Anderson ELusca    поделился  Заметка
2 лет

Ativite#4 jou 2
#kwaaze
#konkou
#kontni
#kreyol
#istwa
Nan yon ti Bouk ki rele Reyobòt te gen yon jèn gason ki te rele Hudson. Hudson te toujou gen yon rèv, se poul fè lang kreyol ale pi lwen, e de anpil moun a byen kominike nan kominote a.
Hudson te gen 3(toua) Zanmi( Anderson, Luckenley e Michelène. Yo te lekol menm kote! Yon jou, Hudson te deside òganize yon gwo fèt lakay li,kote tout zanmil yo te reyini ak kek lot manm fanmi an. Zanmi yo te pote manje,bwason, se konsa yo tap manje ansanm e tande bèl mizik toubadou. Avan li te pase semèn ap travay di sou yon pwojè, li te pwofite pataje ak zanmil yo ide pwojè a, epi fè yo konprann enpòtans inite ak kolaborasyon. Apre anpil pale sou pwojè a, tout moun te dakò pou patisipe.. Malgre kondisyon ekonomik yo te difisil, li te kwè ke ansanm, yo ka chanje bagay yo. Yo arive vin kreye pwojè a! Se te yon platfòm kominikasyon pou inovasyon lang kreyol la.

Ansanm yo diside pou platfòm nan gen yon non ki pwop ak li. Se la yo vini jwenn non pou platfòm nan ki se KWAAZE.
Konsa !Kwaaze te tounen yon platfòm kote. Tout Moun te frekante yo e te vin kapap pataje (foto,istwa e kominike ansanm)Sa te kreye yon atmosfè ki te ranfòse lyen yo. Hudson te wè ki jan inite ka pote chanjman, ki jan kè kontan ka simaye espwa.

Hudson te aprann ke, menm si li te sèlman yon jèn gason, li te kapab enspire lòt moun. Kwaaze te vin pi fò, e tout moun te reyalize ke ansanm, yo kapab atenn tout rèv yo.

Se konsa, istwa Hudson nan montre nou ke inite ak kolaborasyon ka fè yon diferans. Lè nou mete tèt ansanm, pa gen anyen ki enposib.

image