#jou1 #aktivite1
ENPÒTANS LANG KREYÒL LA NAN LAVI'M CHAK JOU.
Etanke lang matènèl mwen,kreyòl ayisyen an reprezante anviwon 80% nan konesans lengwistik mwen,se youn nan pi gwo zouti mwen genyen pou'm entèraji ak frè ayisyen mwen yo epi konprann ide ak emosyon yo pi byen.
Lang kreyòl ayisyen an pèmèt mwen idantifye'm kòm manb sosyete sa a epi li pèmèt mwen ba li plis nan sa mwen genyen kòm konesans pou ede li avanse.
Mwen itilize lang kreyòl la pou mwen bay blag,eksprime emosyon mwen etc.
Mwen panse se youn nan pi bèl lang ki te ka egziste e mwen gen anpil chans pou mwen pale'l.