# @ # # kijan devlopman ekonomik lye AK itilizasyon kreyòl nan sosyete a kreyòl la itil sosyete a anpil e li pou bokou nan devlopman ekonomik lan Nan yon mond ki ap mondyalize tèt li chak jou pi plis epi ki kote moun tout peyi, tout ras, tout kilti, tout lang ap sikile toupatou, kote fwontyè ant peyi yo sanble vle disparèt, kesyon difizyon lang tout kalite nan dinamik mondyalizasyon sa a poze san kontestasyon. Sitiyasyon kontak lang sa a antre byen fon nan kesyon mobilite entènasyonal ki se youn nan eleman ki karakterize mondyalizasyon an ki pwofite yon seri lang plis pase lòt. Ki chans kreyòl yo genyen pou yo fè plas pou tèt yo nan devni mond lan ki ap oryante bò kote rapwòchman enstitisyon, men tou, bò kote elwayman sosyete endijèn yo parapò ak sosyete oksidantal yo paske premye yo pratike yon seri lang mondyalizasyon an pa bay enpòtans ? Kòman kreyòl ayisyen an sikile andedan mondyalizasyon sa a ? Epi kòman li kapab rive benefisye pwomosyon fenomèn modèn sa a ofri lang diferan eta ki konpoze mond lan ?

Youn nan chans kreyòl la genyen, se rive nan yon nivo devlopman ki pou pèmèt li vini yon lang etranje yo anseye nan anpil kote sou latè, epi kote etranje kapab vini aprann li ann Ayiti andedan kominote ayisyen an.

Konsa, mwen divize konferans mwen an an 2 pati. Nan premye pati a, mwen ap etidye, degaje mwayen avèk posiblite nou genyen pou nou fè kreyòl la tounen yon lang yo anseye / aprann tankou yon lang etranje, sètadi ki posede yon dispozitif didaktik avèk metodolojik fòmèl ki pou fasilite travay sa a. Nan dezyèm pati a, mwen ap dekri pratik kreyòl ayisyen an andedan fenomèn mondyalizasyon an. Ni nan youn ni nan lòt ka a, mwen ap debouche sou yon seri pwopozisyon ki pou pèmèt nou rive kote mwen swete nou rive a.


I. Ansèyman kreyòl ayisyen kòm lang etranje

Jounen jodi a, nou wè yo ap jeneralize ansèyman ak aprantisaj anpil lang kòm lang etranje. Sa se youn nan egzijans mondyalizasyon an ki fè moun deplase plis pase avan epi gen plis nesesite pou kominike ak moun nan divès peyi nan divès lang. Paske youn nan karakteristik mondyalizasyon an se kontak moun divès peyi, divès kilti, donk divès lang. Lang etranje sa yo jwe yon gwo wòl nan espansyon mondyalizasyon an ki tounen yon pasaj oblije pou tout peyi ki pa vle fèmen kò li tankou yon zile.

Sepandan, si nan kontèks globalizasyon jeneralize sa a, gran lang yo jwenn yon kout pous pou yo etann kò yo nan anpil kominote, ti lang yo rele lang domine yo pa benefisye granchoz nan sa. Paregzanp, kreyòl ayisyen an, malgre li se yon lang yo rekonèt ofisyèl nan peyi Etazini, nan Leta Florid (an patikilye nan vil Miyami) ak nan Leta Nouyòk, epi yo konsidere li kòm lang kreyòl ki pi avanse nan mitan tout lòt yo, li panko benefisye anyen nan posiblite mondyalizasyon ofri.

image