Bonjou tout moun🙏🏾 !
koman nou ye🙌🏾?
Jodi a se 23 Mas 2024 📅, dat ki te chwazi pou gran retou FriendzoneVibe la... Sa ki te vin malerezman pa posib ankò akoz sitiyasyon latwoublay peyi a ap fè fas depi plizyè semènn.
Dènye jou sa yo te enpòtan💆🏾♂️ pou mwen antan ke Inisyatè aktivite sosyo Kiltirèl sila a, li te sitou pèmèt mwen reyalize degre enpòtans konsèp sa ke mwen te arive kreye nan lide pou offri ak tout moun yon ti moso divètisman😁 ak kè kontan😄 nan yon peyi kote estrèss se pwodiksyon nasyonal ki pi efikas depi kèk deseni.
Post 1/2
#friendzonevibe
Aimer
Commentaire
Partagez