Jou#5
Motivasyon kominote a
Peyizan nan zòn toulejou te konn pran dlo nan yon sous dlo kote menm bèt te konn vin bwè ladann tou paske l pat bare.
Yon jou yonn nan peyizan sa yo gen yon ide pou wè kòman yo te ka kapte sous la , se konsa yon jou li sanble tout moun ki gen nan kominote a pou l pataje ide a ak yo. Se konsa nan rankont lan yo defini tout materyo y ap bezwen yo epi yo tou dyaloge sou kantite chak moun ap ka jwenn kòm patisipasyon, yo planifye ak bòs. Se konsa yo mete men ansanm, yo achte materyo ki pat genyen nan kominote a epi yo bwote yo , yo chèche materyo ki genyen nan kominote a pou travay kaptaj la kòmanse . Ebyen , aprè yon titan sous la fin kapte. Moun yo vin pa pran dlo kote bèt ap bwè ankò.
Tout travay men ansanm sa a rive reyalize se gras ak lang kreyòl la kote yonn te konprann lòt nan deba yo te gen ansanm, sa montre lèw bay lang ou valè genyen yon pakèt pwoblèm ou ka pote solisyon ak yo nan kominote w.