Jou #7

Evolisyon mizik tradisyonèl nan kilti kreyòl la

Mizik egziste depi nan tan lontan, nan epòk premye sivilizasyon yo (Lejip, Izrayèl, Lachin, Lend, Lagrès….). Li se yon atizay ki vrèman laj paske li varye selon diferan kilti ak epòk istorik yo.Depi nan tan lontan mizik te gen anpil enpòtans, e lezòm te konn itilize l pou divès bagay. Nou jwenn yo sèvi ak li nan seremoni relijye, nan rityèl maji pou enkantasyon, nan jaden lè gen konbit. Anplis de sa, nou jwenn yo itilize mizik anpil pou anmizman ak nan dans, pou divès kalte lòt seremoni, kanaval ak festival.Yo sèvi ak mizik nan ansèyman ak aprantisaj timoun. Mizik sèvi tou nan swen ak nan tretman kèk maladi: pratik sa rele mizikoterapi. (google)


Nan peyi Ayiti kòm tout lòt peyi ki sou tè a Mizik se yon atizay ki konbine plizyè son ki agreyab nan zòrèy moun yo .Se yon Atizay ki konpoze 2 eleman fondamantal ki se: Rit mizikal la ki se varyasyon dire son yo ak silans ki nan mizik la epi melodi a men m se varyasyon wotè son yo youn aprè lòt.
Nan mizik tradisyonèl yo, abiman yo , dans yo vann kòm imaj ki rann kilti nou yo gen plis valè gen plis je ki fikse sou li epi lirik ki nan mizik tradisyonèl yo souvan chante an kreyòl , yo adrese divès tèm, soti nan lanmou ak lajwa rive nan pwoblèm sosyal ak politik.

Mizik tradisyonèl yo tankou nan twoubadou , rara yo , kanaval yo, Kompa ak rap , elatriye reflete ekspresyon lajwa ak sansyalite ak anpil nan reyalite nou yo , yo menm depase fwontyè peyi Ayiti pou franchi etap entènasyonal yo.
Mizik tradisyonèl yo ede lang kreyòl la rive lwen atravè mond lan pandan yo pote anpil chalè ak vitalite kilti nou yo. Sitou Festival mizik tradisyonèl yo atire anpil fanatik atravè mond lan ki rive bay jarèt ak mizik tradisyonèl yo .

Nou kapab konkli pou n di mizik tradisyonèl yo se yon atizay nan kilti nou ki reflete istwa ak rezistans nou epi divèsite mizik tradisyonèl ki nan kilti kreyòl la se yon atizay ki pèmèt yon evolisyon kontinyèl chak jou k ap rann lang kreyòl la plis vilgarise atravè divès prestasyon nan nivo lokal, nasyonal ak entènasyonal.

image