Inovasyon nan edikasyon an kreyòl tankou aplikasyon oswa zouti digital Ayiti konbine tou lè twa faktè sa yo (lang matènèl, aprantisaj entèraktif, teknoloji) pou n modènize epi demokratize sistèm edikatif ayisyen an pou n mennen l nan direksyon yon edikasyon ki gen bon kalite pou tout moun. An nou entèprete pawòl « tout moun » sa a nan yon sans ki lajman laj nèt — san nou pa mete okenn klas sosyal, okenn rejyon nan peyi a sou kote. Enben, « aprantisaj entèraktif » se lè etidyan yo ap aprann pandan y ap bati pwòp konesans yo. Kon sa, yo fè aktivite ki chita sou travo pratik, sou rechèch, sou esperimantasyon ak dekouvèt, sou patisipasyon ak kolaborasyon, sou brase lide an gwoup, e latriye.
Pou n pwofonde konsèp « aprantisaj entèraktif » la, an nou gade aktivite k ap fèt ann Ayiti nan seminè fòmasyon MIT-Ayiti sa yo pou anseyan nan nivo lekòl segondè ak inivèsite. Anseyan k ap anime atelye fòmasyon yo (ayisyen natifnatal tankou pwofesè etranje yo) chofe nèt paske yo wè jan yo ka amelyore ansèyman ak aprantisaj lè zouti nimerik ak lòt bon jan materyèl edikatif vin makonnen ak lang matènèl ti moun yo.
Zouti nimerik yo se tankou laboratwa « vityèl » sou òdinatè ki ka sèvi pou travo pratik nan inivèsite ak lekòl segondè ki pa ko rive jwenn laboratwa « reyèl » pou S.T.En.M.
Epi tou, lè nou di « teknoloji », nou pa sèlman ap pale de teknoloji sou òdinatè. Nou sèvi tou ak lòt teknoloji ki pa mande ni kouran, ni aparèy elektwonik. Sa enpòtan anpil pou n byen konprann ke aprantisaj entèraktif pa oblije sèvi ak aparèy ki mande gwo depans oswa sikui elektwonik ak kouran. Wi, atelye MIT-Ayiti yo sèvi tou ak materyèl ki pa bezwen ni elektrisite, ni òdinatè e ki disponib fasil : dlo, sèl, elastik, resò, wòch, gode, tiyo, fil, mab, e latriye. Materyèl sa yo ka kreye « laboratwa bon mache » ki disponib tout kote nan peyi a e ki chita sou kilti ti moun yo