J5- AKTIVITE PWOMOSYON LANG KREYÒL
"HASHTAG KI DEMONTRE KREYÒL LA KAPAB SÈVI KÒM ZOUTI NAN BIZNIS"


YOUN NAN OPSYON KI ALAMÒD DÈNYE ANE SA YO, SE TEKNIK KI RELE 《MAKETIN DIJITAL》LA.

SE YON KONSÈP KE BIZNIS YO ITILIZE ANPIL ANPIL !
SE ITILIZASYON PAJ WEB LA TANKOU REZO SOSYAL YO, PLATFÒM AK PAJ ENTÈNÈT ELATRIYE... POU FÈ :
1-PWOMOSYON
2-PIBLISITE
3-ANONS
AK LÒT STRATEJI POU BYEN AK SÈVIS KE BIZNIS LAN AP VANN OSWA PWODUI.
SI YON BIZNIS VLE RIVE SOU PIBLIK AYISYEN AN, LI PLIS ITILIZE KREYÒL POU AKTIVITE WEB LA.

SA PÈMÈT LI RIVE SOU POPILASYON AN PI BYEN EPI PLIS MOUN NAN KOMINOTE KREYÒL LA ADOPTE BYEN AK PWODUI L AP OFRI A.
**PAFWA, SE LIBÈTE POU KÒMANTE , POU PATAJE, POU TANDE AVI PIBLIK LA KI MONTRE ENPÒTANS LANG KREYÒL KE BISNIZ LAN ITILIZE.

"DIFISIL POU W JWENN KÒMANTÈ AN FRANSE"
#kwaaze#kreyòl#biznis

image