J6-AKTIVITE PWOMOSYON LANG KREYÒL
"ENPÒTANS LIDÈCHIP KOMINOTÈ NAN PWOMOSYON LANG KREYÒL"
ESKE NENPÒT AYISYEN KA IDANTIFYE PÒTRÈ 《SANITE BELAIR》
LI TE GENYEN YON TI SINON "SUZANNE"
LIDÈCHIP YON KOMINOTE KÈLKESWA EPÒK LA MEN TRAVAY FANM SA TE SAN PARÈY !!
LI TE FÈT NAN LANE 1781, SE TE MOUN VÈRÈT, SE TE YPN AFRANCHI. LI TE RIVE RETE AK KOUZEN TOUSEN KI TE RELE CHARLES BELAIR.
FANM SA TE GOUVÈNE GROUP LAME KI T AP PARE POU KONBAT NAN BATAY ENDEPANDANS LA, PO SA TE REYALIZE AK SIKSÈ.
SE PÒTRE LI KI SOU BIYÈ 10 GOUD AYISYEN AN.
LI MOURI, LI MENM AK MARI LI, AN BRAV, JAN LI TE PRONONSE. KONDISYON AN SE POU YO TE DEKAPITE L , MARI L MENM POU YO FIZYE.
LÈ YO RIVE SOU LI, TANK LI REBÈL, LI PAT VLE YO BOUCHE ZYE L, YO TE BLIJE FIZYE L.
LIDÈ KOMINOTE DWE GEN ATITID VANYAN, MOBILIZATÈ, RANFÒSE, OPTIMIS, KOURAJ, SAN PAS POU KI, ENTÈG, LWAYAL, SAJ LÈ W AP PRAN KÈLKESWA DESIZYON EPI INIVÈSÈL NAN LANGAJ KOMINOTE W AP EVOLYE A POU W KA BYEN ATERI PROJÈ YO !
OCHAN SANITE BELAIR !!!
#mosolistwa#kwaaze#kreyòl#lidèkominotè#fanmvanyan
Claudemay PIERRE
Tanggalin ang Komento
Sigurado ka bang gusto mong tanggalin ang komentong ito?
Lyncée Charles
Tanggalin ang Komento
Sigurado ka bang gusto mong tanggalin ang komentong ito?