1Ayiti ap travèse yon kriz edikasyon ki gen pou wè avèk yon pwoblèm literasi nan yon kontèks bilengwis kote se fransè ki lang prensipal ansèyman, malgre se kreyòl ki premye lang tout Ayisyen ki metrize li aloral san pwoblèm. Yo pratike kreyòl nan tout sitiyasyon kominikasyon, alòske se yon ti ponyen Ayisyen ki pratike fransè nan kèk sitiyasyon fòmèl. Poutan, Ayisyen devlope yon konpòtman diskrimintwa kont kreyòl la. Nou rele manifestasyon konpòtman diskrimintwa sa a kreyolofobi, yon atitid ki valorize fransè epi minorize kreyòl.