J8- AKTIVITE PWOMOSYON LANG KREYÒL
"ENPAK SOSYAL LANG KREYÒL NAN KOMINOTE
M AP VIV "
JODIYA SE JOU SELEBRASYON LANG KREYÒL LA, SE PRESTIJ NOU KÒM PÈP AYISYEN, NOU DWE LEVE LI WO !!!
MWEN SE YON LIDÈ KOMINOTÈ, MWEN TRAVAY NAN TOUT DEPATMAN AK PLIZYÈ KOMIN, MWEN TRAVAY TOU AK DIVÈS SEKTÈ NAN LAVI NASYONAL LA, MEN MWEN GENYEN YON ATACHMAN LANMOU POU KOTE MWEN SOTI, MWEN KA EKRI L AN GRAN LÈT
"KWADÈBOUKÈ"
NAN PLÈN DI KIL DE SAK.
CHAK FWA MWEN NAN YON TÈT AKTIVITE, MWEN PA JANM ITILIZE LÒT LANG KE KREYÒL, MWEN TRAVAY AK PÈP, LÈ MWEN AP PALE AK YO NAN LANG KREYÒL M SANTI M ATERI, SITOU NAN KESYON Y AP POZE, SITOU JAN Y AP REYAJI.
LÈ MWEN SOU REZO SOSYAL AP PWOMOTE SIJÈ ENTERÈ KOMINOTÈ....AYAYAY !!! SE SA NÈT POU M PALE KREYÒL !!
ALA TI LANG SA !!
PA DI M LI FÒKÈ, PA DI M LI VILGÈ, PA DIM LI FRANSIZE, PA DI M LÒT BAGAY.
MWEN RENMEN FÈ TRAVAY LIDÈ MWEN AN KREYÒL !!
