwa lisans yo , epi anpil legliz ki fè prèch an kreyòl ki menm pwodwi liv an kreyòl tankou : temwen Jewova.
San bliye site kèk òganizasyon k ap fè pwomosyon atravè edikasyon popilè tankou Tk( Ti peyizan Tèt Kole, MPP( mouvman peyizan papay) ki regwoupe yon platfòm ki rele 4je ki genyen yon travay y ap fé andan sosyete atravè Lekòl Fòmasyon Politik Charlemagne peralt nan lide pou fòme jèn yo nan sa ki rele ideyoloji ak fòmasyon politik ki regwoupe jèn nan tout peyi a epi se yon fòmasyon ki fèt an kreyòl ( dokiman, konferans ,ekspoze) ki baze sou apwòch patisipativ epi n ap sonje( FLA ) Fakikte Lengwistik Aplike ki jwe yon wòl enpòtan sitou nan vilgarizasyon ak piblikasyon an kreyòl epi anpil lòt aparèy ideyolojik, platfòm dijital si n ta site Kwaaze, elatriye
Pou n fini n ap di se lang ki bay yon sosyete valè, se gras ak lang ki fè sa w ap fè a genyen plis valè nan je moun. lang kreyòl nou an trè pwogrese nan sosyete Ayisyèn nan parapò avèk yon pakèt efò ki te fèt, k ap fèt epi k ap kontinye fèt. Li rete pou enstans ki konsène yo travay pou gen dokiman ki disponib pou chèchè yo , elèv yo ,etidyan yo ak inivèsitè yo jwenn kantite bagay pou yo kapab pwodwi k ap itil sosyete Ayisyèn nan.
#jou8 #tach1 #final #konkou #kreyòl #kwaaze
📌Refleksyon sou Pwogrè Kreyòl nan Sosyete nou an
Lang Kreyòl la fè wout li pandan plizyè syèk, soti nan yon mwayen kominikasyon popilè rive nan yon zouti idantitè ki pran plis valè nan sosyete a. Jodi a, nou wè yon evolisyon enpòtan kote Kreyòl la pa sèlman itilize nan pale chak jou, men li kòmanse pran plas nan zòn ki te lontan rezève pou lang ofisyèl tankou fransè.
Nan edikasyon, aplikasyon refòm Lekòl Piblik Ayiti (EPA) ak Lwa 1987 ki rekonèt Kreyòl kòm youn nan lang ofisyèl peyi a, bay lang lan plis espas nan sistèm eskolè a. Plis pwofesè ak ekriven ap ankouraje itilizasyon materyèl ansèyman an Kreyòl pou amelyore konprann timoun yo, an menm tan yo diminye diskriminasyon lengwistik. Sa montre ke lang lan vin sèvi kòm yon zouti enklizyon.
Nou ka tou obsève yon efò ki fèt nan medya yo. Gen plis emisyon radyo, televizyon, ak kontni sou rezo sosyal ki fè pwomosyon Kreyòl. Pwojè sa yo, tankou chèn nouvèl lokal ak blog enfòmasyon sou fòmasyon, ede popilarize lang lan, fè moun vin pi alèz ak itilizasyon l nan domèn pwofesyonèl.
Anplis, nou wè avansman literati kreyòl ak devlopman zouti tankou diksyonè ak gramè ki ankadre lang lan plis formalite. Sa aji kòm yon pon ki ranje distans ant Kreyòl ak lòt lang entènasyonal, bay lang nou an kapasite pou li adapte nan tout kontèks.
Menm si anpil pwogrè fèt, gen defi ki rete: gen yon lide nan kèk sektè ki toujou asimile lang lan ak mank de konesans oswa klas sosyal pi ba. Se yon rapèl ke travay pou amelyore estati Kreyòl nan sosyete a se yon pwosesis k ap kontinye, yon travay ki mande angajman kolektif tout aktè yo.
Nan refleksyon sa a, nou ka wè kijan Kreyòl la ap tounen pi plis pase yon senp zouti kominikasyon: li se yon vwa pou tout Ayisyen, yon eritaj kiltirèl ki merite pwoteksyon ak valorizasyon. Avni Kreyòl la sètènman klere si nou kontinye apiye sou pwogrè sa yo epi kreye yon espas kote tout sitwayen santi yo valorize nan pwòp lang yo.
Vinicius, Rodri, Bellingham... ki moun ki pral finalman ale ak BALLON D'OR 2024 la?
#magazinews
#ballondor2024
#chrismannjeanjacques
Aktivite #1 #jou8
#kwaaze
#konkou
#kontni
#kreyol
#pos
Jodi 28 Oktob jounen selebrasyon lang KREYOL,
Mwen pwofite pale de lang kreyol la.
Lang kreyòl la, espesyalman nan kontèks sosyete ayisyèn nan, se yon sijè ki merite anpil refleksyon. Depi li te vin tounen lang ofisyèl peyi a nan lane 1987!, kreyòl la te fè anpil pwogrè, men li toujou ap fè fas ak defi, sitou nan kèk enstisyon prive, nan bwat gwo zouzoun yo, yo souvan wè moun ki ap itilize lang kreyol, tankou moun ki pat janm al lekol.
Jodi refleksyonm ale lwen! Mwen vin remake ke lang kreyol ap fè anpil pwogrè!
Premyèman, pwogrè lang kreyòl la nan edikasyon se yon aspè enpòtan. Anpil lekòl k ap itilize kreyòl kòm lang ansèyman montre ke elèv yo aprann pi byen lè yo etidye nan lang yo konprann. Sa a se yon gwo chanjman, paske li te gen yon tan kote franse te konsidere kòm sèl lang ki valab nan sistèm edikatif la, men jodi an sa kreyol vin kle nan domèn ansènyeman.
De jou an jou !Nan medya, kreyòl la ap vin pi prezan tou. Jounal, radyo, ak televizyon k ap itilize kreyòl yo ap touche yon pi gwo odyans, sa ki ede ranfòse idantite kiltirèl ayisyen an. Anplis de sa, literati kreyòl la ap devlope ak nouvo otè ak powèt ki ap ekri, ak atis yo kap konpoze mizik sou divès sijè ki enpòtan pou sosyete a.
Malgre sa, toujou gen defi ki rete. Genyen yon stigmatizasyon ki asosye ak lang kreyòl la, kote kèk moun toujou konsidere li kòm yon lang "inferyè." Depi pa pale fransè ou pa fòme, ou se yon enbesil. Sa a ka afekte konfyans moun ki itilize li, espesyalman nan domèn pwofesyonèl! Lèw al chèche travay, se toujou yon baryè, koz lè entèvyou a se toujou lang fransè.
Mwen sa gen poul fini! Kreyol gen poul taye bandal! Sou tout teritwa a, nan tout enstisyon !
An rezime, lang kreyòl la ap fè pwogrè nan sosyete ayisyèn nan, men li bezwen plis sipò ak rekonesans pou li ka devlope plis. Pwogrè sa a se pa sèlman sou lang lan, men sou idantite ak kilti ayisyen an, ki merite pou l dwe onore ak valorize.
Westen ALEXIS(Weezy)MrWAW
Daphtaline Belizaire
מחק תגובה
האם אתה בטוח שברצונך למחוק את התגובה הזו?
Cephora Phelice
מחק תגובה
האם אתה בטוח שברצונך למחוק את התגובה הזו?
Guetty Gustave
מחק תגובה
האם אתה בטוח שברצונך למחוק את התגובה הזו?