Jou#8
Pwogrè Kreyòl la nan sosyete nou an
Lang nan sosyete nou an se yon fenomèn lengwistik ki vrèman konplèks. Lang Ayisyen an te Marande ak yon kokenn chenn migrasyon ki t ap fèt nan Florid, yucatan pou tabli nan Sendomeng. Te genyen sou bout tè sa a Siboney yo ki te egziste depi pase mil ane avan konkèt kretyen yo. Kolòn kretyen yo ta pral pwofite dechèpiye yo, fè vyolans sou yo. Sa ta pral lakòz etni sa a disparèt se arawak yo ak karayib yo ki te ranplase yo, ki se desandan kalibi yo ki sòti nan zòn amerik sid, espesyalman nan rejyon amazòn.
Sosyete nou an genyen yon literati ki genyen pwezi popilè men kalte pwezi sa a prezan lakay tout pèp ki genyen yon egzistans nasyonal, yon lang ak anpil tradisyon . Menm literati sa pèmèt Price- mars konseye nou: " pa janm jete eritaj ansestral nou paske eritaj sa yo se yon fason pou n konsève, konsole nanm zansèt Endyen yo".
Lang kreyòl genyen enfliyans Tayino yo. Malgre zile sa a te konnen de(2) kategori moun tankou: Tayino yo ki se yon popilasyon ki vrèman pasifik ak pèzib, epi tou karayib yo ki se yon kategori moun ki vrèman vyolan ki te toujou ap batay ak Tayino yo nan lide pou yo soumèt yo eleman kiltirèl yo: parekzanp, lang LUCAYOS la . Lang Sila a t ap twoke kòn li ak lang majorite popilasyon an te pale, lang MARCORIX ki se lang popilè Tayino yo.
Lang kreyòl la ta eritye bon kèk richès nan lang Tayino yo. Vodou ak lang kreyòl la jwenn jèvrin nan kil Tayino yo. Lang Tayino a genyen yon enpòtans kapital sitou nan konprann siyifikasyon : Ayiti, Hayti, Hayhiti ou ayhiti. Nan yon lòt bò Kiskeya ou keskeia; nan lang fenisyen ki vle di zile ki plen richès. Si n ap byen konprann òtograf HAITI a pa vin lontan , se nan ankouraje ipokrizi dirijan yo ki makònen ak istwa peyi sa a rive pran fòm òtagraf sa nan men Lafrans men nan lang Tayino a Ayiti vle di: Ay ou Hay( tè, zile) , Iti(fanm) konsa nou dwe konprann li se zile epi tè fanm yo.
Se te nan dat 18 Sektanm 1979 yon dekrè prezidansyèl t ap ofisyalize lang kreyòl la ki pral vin rantre nan lansèyman avèk refòm Bèna nan dat 31 Janvye 1980. Konstisyon 29 mas 1987 la ki vin ratifye l nan palman Ayisyen an nan atik 5 ki di lang kreyòl la se lang tout Ayisyen pale.
Nou vin gen plizyè moun ki fè anpil pwomosyon pou lang kreyòl la tankou :Robert Berrouët-Oriol , Oswald Durand ki ekri pwezi an kreyòl nan literati ayisyèn nan, Choukoun se yon ekzanp , Georges Sylvain ki pibliye liv an kreyòl an 1901 ki te rele Cric Crac. Ekriven ayisyen tankou :Milo Rigaud ki fè yon rekèy ki rele Taso an 1933 epi lòt tankou : Dieudonné Fardin, Rassoul Labuchin , elatriye.
Avèk gwo kout men Ministè Edikasyon Nasyonal vin fè lè li parèt avèk yon grafi ofisyèl pou moun ekri an kreyòl, kreyòl la vin ap taye banda epil vin pran yon lòt ekstansyon, w ap vin jwenn moun tankou: Enock Trouillot, Ulysse Pierre-Louis, Pradel Pompilus ak lòt otè ki vin bay lang kreyòl la plis jarèt toujou tankou : Franketienne ki pibliye woman an kreyòl egzanp Dezafi nan lane 1975 epi li ekri anpil pyès teyat an kreyòl kote anpil moun antèrese ak yo epi renmen yo tankou: Pèlen tèt, Bobomasouri, Kaselezo.
Nou p ap bliye tou travay anpil entèlektyèl nan lang kreyòl la tankou: memwa lisans yo , epi anpil legliz ki fè prèch an kreyòl ki menm pwodwi liv an kreyòl tankou : temwen Jewova.
San bliye site kèk òganizasyon k ap fè pwomosyon atravè edikasyon popilè tankou Tk( Ti peyizan Tèt Kole, MPP( mouvman peyizan papay) ki regwoupe yon platfòm ki rele 4je ki genyen yon travay y ap fé andan sosyete atravè Lekòl Fòmasyon Politik Charlemagne peralt nan lide pou fòme jèn yo nan sa ki rele ideyoloji ak fòmasyon politik ki regwoupe jèn nan tout peyi a epi se yon fòmasyon ki fèt an kreyòl ( dokiman, konferans ,ekspoze) ki baze sou apwòch patisipativ epi n ap sonje( FLA ) Fakikte Lengwistik Aplike ki jwe yon wòl enpòtan sitou nan vilgarizasyon ak piblikasyon an kreyòl epi anpil lòt aparèy ideyolojik, platfòm dijital si n ta site Kwaaze, elatriye
Pou n fini n ap di se lang ki bay yon sosyete valè, se gras ak lang ki fè sa w ap fè a genyen plis valè nan je moun. lang kreyòl nou an trè pwogrese nan sosyete Ayisyèn nan parapò avèk yon pakèt efò ki te fèt, k ap fèt epi k ap kontinye fèt. Li rete pou enstans ki konsène yo travay pou gen dokiman ki disponib pou chèchè yo , elèv yo ,etidyan yo ak inivèsitè yo jwenn kantite bagay pou yo kapab pwodwi k ap itil sosyete Ayisyèn nan.