J8- AKTIVITE PWOMOSYON LANG KREYÒL
ANNOU REFLECHI ANSANM SOU PROGRÈ LANG KREYÒL LA !!
LANG KREYÒL LA AP FÈ TRAVÈSE LI !!
NAN LANE 1770 TE GENYEN YON PIBLIKASYON GRAMÈ KREYÒL KI TE FÈT PA J.M MAGEN .
LANG SA, JWENN ORIJIN LI DEPI NAN CHÈCHE KOMINIKE GRANGRAN PAPA NOU TE KONN FÈ DEPI LÈ YO TE NAN CHÈN ESKLAVAJ.
KONSA, GEN KREYÒL KI GEN BAZ ANGLÈ, EGZANP PA JAMAYIKEN YO, GENYEN KI GEN BAZ PÒTIGÈ, PANYÒL, FRANSÈ ELATRIYE.
LANE 1976 PRAL GENYEN YON KONGRÈ K AP KENBE CHAK ANE SOU LANG KREYÒL LA.
2014, AKADEMI LANG KREYÒL PRAL FÈ SUIT OFISYÈL TRAVAY LENGISTIK LA.
FÒK NOU TA WÈ JAN LANG SA FÈ LÒLÒJ NAN DOMÈN PWEZI, MIZIK, KILTI AK TRADISYON !
JOUNEN JODIYA, LANG KREYÒL AP MONTE PYEBWA DIJITAL LA !!
GENYEN PLATFÒM KI KREYE, GENYEN VILGARIZASYON LANG SA NAN YON LÒT NIVO !!
KISA NOU ESPERE POU LANG KREYÒL LA SOU 5 PROCHEN LANE YO ????
#kwaaze#kreyòl#langayisyen

