#jou5 # aktivite1
_ENPÒTANS LANG KREYÒL LA NAN DEVLOPMAN SOSYAL:
Avèk ofisyalizasyon lang kreyòl la nan lane 1987,li tou moutre enpòtans ak merit li genyen nan zafè sosyalizasyon an ayiti.
Avèk yon chan leksikal ki ase rich e varye,kreyòl ayisyen an jwe yon ròl krisyal nan relasyon ki egziste ant diferan kouch sosyal nan peyi a,sa ki fè li vin ase fasil pou etranje yo entegre nan mitan nou paske lang lan ba yo aksè pou yo pale'l avèk tout aksan yo vle.
Avèk yon pousantaj ase fèb pou ayisyen ki pale fransè ki se dezyèm lang ofisyèl nou,li pi bon pou yon antreprenè fè piblisite li yo an kreyòl paske se konsa li ap rive pi rapid sou mas popilè a.
Kreyòl la enpòtan tou pou kwasans sosyal timoun yo ki nan laj pi ba yo paske l'ap pi fasil pou yo familyarize yo ak antouraj yo si paran itilize'l plis avèk yo.
#konkou #kwaaze #kreyòl #konpetisyon