Jou#6
enpòtans lidèchip kominotè nan pwomosyon lang kreyòl la

Lidèchip kominotè yo jwe yon wòl enpòtan nan pwomosyon lang kreyòl la , se yo k ap mennen kominote a, yo toujou gengen plis valè nan kominote a , tout moun toujou bezwen tande yo , lè se yo ki pase yon mesaj li genyen plis fòs pou l rive sou moun yo epi yo toujou genyen yon volonte ak detèminasyon .

Kominote a toujou ap tann ki desizyon y ap pran paske se yon gwo bwa yo ye nan kominote a . Se sak fè pwopaje lang kreyòl la vin plis fasil pou lidè yo fèl rive plis lwen epi plis vit nan zòrèy moun yo depi yo pase yon lòd majorite moun ap aplikel.
Tout sa k ap fèt nan kominote a se mo pa yo y ap tann , depi yo di tout fòmasyon, edikasyon kèlkeswa pou jèn , pou granmoun dwe fèt nan lang kreyòl la yo fini.
Yo se sèl moun ki genyen yon popilasyon k ap swiv epi kwè nan tout desizyon y ap pran , vwa yo rive lwen paske tout moun tout ap mande si lidè yo pat di anyen.
Yo gen yon gwo enfliyans sou kilti ak idantite kominote a depi yo vle yo kapab.

image