Jou5
Aktivite 1
Kreyòl: Yon Lang Ki Gen Fòs Pou Devlopman Sosyal
Lang Kreyòl pa sèlman yon zouti kominikasyon, men li se fondasyon kilti ak idantite pèp Ayisyen an. Nan chak reyalite sosyal nou, lang lan pran yon plas kle nan fason nou kominike, kolabore, epi grandi ansanm kòm yon kominote. Konsa, Kreyòl jwe yon wòl fondamantal nan devlopman sosyal Ayiti, paske li fè nouvèl, konesans, ak enfòmasyon enpòtan yo aksesib pou tout moun, kèlkeswa nivo edikasyon yo oswa kote yo soti.
Pwomosyon sante piblik ak pwogram sosyal vin pi pwisan lè yo itilize Kreyòl pou enfòme ak edike popilasyon an. Moun konprann pi byen prensip sante ak sekirite lè yo jwenn enfòmasyon nan lang natif natal yo, epi sa ede anpil nan pwoteksyon ak swen kominotè. Lè kanpay sante yo fèt an Kreyòl, moun gen plis chans pou yo konprann epi suiv konsèy medikal yo, sa ki kontribye nan amelyorasyon kalite lavi tout moun.
Enpòtans lang Kreyòl nan devlopman sosyal pehi a pa ka neglije. Se yon zouti ki pèmèt tout moun konprann, angaje, epi patisipe aktivman nan chanjman yo vle wè nan lavi yo ak nan sosyete yo. Kreyòl se fòs k ap pote devlopman sosyal peyi a pi lwen, epi se avni ki garanti yon Ayiti kote chak moun santi yo wè, tande, epi respekte. Se nan lang nou menm ke devlopman reyèl ka fèt, e avèk lang Kreyòl la, avni devlopman sosyal Ayiti ap plis solid e dirab.
#konkou #kwaaze #kreyòl