E SI NOU TE AYISYEN !

Nou pale souvan sou tout bon bagay nou yo nan pase...
Nou te yon peyi ki pwospere
Nou te gen yon pakèt ewo
Nou te gen bon prezidan
Nou te gen bon sitwayen
Nou te gen bon leta
Nou te, nou te, nou te....

Jounen 17 oktòb la dwe raple n ke nou dwe goumen pou n ekri yon lòt paj nan listwa nou kòm pèp.
Yon okasyon pou n di ke nou dwe rekonèt tout erè nou fè sou bout tè sa pandan n ap detounen fas nou sou tout eskonbrit pou n mache ansanm.
Pa gen sakrifis ki twòp pou patri

Nou dwe retounen nan rasin nou...
Nou dwe Ayisyen !!

image