# # # @ # #refleksyon sou pwogrè kreyòl la nan sosyete nou an
Lang nan pwodiksyon sosyete ayisyen an : Istorik, fòs pouvwa ak konsyantizasyon.
Sosyete ayisyèn nan fè gwo pwogrè nan kraze estigma kont moun ki andikape, epitou nan elimine anpil obstak ki jennen lavi yo chak jou. Anpil òganizasyon ayisyen k ap travay ak moun ki andikape konsantre prensipalman pou satisfè bezwen debaz yo, men gen yon mank sipò ki disponib pou ede yo entegre konplètman nan sosyete a ak nan ekonomi lokal la. la sipòte solisyon kominote yo pote pou ede moun ki andikape yo elaji opòtinite ekonomik ak enklizyon sosyal yo atravè mikwo-antrepriz dirab. Benefisyè nou an, Association d’Aide des Techniciens pour les Personnes Handicapées ap amelyore kalite lavi ak entegrasyon moun ki andikape yo nan sosyete a gras ak terapi fizik li bay, kanpay sansibilizasyon kominotè ke li mennen, fòmasyon pou konpetans travay ke li founi, epi gras ak ogmantasyon aksè a kredi pou moun ki andikape yo. Envestisman estratejik sa yo nesesè pou ogmante revni, vizibilite ak otonomi moun ki andikape yo nan sosyete Ayisyèn nan.Pandan de (2) syèk ki sot pase yo, koze lang se yon eleman ki patisipe nan bati yon sosyete mi wo mi ba ann Ayiti. Depi lè nasyon an pran nesans, moun ki gen pouvwa erije tèt yo an reprezantan e defansè aparèy kiltirèl ansyen kolon yo. Kon sa, moun sa yo rive jwenn mwayen politik pou enpoze lang ak kilti fransè a antan y ap toupizi lang kreyòl la ak tout moun ki pale li. Nan atik sa a, nou chita sou analiz dispozitif legal ak règlemantè (konstitisyon, amannman konstitisyonèl, kòd, lwa, dekrè) ki tabli pou kontwole lang nan peyi a depi nan moman fondasyon nasyon an pou rive jouk jounen jodi a. An plis, nou apiye sou done nou kolekte nan sèt entèvyou ak yon seri obsèvasyon sou jan lang itilize nan kèk espas sosyal nan peyi a. Eleman sa yo pèmèt nou fè yon analiz sosyo istorik sou kèk dispozitif ki chita sitiyasyon lengwistik mi wo mi ba nan peyi a depi lè nasyon an fonde, epi konprann wòl lang nan pwodiksyon sosyete ayisyen an pandan plis pase de (2) syèk. Se kon sa nou rive konprann fondasyon ideyolojik ak konsekans sosyal chwa politik ki te toujou fèt sou zafè lang nan peyi a. Ann apre, nou fè yon analiz sou kèk aspè sitiyasyon lengwistik nan peyi a jounen jodi a. Kon sa, atik la tou analize jan yon seri aktè batay pou pran gouvènay sitiyasyon lengwistik peyi a epi poze aksyon, san pran souf, pou yo eseye tabli jistis lengwistik nan peyi a. Atik sa a ap ede nou konprann nesesite pou nou reflechi sou nouvo pratik konsyantizasyon endividyèl ak kolektif ki gen pou wè ak pwoblematik lang ann Ayiti.