#jou2 #aktivite4
Mwen sonje lè m'ap fè 6em ane,mwen gen yon zanmi'm nan klas la ki fò anpil nan matematik men ki pa konn anyen nan lang sitou fransè.
Yon lè nou fin konpoze,lè y'ap bay rezilta misye fè 18/20 pou fransè sa etone'm,kounya mwen oblije mande'l kòman'l fè,li di'm konsa li te bay tèt li yon defi se leve li leve defi a,lè mwen mande'l ki defi li te bay tèt li a li di'm li te di tèt li si pou trimès sa a li pa fè pwen pou fransè m'ap mouri.
#kwaaze #kreyòl #konkou #lang #kreyòlayisyen
Synes godt om
Kommentar
Del