Ativite#4 #jou5
#kwaaze
#konkou
#kontni
#kreyol
#istwamotvasyon
#freepik
Nan yon katye ki rele nan BANBOU. Te gen fanmi ki ta fè fas ak anpil defi. Se fanmi JANBIBANM. Nan fan te gen yon jèn gason ki rele Moris. Moris te 25 lane men li te toujou gen yon rèv pou l te vin yon pilòt, men sitiyasyon ekonomik fanmi li te fè rèv sa a parèt lwen reyalite.
Malgre tout obstak yo,Moris pa t janm abandone. Li te kòmanse patisipe nan aktivite kominotè, sosyal ak byennèt ,kote li te rete a nan katye BANBOU .Nan yon jou, pandan yon reyinyon, kote yon group misyonè blan te antre nan katye a. Moris te jwenn posibite fètèpret pou kek nan yo , lè yap pale ak kek moun sou katye an nan domèn sosyal. Moris te entilijan anpil lekol, li te byen metrize ti Anglè li. Yon lè youn nan manm Oganizasyon te vin devlope zanmitay ak Moris. Epi yon lè li deside bay fanmi Moris yon vizit , men moris pat vle koz kay li pat reprezantab.
Se la atò Misyonè konvenk Moris epi li ale. Sou tout wout la yap pale. O o ! Misyonè an mande Moris poul moutrel pale Kreyol!
Moris di « I not problems « sa vle di pa gen problem mesye blan! Zanmitay vin komanse pi solid gras ak lang Kreyol la Moris te pataje ak Misyonè an ! Koze mande chèz! Misyonè a mande pou atelye sou lang Kreyol pou tout kominote a. Moris te itilize konesans li te jwenn pou edike lòt moun sou enpòtans lang Kreyol la. Ak tan, atelye sa yo te vin popilè, e yo te atire anpil moun. Moun yo te kòmanse wè enpòtans lang KREYOL , e yo te aprann kijan pou yo kominike tèt yo ak fanmi nan katye.
Apre kèk mwa,Misyon an bout. Misyonè te reyalize ke li paka kite Moris Ayiti . Li pwopoze Moris pou li antre Etazini ak avel.Moris te kòmanse kriye, telman li kontan .La! Moris dakò, li kouri al bay nouvel la ak res manm fanmi an ! Aaaa se te jwa nan fanmi jou sa .Moris antre Etazini sa te enspire yon chanjman nan fanmi an. Moris te beni non Papa BonDye pou opòtinite sa! Li deside pouswiv rèv li, e sa te vin yon reyalite pou li. Avèk èd Manm misyonè yo, li te jwenn bous etid pou l ale nan inivèsite pou pilòt.
Jodi a,Moris se yon Pilòt ki respekte anpil. Gras ak lang KREYOL rèv Moris vin yon retaliate !Li pa sèlman reyalize rèv li, men li kontinye travay nan kominote li pou ede lòt moun reyalize rèv yo tou. Istwa Moris se yon egzanp ki montre ki jan motivasyon ak konesans lang! Ka chanje lavi yon Moun. Lè nou ret lekol travay sou lang nou , nou ka reyalize bagay ki sanble enposib. Ann kontinye pale KREYOL!
Westen ALEXIS (Weezy)MrWAW
Fabiola Doublasse
supprimer les commentaires
Etes-vous sûr que vous voulez supprimer ce commentaire ?
Roodnelson pierre
supprimer les commentaires
Etes-vous sûr que vous voulez supprimer ce commentaire ?
Kenny Delvois
supprimer les commentaires
Etes-vous sûr que vous voulez supprimer ce commentaire ?
Jeune Christina
supprimer les commentaires
Etes-vous sûr que vous voulez supprimer ce commentaire ?
Marie Carmelle
supprimer les commentaires
Etes-vous sûr que vous voulez supprimer ce commentaire ?
Christierootchelle Garçon
supprimer les commentaires
Etes-vous sûr que vous voulez supprimer ce commentaire ?
Johnson lajeunesse
supprimer les commentaires
Etes-vous sûr que vous voulez supprimer ce commentaire ?
Beauzil Hermann
supprimer les commentaires
Etes-vous sûr que vous voulez supprimer ce commentaire ?
Peterson LOUIS
supprimer les commentaires
Etes-vous sûr que vous voulez supprimer ce commentaire ?
Montervil Wed
supprimer les commentaires
Etes-vous sûr que vous voulez supprimer ce commentaire ?
Judeline Judeline Daniel
supprimer les commentaires
Etes-vous sûr que vous voulez supprimer ce commentaire ?